Kòmandman pou pa gen visye
Paske nou se pèp Bondye a, sa pa bon pou nou menm louvri bouch nou pale sou dezòd lachè, sou bagay ki sal ak vye dezi. (Efèz 5:3)
Paske, konnen sa byen: okenn moun ki nan dezòd lachè, osinon ki nan lenkondite, osinon ki renmen lajan (moun konsa se tankou moun k'ap sèvi zidòl), okenn nan moun sa yo p'ap gen pòsyon eritaj nan peyi kote Bondye ak Kris la wa a. (Efèz 5:5)
Visye se idolatri
Se poutèt sa, se pou nou detwi nan nou tou sa ki soti nan lemonn tankou: imoralite, malpwòpte, move dezi, move lanvi, renmen lajan (ki menm jan ak sèvi zidòl). (Kolòs 3:5)
Veye kò nou kont tout kalite visye
Apre sa, li di yo tout: Fè atansyon. Veye kò nou pou lajan pa pran tèt nou. Paske, se pa anpil byen ki garanti lavi yon nonm, li te mèt rich kont kò li. (Lik 12:15)
Kontwole tèt ou si ou gen tandans gen visye
Lè chèf envite ou manje sou menm tab ak li, pa janm bliye ki moun li ye. Si ou se yon moun ki gen bon lapeti, kontwole bouch ou. Pa pote lanvi sou bon ti manje l'ap ofri ou yo. Se ka yon pèlen li tann pou ou. (Pwovèb 23:1-3)
Lè Kris vin dezi nou, visye pa yon pwoblèm ankò
Se ou menm sèl mwen gen nan syèl la. Mwen pa gen lòt. Se ou ki tout plezi m' sou latè. (Sòm 73:25)
Egzanp yon moun ki gen lakrentif Bondye ki pa t gen visye
Nou menm, nou konn sa byen: mwen pa janm sèvi ak pawòl ki pou flate moun, ni mwen pa janm pran ankenn pretès pou chache fè lajan. Mwen pran Bondye pou temwen. (1 Tesalonik 2:5)
Seyè a pini visye
Kòm yon egzanp pou pitit Li yo
Tout bagay sa yo rive pou sa sèvi nou leson pou nou pa kite move lanvi kaye nan kè nou tankou yo te genyen l' lan. (1 Korint 10:6)
Sa moun ki gen visye yo te anvi
Bann moun lòt nasyon ki te la nan mitan pèp Izrayèl la te anvi manje vyann. Pèp la menm te pran plenyen ankò, yo t'ap di: -Ki moun k'ap fè nou jwenn vyann pou nou manje koulye a? Jan nou te konn manje pwason pou gremesi nan peyi Lejip! Nou chonje kalite bon ti konkonm, melon dlo, powo, zonyon, ak lay nou te konn manje! (Resansman 11:4-5)
Egzanp moun ki gen visye
Se konsa yo lage kò yo sou sa yo te pran nan men lènmi yo: yo pran mouton, kabrit, gwo bèf, ti bèf, yo touye yo lamenm epi yo manje vyann lan ak tout san an ladan l'. (1 Samyèl 14:32)
Lidè ki gen visye
Yo tankou chen aloufa, anyen pa janm kont yo. Se yon bann chèf san konprann. Yo tout fè sa yo pito. Se avantaj yo ase y'ap defann. (Ezayi 56:11)
Moun ki gen visye se mechan
Yo refize bay Bondye premye plas nan kè yo. Bondye tou kite yo tonbe anba pouvwa lespri yo ki fin deraye pou yo fè bagay yo pa t' dwe fè. Men sèl lide ki nan tèt yo: se fè tout kalite lenjistis, tout kalite mechanste, se anvi sò moun, se fè rayisab. Se sa sèlman ki nan kè yo: fè jalouzi, touye moun, chache moun kont, fè riz, fè koken. Yo tripòt konsa. (Ròm 1:28-29)
Mechan an ap vante tèt li pou move lanvi li gen nan kè l'. Lanbisyon fè l' pale mal, li vire do bay Bondye. Mechan an tèlman gen lògèy, l'ap plede di: -Bondye p'ap pini m'. Pa gen Bondye. Se sa ase mechan an mete nan tèt li. (Sòm 10:3-4)
Visye ap pran moun ki gen visye yo nan pyèj
Lè yon moun serye fè sa ki dwat, sa ap sove l'. Men, moun k'ap mache bay moun koutba, y'ap pran nan move jwèt y'ap fè a. (Pwovèb 11:6)
Fo pwofèt yo ap eksplwate kò Kris la akoz visye
