Bondye se mèt tout bagay
Bondye se mèt tout sa ki sou tè a
Li beni Abram, li di. Se pou Bondye ki anwo nan syèl la, li menm ki fè syèl la ak latè a, beni Abram. (Jenèz 14:19)
Abram reponn wa Sodòm lan, li di l'. Mwen fè sèman devan Seyè a, Bondye ki anwo nan syèl la, li menm ki fè syèl la ak latè a, (Jenèz 14:22)
Moyiz di l' konsa: -Soti m' soti lavil la, mwen pral lapriyè nan pye Seyè a. Loraj la va sispann, p'ap gen lagrèl ankò. Konsa w'a konnen tè a se pou Seyè a li ye. (Egzòd 9:29)
Koulye a menm, si nou koute sa mwen di nou, si nou kenbe kontra mwen an, se nou menm m'ap chwazi pou moun pa m' nan mitan tout pèp ki sou latè. Tout latè se pou mwen, se vre. (Egzòd 19:5)
Gade non! Se pou Seyè a syèl la ak tou sa ki anwo nèt nan syèl la ye. Se pou li latè ak tou sa ki ladan l' lan ye. (Deteronòm 10:14)
Seyè, ou gen pouvwa, ou gen kouraj! Se pou ou tout lwanj. W'ap donminen sou tout bagay pou tout tan. Tou sa ki nan syèl la ak sou latè a se pou ou yo ye. Se ou menm Seyè ki sel wa, paske ou sèl chèf sou tout bagay. Men, kisa m' ye, kisa pèp mwen an ye menm, pou m' ta kapab ofri ou tout bagay sa yo ak tout kè nou? Se nan men ou tout bagay sa yo soti, se nan sa nou resevwa nan men ou n'ap ba ou. Seyè, ou konnen, devan ou se pase n'ap pase tankou moun k'ap vizite, menm jan ak tout zansèt nou yo. Lavi nou sou latè tankou yon nwaj k'ap pase. Wè pa wè fòk nou mouri. Seyè, Bondye nou, nou pare tout richès sa yo pou bati yon kay pou ou, ou menm ki yon Bondye apa. Men, se nan men ou yo tout yo soti, se pou ou yo tout ye. (1 Istwa 29:11, 14-16)
Ki moun ki ka atake l' san anyen pa rive l'? Pa gen moun sou latè ki ka fè sa. (Jòb 41:11)
Se yon sòm David. Se pou Seyè a tè a ye ansanm ak tou sa ki sou li. Se pou Seyè a lemonn antye ansanm ak tou sa k'ap viv ladan l'. (Sòm 24:1)
Si m' te grangou, mwen pa ta janm bezwen di ou sa, paske tout tè a ansanm ak tou sa ki ladan l', se pou mwen yo ye. (Sòm 50:12)
Leve non, Bondye, vin jije latè! Paske, se pou ou tout nasyon yo ye. (Sòm 82:8)
(089:12) Syèl la se pou ou ansanm ak latè a. Se ou ki kreye lemonn antye ak tou sa ki ladan l'. (Sòm 89:11)
Se li menm ki kenbe fondasyon tè a nan men l'. Se pou li tout tèt mòn yo ye tou. Se pou li lanmè a ye, paske se li ki fè l', latè a tou, paske se li ki ba l' fòm ak men l'. (Sòm 95:4-5)
Seyè, ou fè anpil bagay! Ou fè yo avèk bon konprann. Latè plen ak bagay ou fè. (Sòm 104:24)
Paske, jan sa ekri nan Liv la: Se pou Mèt la tè a ye ansanm ak tou sa ki ladan l'. (1 Korint 10:26)
Parabòl ki montre Bondye se mèt
Vwala, se va tankou yon nonm ki tapral pati pou yon vwayaj. Li rele domestik li yo, li mete yo reskonsab byen li yo. Li bay yonn senkmil (5.000) goud, li bay yon lòt demil (2.000) goud, li bay yon twazyèm mil (1.000) goud. Konsa li bay yo chak dapre sa l' konnen yo ka fè. Lèfini, li pati. Lamenm, domestik ki te resevwa senkmil (5.000) goud la al fè lajan an travay. Li rapòte l' senkmil (5.000) goud benefis. Konsa tou, domestik ki te resevwa demil (2.000) goud la fè demil (2.000) goud benefis. Sa ki te resevwa mil (1.000) goud la menm ale, li fouye yon twou nan tè, li sere lajan mèt la. Lontan apre sa, mèt domestik yo tounen, li pran fè regleman ak