Taks/kontribisyon

Peye taks se yon kòmandman biblik, Jezi ak apot Pòl te konfime l, epi li rekonèt otorite gouvènman an. Egzanp nan tout Ekriti yo montre prensip sa a, epi yo montre tou ka kote te gen eksepsyon.

Seyè a pa fè patipri

...paske Seyè a, Bondye nou an, se li menm ki Bondye anwo tout bondye, se li menm ki chèf sou tout chèf. Li gen pouvwa, li gen fòs, li fè moun respekte l'. Li pa nan paspouki, li pa kite yo achte figi l' avèk kado y'ap ofri ba li. (Deteronòm 10:17)
Se pou nou gen krentif pou Seyè a. Veye zo nou nan tou sa n'ap fè, paske Seyè a, Bondye nou an, pa tolere lenjistis ak patipri. Li pa nan pran kado nan men moun pou fè pa yo. (2 Istwa 19:7)
Li pa nan achte figi chèf yo. Ou te mèt pòv, ou te mèt rich, pa gen diferans pou li, paske se li menm ki fè yo tout. (Jòb 34:19)
Nou menm mèt, se pou n' aji menm jan an tou ak moun k'ap sèvi nou yo. Pa fè yo okenn menas. Toujou chonje ni nou menm, ni domestik nou yo, nou gen yon sèl Mèt nan syèl la, ki pa gade sou figi moun. (Efèz 6:9)

Nou pa dwe fè patipri

Sa pa bon pou gade moun sou figi. Men, pou nenpòt ti kraze kòb, yon jij ka fè betiz. (Pwovèb 28:21)

Fè patipri se peche

Jan sa ekri nan Liv la, lalwa gran Wa a di: Se pou ou renmen frè parèy ou tankou ou renmen pwòp tèt pa ou. Si nou fè sa, nou fè byen. Men, si n'ap gade sou figi moun, nou fè peche. Lalwa ap kondannen nou pou dezobeyisans. (Jak 2:8-9)

Pa fè patipri pou rich la

Frè m' yo, nou menm ki gen konfyans nan Jezikri, Seyè nou an ki gen tout pouvwa pou li, nou pa dwe gade sou figi moun. Sipoze de moun vin antre nan asanble nou, yonn gen yon bèl rechanj sou li ak yon bag an lò nan dwèt li, lòt la tou pòv ak yon rad chire sou li. Si nou leve pou n' salwe nonm ki gen bèl rechanj lan, epi nou di li: Msye, chita la nan bon plas sa a, epi si nou di pòv la: Ou menm, kanpe bò la a, osinon, chita atè bò pye m' lan, èske nou pa mete yon diferans nan mitan nou? Eske sa pa moutre nou gen move lide nan tèt nou lè n'ap jije moun? Frè mwen renmen anpil yo, tande sa byen: Bondye chwazi moun ki pòv sou latè pou yo ka rich nan konfyans nan Bondye, pou yo ka jwenn pòsyon pa yo nan peyi li te pwomèt moun ki renmen l' yo. Men, nou menm, se meprize n'ap meprize moun pòv yo! Eske se pa moun rich yo k'ap kraze nou, k'ap trennen nou nan tribinal? Se yo menm tou k'ap pale bèl non Bondye ban nou an mal. Jan sa ekri nan Liv la, lalwa gran Wa a di: Se pou ou renmen frè parèy ou tankou ou renmen pwòp tèt pa ou. Si nou fè sa, nou fè byen. Men, si n'ap gade sou figi moun, nou fè peche. Lalwa ap kondannen nou pou dezobeyisans. (Jak 2:1-9)

Pa fè patipri pou pòv la

Konsa tou, lè gen pwose, se pa paske yon moun pòv pou nou pran pati pou li. (Egzòd 23:3)
Piga nou fè lenjistis lè nou nan tribinal. Piga nou fè patipri pou pòv. Piga nou achte figi grannèg. N'a rann jistis pou tout frè parèy nou san fè paspouki. (Levitik 19:15)

Lidè/jij yo pa dwe fè patipri

Nou p'ap nan achte figi lè n'ap jije yon bagay. Se pou nou jije tout moun menm jan, kit se yon ti malere, kit se yon grannèg. Nou pa bezwen pè pesonn paske n'ap jije dapre prensip Bondye bay. Lè se yon ka ki twò difisil pou nou, n'a pote l' vin devan mwen, m'a jije l' mwen menm. (Deteronòm 1:17)
N'a mete jij ak majistra nan chak lavil Seyè a, Bondye nou an, va ban nou pou dirije tout branch fanmi nou yo. Y'a fè travay yo san patipri. Piga yo fè ankenn lenjistis. Piga yo gade sou figi moun pou jije yo. Piga yo pran lajan anba nan men pesonn paske lajan konsa ka anpeche menm moun ki gen konprann wè klè, li ka fè nou kondannen moun inonsan. (Deteronòm 16:18-19)
Li di jij yo: -Kalkile byen travay nou pral fè a, paske nou pa pral jije nan non yon moun, men nan non Seyè a. L'ap kanpe la bò kote nou lè n'ap rann jijman. Se pou nou gen krentif pou Seyè a. Veye zo nou nan tou sa n'ap fè, paske Seyè a, Bondye nou an, pa tolere lenjistis ak patipri. Li pa nan pran kado nan men moun pou fè pa yo. (2 Istwa 19:6-7)

Modi si ou fè patipri

Se poutèt sa m'ap fè tout moun pèp Izrayèl yo derespekte nou. Y'ap pran nou pou vakabon, paske nou pa fè sa mwen mande nou fè. Nou gade sou figi moun lè pou n' di yo sa lalwa a mande. (Malachi 2:9)

Bon atitid

Gen menm lide youn pou lòt

Viv byen yonn ak lòt. Pa kite lògèy moute tèt nou. Viv tankou moun ki san pretansyon. Pa kwè nou gen pi bon konprann pase sa. (Ròm 12:16)

Konsidere lòt moun pi enpòtan pase tèt ou

Pa fè anyen nan lide pou fè tèt nou pase pou pi bon, ni pou fè lwanj tèt nou. Men, soumèt nou devan Bondye. Mete nan tèt nou lòt yo pi bon pase nou. (Filip 2:3)