Travay

Travay se yon kado Bondye epi li nesesè, men li dwe balanse ak repo ak adorasyon. Tout travay onèt gen lonè lè yo fè l pou Bondye. Parès kondane, epi twòp travay dekouraje.

Pèspektiv biblik sou travay

Travay nesesè

Seyè a li menm se yon travayè

Sou sis jou, Bondye te fin fè tout sa l' t'ap fè a. Setyèm jou a, li sispann travay. Li beni setyèm jou a, li mete l' apa pou li, paske se jou sa a li te sispann travay apre li te fin kreye tout sa l' t'ap kreye a. (Jenèz 2:2-3)
Seyè a, Bondye a, plante yon jaden yon kote yo rele Edenn, bò kote solèy leve a. Se la li mete nonm li te fè a. (Jenèz 2:8)
Men, Jezi reponn yo: Se tout tan Papa m' ap travay. Mwen menm tou, m'ap travay. (Jan 5:17)

Obligatwa nan Ansyen Testaman

N'a travay sis jou. Lè sa yo n'a fè tou sa nou gen pou fè. (Egzòd 20:9)
N'a travay sis jou. Men setyèm jou a, n'a sispann travay, n'a pran repo. Konsa, bèf nou yo ak bourik nou yo, moun k'ap sèvi avèk nou yo ansanm ak etranje ki lakay nou yo va ka pran repo tou. (Egzòd 23:12)
W'a travay sis jou. Men setyèm jou a, se pou ou sispann travay, te mèt nan sezon plante osinon nan sezon rekòt. (Egzòd 34:21)
N'a travay sis jou. Lè sa a, n'a fè tou sa nou gen pou nou fè. (Deteronòm 5:13)

Obligatwa nan Nouvo Testaman

Se pou moun ki te konn vòlò sispann vòlò. Okontrè, se pou l' travay di ak men l' san fè move konbinezon, pou l' sa gen dekwa bay moun ki nan bezwen. (Efèz 4:28)
Mwen pa t' kite pesonn ban m' manje pou gremesi. Okontrè, mwen te travay di, mwen te fatige kò mwen anpil, lajounen kou lannwit, pou m' pa t' sou kont nou yonn. Se pa paske mwen pa t' gen dwa resevwa anyen nan men pesonn ki fè m' te fè sa. Non. Se paske mwen te vle ban nou yon egzanp pou nou te swiv. Nou chonje lè m' te lakay nou, mwen te di nou: moun ki pa travay pa gen dwa manje non plis. M'ap pale konsa ak nou paske m' pran nouvèl gen kèk moun nan mitan nou k'ap fè parese, ki pa vle fè lòt bagay pase foure bouch yo nan zafè lòt moun. Men sa m'ap voye di moun sa yo: Nan non Jezikri, Seyè a, m'ap mande nou pou nou travay nan lòd, pou nou manje swe kouraj nou. (2 Tesalonik 3:8-12)

Travay se yon bagay yo atann

Moun soti pou y' al travay, wi, pou y' al travay jouk solèy kouche. (Sòm 104:23)

Obligasyon pou travay pa yon konsekans peche

Moun soti pou y' al travay, wi, pou y' al travay jouk solèy kouche. (Sòm 104:23)

Seyè a te kòmande moun travay apre chit la, men travay la vin pi difisil

Apre sa li di Adan. Ou koute pawòl madanm ou, pa vre! Ou manje fwi pyebwa mwen te ba ou lòd pa manje a. Poutèt sa ou fè a, m'ap madichonnen tè a. W'a gen pou travay di toutan pou fè tè a bay sa ou bezwen pou viv. Tè a va kale tout kalite pikan ak pengwen ba ou. W'a manje fèy ki pouse nan raje. Se swe kouraj ou ki pou fè ou mete yon moso pen nan bouch ou jouk lè wa tounen nan tè kote ou soti a. Paske, se pousyè ou ye, ou gen pou tounen pousyè ankò. Se konsa, Seyè a, Bondye a, mete Adan deyò nan jaden Edenn lan. Li voye l' al travay tè, menm tè Bondye te pran pou fè l' la. (Jenèz 3:17-19, 23)
Li rele l' Noe. Li di konsa: Pitit sa a va soulaje nou anba tout travay di n'ap fè, anba gwo travay nou blije fè avèk men nou paske Seyè a te madichonnen tè a. (Jenèz 5:29)