yo. Domestik ki te resevwa senkmil goud la pwoche, li pote senkmil goud benefis la ba li, li di: Mèt, ou te ban mwen senkmil goud. Men senkmil goud benefis mwen fè. Mèt la di l': Sa se bèl bagay. Ou se yon bon domestik ki travay byen. Paske ou fè ti travay sa a byen, m'ap mete ou reskonsab pi gwo zafè toujou. vin fè fèt avèk mèt ou. Domestik ki te resevwa demil goud la pwoche apre sa, li di: Mèt, ou te ban mwen demil goud, men demil goud benefis mwen fè. Mèt la di l': Sa se bèl bagay. Ou se yon bon domestik ki travay byen. Paske ou te fè ti travay sa a byen, m'ap mete ou reskonsab pi gwo zafè ankò. vin fè fèt avèk mèt ou. Apre sa, domestik ki te resevwa sèlman mil goud la pwoche, li di: Mèt, mwen konnen ou se yon nonm ki di. Ou rekolte kote ou pa t' simen, ou ranmase kote ou pa t' plante. Mwen te pè, se sak fè mwen te al sere mil goud ou a anba tè. Men, pran lajan ou. Mèt la reponn li: Gade jan ou se yon move domestik, ou parese konsa! Ou te konnen mwen rekolte kote mwen pa t' simen, mwen ranmase kote mwen pa t' plante. Enben, se pou ou te mete lajan m' labank. Lè m' ta tounen, mwen ta wete manman lajan an ak yon enterè sou li. Wete mil goud la nan men l', pran l' bay sa ki gen dimil (10.000) goud la. (Matye 25:14-28)
Seyè a kenbe tout bagay ansanm
Pitit sa a reflete limyè bèl pouvwa Bondye a, se bon pòtre Bondye li ye. Se li menm k'ap soutni tout bagay ak pouvwa pawòl li. Lè li fin delivre moun anba peche yo, li moute chita anwo nan syèl la, sou bò dwat Bondye, Gran Wa a. (Ebre 1:3)
Kris la te la anvan tout bagay. Se nan li yo tout jwenn plas yo. (Kolòs 1:17)
Byen espesifik Bondye posede
Tè
Yon tè pa fèt pou vann pou tout tan, paske tè a pa pou nou, se pou mwen li ye. Nou menm, nou tankou moun lòt peyi ki rete lakay mwen: mwen ban nou dwa sèvi sou tè a. (Levitik 25:23)
Lò ak lajan
Ou pran bijou lò ak bijou ajan mwen te ba ou yo, ou bay yo pou yo fè estati gason. Epi ou kouche ak estati yo. (Ezekyèl 16:17)
Se pou mwen tout lò ak tout ajan sou latè ye. Se Seyè ki gen tout pouvwa a menm ki di sa. (Aje 2:8)
Bèt
Paske, tout bèt ki nan bwa, se pou mwen yo ye. Tout kantite bèt ki nan mòn yo, se pou mwen yo ye tou. Mwen konnen tout zwezo k'ap vole nan mòn yo. Tout zannimo ki nan savann, se pou mwen yo ye. (Sòm 50:10-11)
Bondye kontwole chak evènman
Seyè a kontwole tout evènman sou tè a
Seyè, ou gen pouvwa, ou gen kouraj! Se pou ou tout lwanj. W'ap donminen sou tout bagay pou tout tan. Tou sa ki nan syèl la ak sou latè a se pou ou yo ye. Se ou menm Seyè ki sel wa, paske ou sèl chèf sou tout bagay. Se nan men ou tout richès ak tout byen soti. Ou gouvènen tout bagay avèk fòs ponyèt ou ak pouvwa ou. Se ou menm ki bay tout moun pouvwa ak fòs. (1 Istwa 29:11-12)
Li fè sa li vle nan syèl ak sou latè, sou lanmè ak nan fon lanmè. (Sòm 135:6)
Moun tire kat pou yo konnen sa pou yo fè. Men, desizyon an se nan men Bondye li ye. (Pwovèb 16:33)
Se Seyè a ki louvri chemen devan nou. Ki jan lèzòm ka rive konprann lavi? (Pwovèb 20:24)
Li di: -benediksyon pou Bondye pou tout tan tout tan. Se li ki gen tout konesans, se li ki gen tout fòs. Li kontwole sezon yo ak lè pou chak bagay rive. Se li ki desann wa yo, se li ki moute wa yo. Se li ki bay nèg save yo bon konprann ak nèg lespri yo konesans. (Danyèl 2:20-21)
