Trayizon Jezi
Lè sa a, yonn nan douz disip yo, nonm yo rele Jida Iskariòt la, al jwenn chèf prèt yo. Li di yo: Kisa n'a ban mwen si m' fè nou pran Jezi? Yo konte trant pyès lajan ba li. (Matye 26:14-15)
Jida menm, nonm ki te trayi Jezi a, lè l' wè yo te kondannen Jezi, remò pran l', li pote trant pyès lajan yo tounen bay chèf prèt yo ansanm ak chèf fanmi yo. Li di konsa: Sa m' fè a mal. Se yon inonsan mwen lage nan men nou. Yo reponn li: Ki mele nou sa? Sa se zafè pa ou. Jida jete pyès lajan yo nan tanp lan, li soti, li ale pann tèt li. Chèf prèt yo ranmase lajan an, yo di konsa: Sa se lajan san. Lalwa nou pa pèmèt nou mete lajan konsa nan kès tanp lan. Apre sa, yo tonbe dakò pou yo achte yon jaden nan men yon nonm ki te konn fè krich. Yo pran tè a sèvi simityè pou etranje ki mouri nan peyi a. Se poutèt sa, jouk jounen jòdi a, yo rele jaden sa a: Jaden san. Se konsa pawòl pwofèt Jeremi te di a rive vre: Yo pran trant pyès lajan yo. Se pri sa a moun ras Izrayèl yo te dakò peye pou li. Ak lajan an, yo achte jaden nonm ki konn fè krich la, dapre lòd Bondye te ban mwen an. (Matye 27:3-10)
Lè sa a, Jida Iskariòt, yonn nan douz disip yo, leve, li al di chèf prèt yo li te pare pou l' te fè yo pran Jezi. Yo te kontan tande sa Jida t'ap di yo, yo pwomèt pou yo ba l' lajan. Se konsa Jida t'ap chache yon bon okazyon pou l' te ba yo Jezi. (Mak 14:10-11)
Lè sa a, Satan antre nan tèt Jida yo te rele Iskariòt la, yonn nan douz disip yo. Jida al jwenn chèf prèt yo ak chèf gad ki t'ap veye tanp lan. Li di yo ki jan li ta ka fè yo pran Jezi. Yo pa t' manke kontan, yo pwomèt pou yo ba l' lajan. (Lik 22:3-5)
(Avèk lajan yon te ba l' pou krim lan, Jida te achte yon moso tè. Se la li tonbe sou tèt, vant li pete, tout zantray li gaye sot deyò. (Travay 1:18)
Frè yo vann kòm esklav
Lè machann Madyan yo vin ap pase, yo rale Jozèf moute sot nan pi a. Yo vann li ak moun Izmayèl yo pou vin pyès lajan. Moun Izmayèl yo menm mennen l' nan peyi Lejip. (Jenèz 37:28)
Lajan yo peye pou divinasyon
Se konsa, chèf fanmi moun Moab yo ak chèf fanmi moun Madyan yo pati. Yo te pote ak yo sa ki te nesesè pou peye konsiltasyon an. Yo rive kay Balaram, epi yo ba li komisyon Balak la. (Resansman 22:7)
Men, Balaram reponn moun Balak yo, li di yo: -Balak te mèt ban mwen kay li plen ajan ak lò, mwen p'ap fè anyen, ni lou ni lejè, ki pou fè m' dezobeyi lòd Seyè a, Bondye mwen an. (Resansman 22:18)
Balak te mèt ban mwen kay li plen ajan ak lò, mwen p'ap fè anyen poutèt pa m' ki pou fè m' dezobeyi lòd Seyè a, ni an byen ni an mal. Sa Seyè a di m' di, se sa ase m'ap di. (Resansman 24:13)
Lajan yo ofri pou eseye detwi pèp jwif la
Si wa a ta vle, li ta bay lòd pou yo touye yo. Si wa a fè sa, m'ap ranmase twasanswasannkenz (0375) tòn ajan nan men anplwaye leta yo m'a mete nan kès wa a. Wa a ba li kat blanch. Li wete gwo bag ki nan dwèt li a bay Aman, pitit gason Amedata, moun ras Agag la, ki pa t' vle wè jwif yo. Epi wa a di l' konsa: -Mwen ba ou pèp sa a ansanm ak richès li yo. Fè sa ou vle ak yo. (Estè 3:9-11)
Madoche rakonte l' tou sa ki te rive l', ki jan Aman te pwomèt pou l' te bay anpil lajan pou mete nan kès wa a si wa a te dakò pou yo masakre tout jwif yo. (Estè 4:7)
Lajan yo peye pou fè Samson mal
Aprè sa, Samson tonbe damou pou yon fanm ki te rete nan Ravin Sorèk. Fanm lan te rele Dalila. Gwo chèf moun Filisti yo al jwenn Dalila, yo di l' konsa: -Pran tèt Samson! Chache konnen sa ki ba li tout fòs sa a, kijan nou ka met men sou li. N'a mare l' anba kòd, n'a rann li san fòs. Lèfini, nou chak n'a ba ou milsan (01.100) pyès lajan. (Jij 16:4-5)
Lè Dalila wè Samson te ba l' sekrè a, li voye rele chèf moun Filisti yo, li di yo: -Fwa sa a, nou mèt vini, paske li ban m' sekrè a. Chèf moun Filisti yo vin jwenn li. Yo tou pote lajan an avèk yo. (Jij 16:18)
Lajan yo peye pou touye moun
Yo ba li swasanndis pyès ajan yo te pran nan tanp Baal-Berit la. Avèk lajan sa a, li lwe sèvis kèk vòryen ak kèk vakabon pou mache avè l'. (Jij 9:4)