Tout travay onèt gen lonè

Egzanp metye moun ki gen lakrentif Bondye

Kiltivatè

Seyè a, Bondye a, pran nonm lan, li mete l' nan jaden Edenn lan pou l' travay li, pou l' pran swen l'. (Jenèz 2:15)
Apre sa, li fè Abèl, frè Kayen. Abèl te gadò mouton, Kayen menm te travay latè. (Jenèz 4:2)
Noe se premye moun ki travay latè. Li plante yon jaden rezen. (Jenèz 9:20)
Se gadò mouton yo ye. Se bèt yo konn gade. Yo mennen tout mouton yo ak tout bèf yo ansanm ak tout sa yo genyen. (Jenèz 46:32)
Farawon an di yo konsa: -Ki metye nou? Yo reponn li: -Metye nou se gade bèt tankou zansèt nou yo. (Jenèz 47:3)
Amòs reponn Amatsya: -Monchè, pwofèt pa metye m'. Nitou, mwen pa fè pati sosyete moun k'ap fè metye pwofèt. Metye m' se gade bèt, se okipe pye sikomò. (Amòs 7:14)

Travayè kay

Potifa te kontan ak Jozèf ak jan li t'ap sèvi li. Li mete l' reskonsab kay li, li renmèt li tout sa li te genyen. (Jenèz 39:4)

Anplwaye leta ak lidè

Apre sa, farawon an di Jozèf: -Gade, m'ap mete ou chèf pou gouvènen tout peyi Lejip la. (Jenèz 41:41)
Yo di l': -Papa, Jozèf la toujou wi. Se li menm k'ap gouvènen peyi Lejip la wi. Men, Jakòb rete tout frèt, paske li pa t' kwè yo. (Jenèz 45:26)
Lè m' wè pèp la te gen kè sote, mwen leve, mwen pale ak chèf yo ak majistra yo ak tout rès pèp la, mwen di yo: -Nou pa bezwen pè moun sa yo! Chonje jan Seyè a gen pouvwa, jan li fè moun pè l'. Ann goumen pou moun menm ras ak nou yo, pou pitit fi nou yo, pou pitit gason nou yo, pou madanm nou yo ak kay nou yo. (Neemi 4:14)
Li mete l' chèf sou tout moun lakay li, li mete l' pou l' gouvènen tout peyi a. (Sòm 105:21)
Wa a mete Danyèl nan yon gwo pozisyon, li fè l' kado anpil bèl bagay, li nonmen l' gouvènè pwovens Babilòn lan, li mete l' sèl chèf sou tout nèg save lavil Babilòn yo. (Danyèl 2:48)
Dariyis deside chwazi sanven (0120) prefè li mete chèf nan tout peyi a. Lèfini, li chwazi Danyèl ak de lòt moun li mete alatèt prefè yo. Reskonsablite yo se te kontwole travay prefè yo pou yo te ka defann enterè wa a. (Danyèl 6:1-2)
Lè sa a, mwen santi mwen t'ap faya. Mwen pase kèk jou malad. Apre sa, mwen leve, m' al fè travay wa a te ban m' fè a. Men, vizyon an t'ap boulvèse lespri m' toujou, m' pa t' ka konprann li. (Danyèl 8:27)
Filip leve, li pati. Antan l' sou wout la, yon nonm parèt devan l'; se te yon moun peyi Letiopi, yon nèg konfyans. Li te yon gwo chèf nan peyi Letiopi. Se li menm ki te reskonsab tout richès Kandas, larenn peyi a. Li te moute lavil Jerizalèm pou adore Bondye. (Travay 8:27)

Pechè

Antan Jezi t'ap mache bò lanmè Galile a, li wè de frè: Simon, yo rele Pyè a, ak Andre, frè li. Yo t'ap voye privye nan lanmè a, paske se pechè pwason yo te ye. (Matye 4:18)
Pandan Jezi t'ap mache bò lanmè Galile a, li wè de pechè pwason, Simon ak Andre, frè li a. Yo t'ap voye privye nan lanmè a. (Mak 1:16)
Lamenm, Jezi rele yo. Yo kite Zebede, papa yo, nan kannòt la ansanm ak ouvrye yo. Y' ale avèk Jezi. (Mak 1:20)