Seyè a pèmèt sitiyasyon difisil rive
Tout frè ak sè l' yo ansanm ak tout ansyen zanmi l' yo vin wè li. Yo fè fèt avè l' lakay li. Yo fè l' konnen jan sa te fè kè yo mal pou li pou tout malè sa yo Seyè a te voye sou li. Yo fè l' pran kouraj. Yo chak yo fè l' kado yon pyès ajan ak yon bag lò. (Jòb 42:11)
Mwen fè sa pou tout moun sou latè, depi kote solèy leve jouk kote solèy kouche, ka konnen pa gen lòt bondye pase mwen menm! Se mwen menm ki Seyè a. Pa gen lòt! Mwen mete limyè, mwen mete fènwa! Mwen bay kè poze, mwen bay kè sote. Se mwen menm Seyè a ki fè tou sa. (Ezayi 45:6-7)
Depi Bondye Sèl Mèt la pale, se fini! Sa l' di se sak fèt. Tou sa ki rive an byen osinon an mal, se li menm ki penmèt sa. (Plenn 3:37-38)
Ou janm wè yo kònen klewon pou fè konnen lagè pral konmanse pou kè moun pa kase? Eske malè ka tonbe sou yon lavil si se pa Seyè a ki lakòz? (Amòs 3:6)
Seyè a sèvi ak chak sitiyasyon pou yon bon rezon nan lavi moun ki gen lakrentif Bondye
Tansèlman, nou konn sa byen: nan tout bagay, Bondye ap travay pou byen tout moun ki renmen l', pou byen tout moun li te fè lide rele. (Ròm 8:28)
Egzanp kote Seyè a pèmèt sitiyasyon difisil pou yon byen final
Men koulye a, nou pa bezwen boulvèse. Nou pa bezwen règrèt nou te vann mwen pou yo mennen m' isit la. Se Bondye ki te voye m' devan pou m' te ka sove lavi nou. Sa fè dezan depi grangou tonbe sou peyi a. Men, p'ap gen mwayen travay latè ni fè rekòt pou senk lanne ankò. Bondye te voye m' vini devan pou ras nou an pa t' fini nan peyi a, pou m' te ka sove lavi nou, pou nou pa mouri. Nou wè. Se pa nou menm ki te voye m' isit la, men se Bondye. Se Bondye menm ki mete m' sèvi yon papa pou farawon an. Mwen se chèf nan tout kay li, se mwen k'ap gouvènen tout peyi Lejip la. Koulye a, prese tounen kay papa m'. Al di l': Men sa Jozèf, pitit gason l' lan, voye di l': Bondye mete m' chèf sou tout peyi Lejip la. Desann vin jwenn mwen. Pa mize. (Jenèz 45:5-9)
Pèspektiv yon moun ki dirije pa lachè sou kontwòl evènman yo
Yon lòt bagay mwen wè ankò sou latè, se pa toujou moun ki konn kouri ki genyen nan kous, se pa toujou vanyan gason ki genyen nan lagè. Yon moun ki gen konprann pa toujou gen manje pou l' manje, yon moun ki gen lespri pa toujou gen anpil byen. Moun ki gen kapasite pa toujou jwenn gwo pozisyon. Chans ak malchans la pou tout moun. (Eklezyas 9:11)
Evènman ak bagay espesifik Seyè a kontwole
Seyè a dirije kè moun
Seyè a dirije lespri yon wa, menm jan li dirije yon kouran dlo nan kannal. Li mennen l' kote li vle. (Pwovèb 21:1)
Seyè a ka fè moun ki gen lakrentif Bondye jwenn favè devan lòt moun
Men Seyè a te kanpe la avèk Jozèf. Li moutre l' jan l' te renmen l', li fè chèf prizon an gen Jozèf konfyans. (Jenèz 39:21)
Pandan sèt jou, yo fete Fèt Pen san ledven an ak kè kontan. Yo te kontan anpil dèske Seyè a te manyen kè wa peyi Lasiri a, ki te ankouraje yo anpil nan tout gwo travay yo t'ap fè a pou rebati tanp Bondye pèp Izrayèl la. (Esdras 6:22)