Malgre sa, te gen kèk fo pwofèt nan mitan pèp Bondye a nan tan lontan. Konsa tou, va gen kèk direktè nan mitan nou k'ap bay manti. Yo pral vin ak yon bann bèl pawòl ki pa vre pou yo seye pèdi nou. Y'ap vire do bay Mèt la ki te delivre yo. Y'ap rale yon chatiman sou tèt yo k'ap detwi yo lapoula. Anpil moun pral swiv yo nan sa y'ap fè ki mal yo. Konsa, y'ap lakòz moun pale chemen laverite a mal. Nan kouri dèyè lajan, yo pral esplwate nou ak yon bann manti. Men, depi lontan moun sa yo deja jije, nanpwen chape pou yo. (2 Piè 2:1-3)
Je yo kale sou tout fanm. Se tout tan y'ap fè peche. Yo pran tèt moun ki fèb yo nan pèlen. Nanpwen moun renmen lajan tankou yo. Se moun ki anba madichon. Yo kite chemen ki dwat la, yo pèdi wout yo nèt. Yo pran swiv chemen Balaram, pitit Bozò a, ki te fè sa ki mal poutèt lajan. (2 Piè 2:14-15)
Gen moun ki p ap janm satisfè
Sansi gen de pitit fi: tou de gen menm non, yo rele: Ban mwen! Ban mwen! Gen twa bagay ki pa janm di ase. Sa m'ap di la a! Gen kat bagay ki pa janm di se kont. (Pwovèb 30:15)
Moun relijye ka gen visye
Se konsa, tankou si yo te gen dizon, tout pèp la ap sanble bò kote ou, y'ap vin chita devan ou pou yo ka koute sa w'ap di. Men, yo p'ap fè sa w'ap di yo fè. Yo pran pawòl ou yo pou fè bèl fraz. Se enterè yo ase yo konnen. (Ezekyèl 33:31)
Egzanp Seyè a ki pini moun ki gen visye
Yo rele kote sa a: Simityè Grangou, paske se la yo te antere tout moun nan pèp la ki t'ap plenyen pou vyann. (Resansman 11:34)
Gerazi, domestik Elize, pwofèt Bondye a, di nan kè l': —Mèt mwen kite Naaman, moun Siri a, ale, li pa pran anyen nan sa l' te pote pou li a. Mwen pran Seyè vivan an pou temwen, mwen pral kouri dèyè l' pou m' pran kichòy nan men l'. Se konsa li pati dèyè Naaman. Lè Naaman wè l' ap kouri vin jwenn li, li prese desann sot sou cha li a, l' al jwenn li, li mande l': —Ki malè ki rive? Gerazi reponn li: —Se pa anyen non. Se mèt mwen ki voye m' di ou konsa gen de jenn pwofèt ki soti nan mòn Efrayim yo ki fèk rive lakay li, li ta renmen ou voye twasan (0300) pyès ajan ak de rad nèf pou l' ba yo. Naaman reponn: —Tanpri, pran sisan (0600) pyès ajan. Li fòse l' pran yo, li mare pyès ajan yo nan de ti sak, li lonje yo bay de nan domestik pa l' yo ansanm ak de bèl rechanj pou yo pote yo devan Gerazi. Lè yo rive sou ti mòn lan, Gerazi pran de ti sak yo nan men domestik yo, li mete yo lakay li, lèfini, li voye domestik Naaman yo ale fè wout yo. Apre sa, l' ale jwenn mèt li. Elize mande l': —Gerazi, kote ou soti? Gerazi reponn: —M' pa t al ankenn kote non, mèt! Elize di li: —Mwen te la avè ou, nan lespri m', lè nonm lan desann soti sou cha li a pou l' resevwa ou. Men se pa lè sa a pou nou resevwa lajan ak rad ni pou n' achte jaden oliv, jaden rezen, bèf, mouton, kabrit, osinon fanm ak gason pou sèvi nou esklav. Se poutèt sa, maladi Naaman an pral tonbe sou ou, sou pitit ak pitit pitit ou yo pou tout tan. Lè Gerazi soti, li te gen maladi po a. Po kò l' te blan kou koton. (2 Wa 5:20-27)
Y'ap pran kay yo ansanm ak jaden yo ak madanm yo bay lòt moun. Mwen pral pini moun ki rete nan peyi a. Se mwen menm Seyè a ki di sa. Yo tout, gran kou piti, ap fè akrèk dèyè lajan. Ni prèt yo ni pwofèt yo, yo tout ap twonpe pèp la pou fè lajan. (Jeremi 6:12-13)
Se poutèt sa m'ap pran madanm yo bay lòt moun. M'ap pran jaden yo bay moun k'ap anvayi peyi yo a. Paske yo tout, gran kou piti, ap fè akrèk dèyè lajan. Ni pwofèt yo, ni prèt yo, yo tout ap twonpe pèp la pou fè lajan. (Jeremi 8:10)