Kontantman se yon bagay nou aprann/Seyè a bay
Si nou wè m'ap pale konsa, se pa paske koulye a mwen nan nesesite. Paske nan lavi, m' aprann kontante tèt mwen ak sa m' genyen. Mwen konnen sa ki rele viv nan mizè, mwen konnen sa ki rele viv nan richès. Kit mwen pa gen ase, kit mwen gen plis pase sa m' bezwen, nan tout sikonstans m' aprann kontante tèt mwen toupatou ak sa mwen genyen. Nenpòt sitiyasyon ki parèt devan mwen, m'ap degaje m', gremesi Kris la ki ban mwen fòs kouraj. (Filip 4:11-13)
Rete kontan/pa enkyete paske Seyè a se moun ki bay nou sa nou bezwen
Se poutèt sa, mwen di nou: Pa bat kò nou pou sa nou bezwen pou manje ak bwè pou viv, ni pou rad nou bezwen pou mete sou kò nou. Eske lavi a pa pi konsekan pase manje? Eske kò a pa gen plis valè pase rad? Gade zwazo k'ap vole nan syèl la: yo pa plante, yo pa fè rekòt, yo pa sere anyen nan galata. Men, Papa nou ki nan syèl la ba yo manje. Eske nou pa vo pi plis pase zwazo yo? Kilès nan nou, afòs li fè tèt li travay, kapab mete kèk lanne an plis sou lavi l'? Poukisa pou n'ap bat kò nou pou rad pou nou mete sou nou? Gade ki jan flè raje yo pouse nan savann. Yo pa travay, yo pa fè rad. Malgre sa, m'ap di nou sa, wa Salomon ki wa Salomon, ak tout richès li yo, pa t' gen bèl rad tankou yonn nan flè sa yo. Se konsa Bondye abiye pye zèb yo ki la nan jaden an jòdi a, men denmen yo jete sa nan dife pou chofe fou. Nou pa bezwen mande si li p'ap abiye nou tou. Ala manke nou manke konfyans nan Bondye! Pa chaje tèt nou ak yon bann keksyon: Kisa n' pral manje? Kisa n' pral bwè? Kisa n' pral mete sou nou? Tout bagay sa yo, se moun lòt nasyon yo k'ap kouri dèyè yo tout tan. Men nou menm, nou gen yon Papa nan syèl la ki konnen nou bezwen tout bagay sa yo. Pito nou chache bay bagay peyi Wa ki nan syèl la premye plas nan lavi nou, chache viv jan Bondye vle l' la anvan. Lè sa a, Bondye va ban nou tout lòt bagay sa yo tou. Se sa ki fè, pa chaje tèt nou pou denmen, paske denmen va gen zafè pa li. Chak jou gen kont chay pa yo. (Matye 6:25-34)
Apre sa, Jezi di disip li yo: Se poutèt sa mwen di nou: Pa bat kò nou pou manje nou bezwen pou nou viv, ni pou rad nou bezwen pou mete sou nou. Lavi pi konsekan pase manje, kò pi konsekan pase rad. Gade zwezo yo rele kònèy la: yo pa plante, yo pa fè rekòt; yo pa gen ni depo ni galata. Men, Bondye ba yo manje. Nou menm nou vo pi plis pase zwezo yo, pa vre? Kilès nan nou ki ka mete kek lanne an plis sou lavi l' afòs li fè tèt li travay? Si nou pa ka fè bagay ki pi piti a, poukisa pou n'ap bat tèt nou pou lòt bagay yo? Gade ki jan flè raje yo pouse: yo pa travay, yo pa fè rad. Men, m'ap di nou sa: Wa Salomon ki wa Salomon, ak tout richès li yo, li pa t' gen bèl rad tankou yonn nan flè sa yo. Se konsa Bondye abiye pye zèb yo tou: jòdi a yo la, men denmen yo jete sa nan dife pou chofe fou. Se sak fè, se pa nou menm li pa ta abiye. Ala moun manke konfyans nan Bondye! Pa bay kò nou traka pou n' toujou ap chache sa pou n' manje ak sa pou n' bwè. Tout bagay sa yo, se moun lòt nasyon sou latè yo k'ap chache yo tout tan san rete. Men nou menm, nou gen yon Papa ki konnen nou bezwen tout bagay sa yo. Pito nou chache bay bagay peyi kote Bondye Wa a premye plas nan lavi nou, konsa Bondye va ban nou tou sa nou bezwen. (Lik 12:22-31)
Pa kite renmen lajan pran nanm nou. Se pou nou kontan ak sa nou genyen. Paske Bondye te di: Mwen p'ap janm vire do ba ou, mwen p'ap janm lage ou. Konsa, nou kapab di avèk konfyans: Se Bondye k'ap vin ede mwen. Mwen pa pè anyen. Kisa moun ka fè mwen? (Ebre 13:5-6)
Rete kontan lè bezwen debaz lavi yo satisfè
Se sak fè, si nou gen dekwa manje, si nou gen rad pou mete sou nou, sa dwe kont nou. (1 Timote 6:8)
Rete kontan ak salè ou
Kèk sòlda tou mande li: E nou menm, kisa pou nou fè? Li reponn yo: Pa fè brital ak pesonn. Pa fè manti sou pesonn pou pran lajan nan men yo. Fè kè nou kontan ak sa yo peye nou an. (Lik 3:14)
Kontantman soti sitou nan yon dezi pou Kris
Se ou menm sèl mwen gen nan syèl la. Mwen pa gen lòt. Se ou ki tout plezi m' sou latè. (Sòm 73:25)
Kontantman ak lakrentif Bondye pote gwo benefis
Nan yon sans se vre. Sèvis Bondye a se yon gwo richès pou yon moun si l' kontan ak sa li genyen an. (1 Timote 6:6)
Mari yon fanm adiltè p ap janm kontan
Li p'ap asepte lajan. Nanpwen kado ki pou fè l' bliye sa. (Pwovèb 6:35)