Li ta ban m' yon lèt tou pou Azaf, chèf ki reskonsab rakbwa leta yo, pou l' ka ban mwen bwa pou gwo pòtay fò k'ap pwoteje tanp lan, bwa pou ranpa lavil la ak bwa pou kay kote pou m' rete a. Wa a ban mwen tou sa mwen te mande l' paske Bondye te avèk mwen. Lè sa a, mwen fè yo konnen ki jan Bondye te la avè m' pou pwoteje m' ak tou sa wa a te di m'. Yo reponn: -Bon. Annavan! Ann al rebati! Epi yo ranje kò yo pou mete men nan travay la. (Neemi 2:8, 18)
Egzanp Izrayelit yo ki piye Ejipsyen yo
...m'a fè mèvèy jouk tan moun peyi Lejip yo va aji byen ak pèp mwen an. Konsa, lè n'a pare pou nou pati kite yo, nou p'ap soti san anyen nan men nou. Chak fanm va mande vwazin li pou yo ba li rad ak bijou an ajan ak bijou an lò. L'a fè menm bagay la ak fanm pèyi Lejip ki rete lakay li yo. Lèfini, n'a mete yo sou pitit gason ak pitit fi nou yo. Konsa, n'a pran tou sa moun peyi Lejip yo genyen. (Egzòd 3:21-22)
Moun pèp Izrayèl yo te fè sa Moyiz te di yo a. Yo mande moun peyi Lejip yo bijou an ajan, bijou an lò ansanm ak rad. Seyè a te fè moun peyi Lejip yo gen kè sansib pou pèp Izrayèl la. Yo ba yo tou sa yo te mande. Se konsa pèp Izrayèl la pran tout bagay moun peyi Lejip yo. (Egzòd 12:35-36)
Seyè a fè kèk moun tèt di
M'ap fè farawon an fè tèt di ankò, l'a rapouswiv nou. Men, m'ap bat ni farawon an ni tout lame li yo. Sa va sèvi yon lwanj pou mwen. Konsa, moun peyi Lejip yo va konnen se mwen menm ki Seyè a. Moun pèp Izrayèl yo fè jan Bondye te di yo a. (Egzòd 14:4)
Men, Siyon, wa Esbon an, pa t' dakò pou l' te kite nou pase nan pèyi l' la. Seyè a, Bondye nou an, fè l' kenbe tèt ak nou, li fè l' refize chanje lide malgre tou sa nou fè, pou l' sa lage l' nan men nou ansanm ak tout peyi a, jan sa ye jouk koulye a. (Deteronòm 2:30)
Seyè a kontwole lanvi kè a
Twa fwa chak lanne, tout gason ki nan mitan nou gen pou parèt devan mwen, Seyè sel Mèt la, Bondye pèp Izrayèl la. Lè m'a fin mete lòt nasyon yo deyò pou fè plas pou nou, lè m'a fin laji teritwa nou an, pesonn p'ap gen lanbisyon pou yo seye vin pran peyi a nan men nou lè n'a moute chak lanne pou parèt devan mwen menm, Seyè a, Bondye nou an, pou fete twa fèt sa yo. (Egzòd 34:23-24)
Seyè a kontwole nasyon yo
Se li menm tou ki kreye tout nasyon ki rete toupatou sou latè. Li fè yo tout soti nan yon sèl moun. Li te fikse davans tan ki pou yo chak, ak limit kote pou yo chak rete. (Travay 17:26)
Men yon pwofèt Bondye vin di li: -Monwa, pa pran sòlda peyi Izrayèl sa yo ak ou nan lame a, paske Seyè a pa avèk moun peyi Izrayèl yo, avèk bann pitit Efrayim sa yo. Paske si ou konprann ou ka ranfòse lame ou la avèk moun sa yo pou ou al fè lagè, Bondye ap fè ou bese tèt devan lènmi ou yo, paske se Bondye ki gen pouvwa pou fè ou genyen osinon pou fè ou pèdi batay la. Amasya mande pwofèt Bondye a: -Bon, sa k'ap rive twa san kilo ajan sa yo mwen deja bay sòlda peyi Izrayèl yo? Pwofèt la reponn li: -Seyè a ka renmèt ou plis pase sa! (2 Istwa 25:7-9)
Seyè a di: -Madichon pou peyi Lasiri a! Paske, l'ap tankou yon baton nan men m' pou m' pini pèp la. M'ap sèvi avèk pouvwa ki nan men l' lan pou m' fè pèp la wè jan m' ankòlè. Mwen te voye l' kouri al atake yon nasyon ki derespekte m'. Mwen te ba li manda pou l' regle yon pèp ki te fè m' fache anpil, pou l' pase men pran tou sa yo genyen, pou l' piye yo, pou l' pilonnen yo anba pye l' tankou pousyè nan lari. (Ezayi 10:5-6)