Metye konstriksyon

Se pa pitit bòs chapant lan? Se pa Mari ki manman li? Se pa frè Jak, Jozèf, Simon ak Jid li ye? (Matye 13:55)
Se pa ti bòs chapant pitit Mari a? Se pa frè Jak, Jòz, Jid ak Simon an? Apa tout sè l' yo la avèk nou? Se sa ki fè li te tounen pou yo yon okazyon tonbe nan peche. (Mak 6:3)
Rive la, li kontre yon jwif yo te rele Akilas, moun peyi Pon, ki te fèk rive soti Itali ansanm ak madanm li yo te rele Prisil, apre Seza Klòd te bay lòd pou tout jwif te kite lavil Wòm. Pòl al wè yo, epi l' rete lakay yo. Li t'ap travay ansanm ak yo paske li te gen menm metye ak yo: li te konn fè tant an twal. (Travay 18:2-3)

Pèseptè taks

Antan Jezi t'ap pase konsa, li wè Levi, pitit Alfe a, chita nan biwo kontribisyon an. Jezi di l' konsa: -Swiv mwen. Levi annik leve, li swiv Jezi. (Mak 2:14)
Apre sa, Jezi soti, li wè yon pèseptè kontribisyon yo te rele Levi. Li te chita devan biwo travay li. (Lik 5:27)
Te gen yon nonm nan lavil la yo rele Zache. Li te chèf pèseptè kontribisyon yo, se te yon nonm rich. (Lik 19:2)

Machann

Yonn ladan yo te rele Lidi. Se te moun lavil Tiyati, yon machann bèl twal koulè wouj yo vann byen chè a. Li te konvèti nan relijyon jwif yo. Li t'ap koute nou. Seyè a louvri lespri l' pou l' te swiv tou sa Pòl t'ap di. (Travay 16:14)

Travay tankou se pou Seyè a

Se sak fè, kit n'ap manje, kit n'ap bwè, nenpòt kisa n'ap fè, fè l' pou sa sèvi yon lwanj pou Bondye. (1 Korint 10:31)
Nou menm domestik, obeyi mèt nou gen sou latè a avèk respè, avèk krentif, ak tout kè nou menm jan nou ta sèvi Kris la. Se pa sèlman lè yo la ap gade nou pou nou aji konsa, tankou moun k'ap achte figi. Lekontrè, fè sa Bondye vle nou fè a ak tout kè nou, tankou moun k'ap sèvi Kris la. Fè travay nou ak kè kontan, tankou si se pa pou moun nou t'ap travay, men pou Seyè a. Paske chonje byen: kit yon moun esklav, kit li lib, li gen pou l' resevwa sa ki pou li nan men Seyè a, dapre bon travay li fè a. Nou menm mèt, se pou n' aji menm jan an tou ak moun k'ap sèvi nou yo. Pa fè yo okenn menas. Toujou chonje ni nou menm, ni domestik nou yo, nou gen yon sèl Mèt nan syèl la, ki pa gade sou figi moun. (Efèz 6:5-9)
Tou sa n'ap fè, tou sa n'ap di, fè l' nan non Seyè Jezi a, san nou pa janm bliye di Bondye mèsi nan li. (Kolòs 3:17)
Nenpòt travay yo ban nou fè, fè l' ak tout kè nou tankou si se pa pou lèzòm nou t'ap travay, men pou Seyè a. Chonje byen: Seyè a gen pou ban nou rekonpans nou: l'ap ban nou eritaj li sere pou moun pa l' yo. Paske, mèt n'ap sèvi tout bon an se Kris la. (Kolòs 3:23-24)

Gen moun ki konsidere travay kòm yon vanite ki pa sèvi anyen

Yon moun te mèt pase tout lavi l' ap travay di, ap bay kò l' traka sou latè beni, kisa sa rapòte l'? (Eklezyas 1:3)
Mwen fè gwo zafè: Mwen bati yon bann kay, mwen plante anpil jaden rezen. Mwen fè jaden ak bèl lakou, mwen plante tout kalite pyebwa ki ka donnen ladan yo. Mwen te gen tou sa mwen te vle. Mwen pa janm refize tèt mwen ankenn plezi. Mwen te kontan wè tou sa mwen te travay fè. Se kè kontan sa a ki tout rekonpans mwen. Apre sa, mwen kalkile sou tou sa m' te fè ak men m', sou tout traka mwen te bay kò m' pou m' te fè yo. Enben! Mwen jwenn sa pa t' vo anyen. Anyen pa rapòte anyen. Konsa, pa gen ankenn pwofi pou tou sa ou fè sou latè beni. (Eklezyas 2:4-5, 10-11)
Tout travay mwen te fè sou latè pa di m' anyen ankò, paske mwen konnen mwen gen pou m' kite yo pou sa k'ap vin dèyè. Se ka yon moun lespri, se ka yon moun sòt. Pesonn pa konnen. Men, se pou li m'ap kite tou sa mwen te travay di fè ak lespri mwen. Sa a ankò, sa pa vo anyen. Se konsa mwen vin konprann tout travay di mwen te fè sou latè p'ap rapòte m' anyen. Sa vin dekouraje m'. Wi, yon nonm fè travay li avèk lespri, avèk konesans, avèk ladrès. Apre sa, se pou l' pati kite l' pou yon lòt ki pa leve ni lou ni lejè nan travay la. Sa a tou, sa pa vo anyen. Sa pa bon menm. Ou travay di, ou pran kont tèt chaje ou, ou pa dòmi pou ou ka fè sa w'ap fè a. Apre sa, kisa sa rapòte ou? Ou pase tout lavi ou nan lapenn, nan chagren. Menm lannwit lespri ou ap travay. Sa a tou, sa pa sèvi ou anyen. Pi bon bagay yon moun ka fè, se manje, se bwè, se jwi sa travay ou rapòte ou. Men la tou, mwen wè sa se travay Bondye. (Eklezyas 2:18-24)
Kisa yon nonm jwenn nan travay li? Mwen rive konnen ki kalite travay Bondye bay moun pou yo fè. Tout moun fèt pou yo manje, pou yo bwè, pou yo jwi sa travay yo rapòte yo. Sa se kado Bondye ba yo. (Eklezyas 3:9-10, 13)
Mwen vin wè tout travay di lèzòm ap travay di a, tout bèl bagay y'ap reyalize nan lavi a, se paske yonn vle gen plis pase lòt. Men, sa tou, sa pa vo anyen, sa pa rapòte anyen. Pawòl la di: Moun sòt rete san fè anyen, yo pito grangou. Men, pito ou pran ti repo ou tanzantan ak kè poze pase pou ou touye tèt ou ap travay di, lèfini pou sa pa rapòte anyen. (Eklezyas 4:4-6)
Men sa mwen jwenn ankò: Pi bon bagay yon moun ka fè sou latè, se manje, se bwè, se jwi sa li travay di fè a, pandan de twa jou Bondye ba li pou li viv la. Men, se sa ase ki pou yon moun nan lavi. Si Bondye bay yon moun richès ak byen, se pou li jwi yo, se pou l' di Bondye mèsi, se pou l' jwi tou sa li travay fè. Sa se kado Bondye ba li. (Eklezyas 5:18-19)
Tou sa yon nonm fè pase nan bouch, men l'ap toujou grangou. (Eklezyas 6:7)

Travay nou ta dwe travay Bondye vle pou nou

Nan tout branch fanmi pèp Izrayèl yo se fanmi pa li a mwen te chwazi pou sèvi m' prèt devan lotèl mwen, pou yo boule lansan, pou pote ti jile prèt yo devan m'. Epi mwen ba yo dwa pou yo pran yon pòsyon nan tout bèt yo ofri pou boule pou mwen sou lotèl la. (1 Samyèl 2:28)
Seyè, Bondye nou, pa sispann ban nou favè ou. Fè nou reyisi nan tou sa n'ap fè. Wi, fè nou reyisi nan tou sa n'ap fè. (Sòm 90:17)
Jezi di yo: Manje pa m', se fè volonte moun ki voye m' lan; se pou m' fin fè travay li ban m' fè a. (Jan 4:34)
Pa travay pou manje k'ap gate! Travay pito pou manje k'ap konsève, manje k'ap bay lavi ki p'ap janm fini an. Kalite manje sa a, se Moun Bondye voye nan lachè a ki va ban nou l', paske se pou sa Bondye Papa a voye li. (Jan 6:27)
Men, apre David te fin sèvi plan Bondye nan mitan moun ki t'ap viv menm lè avè l' yo, li mouri. Yo antere l' menm kote ak zansèt li yo, epi li pouri anba tè. (Travay 13:36)
Men, se jou jijman an n'a wè ki kalite travay chak moun te bay. Se jou sa a ki va devwale kalite travay chak moun te fè. Paske jou sa a, se nan mitan dife l'ap parèt. Dife a pral sonde travay chak moun. L'ap fè wè kalite travay yo. Si dife a pa boule travay yon moun bati sou fondasyon an, moun sa a ap resevwa rekonpans li. Men tou, si dife a boule travay yon moun, moun sa a ap pèdi travay li. Men li menm, l'ap sove, tankou yon moun ki chape nan yon kay k'ap boule. (1 Korint 3:13-15)
Se Bondye ki fè nou. Nan Jezikri li kreye nou pou nou ka fè anpil bon zèv nan lavi nou, dapre sa li te pare davans pou nou te fè. (Efèz 2:10)

Travay ki pral bay Seyè a glwa

Mwen te fè yo wè bèl pouvwa ou sou tè sa a. Mwen fè tou sa ou te ban m' fè. (Jan 17:4)

Li itil pou konnen ki travay egzak Seyè a genyen pou nou

Simon Pyè di: Mwen pral lapèch. Yo di li: Nou menm tou, nou pral avè ou. Se konsa yo pati, yo moute nan yon kannòt. Men, yo pase tout nwit lan yo pa t' pran anyen. Li te kòmanse fè jou lè Jezi parèt bò dlo a. Men disip yo pa t' rekonèt si se te li menm. Jezi di yo konsa: Mesye m' yo, èske nou pran pwason? Yo reponn li: Non, nou pa pran anyen. Li di yo: Lage privye a sou bò dwat kannòt la, n'a jwenn kichòy. Yo lage privye a. Men, yo pa t' kapab rale l' soti nan dlo a sitèlman li te plen pwason. Disip Jezi te renmen an di Pyè konsa: Se Seyè a wi. Lè Simon Pyè tande pawòl sa yo: Se Seyè a, li mete rad sou li (paske li te toutouni), li lage kò l' nan dlo a. Lòt disip yo menm t'ap tounen atè nan kannòt la, yo t'ap trennen privye ki te plen pwason an dèyè yo. Yo pa t' twò lwen rivay la, san (100) mèt konsa. Lè yo desann atè, yo wè yon dife ki te limen sou rivay la avèk kèk pwason ap boukannen ladan li. Te gen pen tou. Jezi di yo: Pote kèk pwason nan sa nou fèk sot pran yo. Simon Pyè moute nan kannòt la, li rale prive a tou plen vin atè. Te gen sansenkanntwa (153) gwo pwason ladan li. Men atousa, privye a pa t' chire. (Jan 21:3-11)

Travay pa sèvi anyen san Seyè a

Se yon chante Salomon pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Si se pa Seyè a ki bati kay la, travay moun k'ap bati yo pa vo anyen. Si se pa Seyè a k'ap pwoteje lavil la, travay moun k'ap veye yo pa vo anyen. (Sòm 127:1)
Mande Seyè a pou l' beni tout travay w'ap fè, w'ap reyisi nan tou sa w'ap fè. (Pwovèb 16:3)

Pa dwe gen anbisyon egoyis nan travay

Lè sa a, Bondye va bay chak moun sa yo merite dapre sa yo fè. Men, moun k'ap kenbe tèt ak Bondye, k'ap refize asepte verite a pou fè sa ki pa bon, moun sa yo, yo fè Bondye fache. Kòlè l' va tonbe sou yo. (Ròm 2:6, 8)
Men, anvan tout bagay, nou vle fè Seyè a plezi, kit nou nan kò sa a, kit nou kite li. Paske, nou tout nou gen pou n' konparèt devan Kris la pou li ka jije nou. Lè sa a, chak moun va resevwa sa ki pou li dapre byen osinon dapre mal li te fè antan l' te nan kò sa a. (2 Korint 5:9-10)
Men, si n'ap fè jalouzi nan kè nou, si nou kenbe moun nan kè nou, si n'ap kouri dèyè enterè pa nou, pa vante tèt nou, pa fè manti sou laverite a. Bon konprann konsa pa soti nan Bondye, li soti nan lemonn, nan moun ak nan dyab la. Paske, kote ki gen jalouzi, kote moun ap kouri dèyè enterè pa yo, fòk gen dezòd ak tout kalite mechanste. (Jak 3:14-16)

Pa chèche grandè pou tèt ou

Epi ou menm, w'ap mande pou yo fè pa ou, w'ap mande yon soulajman pou tèt ou ase? Pa mande anyen. M'ap voye malè a sou tout moun sou latè. Se mwen menm Seyè a ki di sa. Men ou menm, ou mèt ale kote ou vle, ou p'ap mouri, w'ap sove lavi ou! (Jeremi 45:5)

Fò, gen kouraj epi pa ranvwaye

Mete gason sou ou! Pa janm dekouraje, paske se ou menm ki pral fè pèp la antre pran peyi mwen te fè sèman m'ap bay zansèt yo a. Wi. Sèl bagay mwen mande ou, se mete gason sou ou, pa janm dekouraje. Veye kò ou pou ou mache dapre tout lòd Moyiz, sèvitè m' lan, te ba ou yo. Pa janm neglije anyen nan sa li te di ou, pou zafè ou ka mache byen kote ou pase. (Jozye 1:6-7)
Se li menm ki va bati yon tanp pou mwen. L'ap yon pitit pou mwen, mwen menm m'ap yon papa pou li. M'ap fè l' toujou gen yon moun nan fanmi l' wa pou gouvènen pèp Izrayèl la. Konsa, tout bagay va mache byen pou ou si ou veye kò ou pou ou mennen bak ou dapre lòd ak regleman Seyè a te bay Moyiz pou pèp Izrayèl la. Mete gason sou ou, kenbe fèm! Pa kite anyen fè ou pè. Pou lò, ajan, kwiv ak fè, ou gen sa an kantite. Konsa, mete men nan travay la! Mwen mande pou Seyè a toujou kanpe la avè ou. (1 Istwa 22:10, 13, 16)
Apre sa, wa David di Salomon, pitit li a: -Mete gason sou ou! Pran kouraj, pitit mwen! Fè sa ou gen pou fè a! Pa kite anyen fè ou pè, paske Seyè a, Bondye mwen an, kanpe la avè ou, jouk tout travay pou sèvis Tanp lan fini. (1 Istwa 28:20)
Men nou menm, mete gason sou nou! Pa dekouraje, paske n'ap jwenn rekonpans travay nou. (2 Istwa 15:7)
Men koulye a, kouraj, Zowobabèl! Se Seyè a menm k'ap pale avè ou. Kouraj, Jozye, granprèt la, pitit Jozadak la! Kouraj, nou tout ki rete nan peyi a! Se Seyè a menm k'ap pale ak nou! Mete men nan travay la, paske mwen la avèk nou! Se mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, ki di sa! (Aje 2:4)

N ap rankontre difikilte lè n ap fè travay Seyè a ban nou

Lè sa a, moun ki t'ap viv depi lontan nan peyi a soti pou yo dekouraje moun Jida yo. Yo t'ap kraponnen yo pou yo te sispann travay batisman an. Yo menm rive bay kèk anplwaye gouvènman an lajan anba chal pou anpeche travay la mache. Se konsa, pandan tout tan wa Siris t'ap gouvènen an jouk sou rèy wa Dariyis, yo antrave travay moun yo san rete. (Esdras 4:4-5)
Pa touye tèt ou ap kouri dèyè lajan pou ou vin rich. Wete lide ou sou sa. (Pwovèb 23:4)
Lè lènmi nou yo wè nou te konnen sa yo t'ap konplote a, yo vin konprann Bondye te soti pou gate plan yo. Apre sa, nou tounen al travay nan miray ranpa a, chak moun bò pa yo. Depi lè sa a, mwatye nan gason yo al nan travay, lòt mwatye a t'ap veye avèk frenn yo, pwotèj pou bra yo, banza yo ak gwo plak fè sou lestonmak yo pou pwoteje yo. Tout chèf yo te la dèyè pèp Jida a ki t'ap rebati ranpa a. Tout moun ki t'ap bwote materyo te gen zam tou. Yo t'ap travay ak yon men, nan lòt men an yo te kenbe zam yo. Moun ki t'ap travay yo menm te toujou gen yon nepe pase nan ren yo. Nèg ki te konn kònen klewon an te toujou bò kote m'. Mwen di chèf yo, majistra yo ansanm ak tout rès pèp la: -Chantye a se yon gwo chantye. Travay la gaye, kifè nou yonn pa pre lòt sou ranpa a. Depi nou tande klewon an bay siyal la, n'a kouri vin sanble bò kote m'. Bondye nou an va goumen pou nou. Se konsa, chak jou, depi bajou kase jouk zetwal parèt nan syèl la, mwatye nan nou t'ap mennen travay la sou ranpa a, lòt mwatye a t'ap veye avèk zam yo nan men yo. Nan menm epòk la, mwen pale ak pèp la. Mwen di yo konsa: -Se pou tout moun rete pase nwit lavil Jerizalèm ansanm ak domestik yo. Konsa, n'a pase tout nwit la ap veye. Lajounen, n'a travay. (Neemi 4:15-22)
Se konsa mwen voye mesaje bò kote yo avèk repons sa a: -M' okipe ak yon travay enpòtan, m' pa ka desann. Si m' kite travay la pou m' ale kote nou, li pral sispann. Yo t'ap chache kraponnen nou pou rete travay la. Yo t'ap di nan kè yo: Talè konsa y'a dekouraje avèk travay la, li p'ap janm fini. Aa, Bondye! Ban m' fòs non! Fè m' pa dekouraje! (Neemi 6:3, 9)

Travay di

Parese ap toujou rete grangou. Tout richès yon moun se travay li. (Pwovèb 12:27)
Tou sa ou jwenn pou ou fè, fè l' ak tout fòs ou. Paske, kote ou prale a, nan peyi kote mò yo ye a, nanpwen travay pou ou fè, pa gen lide ki pou mache nan tèt ou, pa gen konesans, pa gen bon konprann. (Eklezyas 9:10)
Nan maten, plante jaden ou. Aswè rive, plante jaden ou ankò. Ou pa janm konnen kilès nan de yo ap bay plis rannman. Ou pa janm konnen si tou de p'ap pran, si tou de p'ap bay menm rannman. (Eklezyas 11:6)

Egzanp moun ki travay di

Sa fè ventan depi m avè ou. Mouton ou yo ak kabrit ou yo pa janm manke fè pitit. Mwen pa janm manje yon ti bouk nan bèt ou yo. Lè bèt nan bwa touye yon mouton, mwen pa janm pote l' ba ou. Mwen te pran pèt la sou kont mwen. Ou te rann mwen reskonsab tout bèt yo vòlè, kit se lannwit, kit se lajounen. Lajounen, chalè te fini avè m'. Lannwit, se te fredi, mwen pa t' kapab dòmi. (Jenèz 31:38-40)
Lè sa a, mwen fè yo konnen ki jan Bondye te la avè m' pou pwoteje m' ak tou sa wa a te di m'. Yo reponn: -Bon. Annavan! Ann al rebati! Epi yo ranje kò yo pou mete men nan travay la. (Neemi 2:18)
Se konsa, nou t'ap rebati ranpa a. Anvan lontan, ranpa a te gen tan rive nan mwatye wotè, paske pèp la te soti pou l' te fè travay la. (Neemi 4:6)
Nou menm, nou konnen ki jan mwen travay ak men m' pou m' te ka jwenn tou sa mwen menm ansanm ak kanmarad mwen yo nou te bezwen. (Travay 20:34)
Jouk koulye a nou anba grangou, nou swaf dlo, nou manke rad, y'ap bat nou, n'ap plede mache san nou pa gen kote pou n' rete. N'ap fatige kò nou travay pou n' ka manje. Lè yo joure nou, nou mande benediksyon pou moun k'ap joure nou; lè yo pèsekite nou, nou mare kè nou. (1 Korint 4:11-12)
Mwen redi travay di, mwen fatige kò m' anpil, mwen pase anpil nwit san dòmi, mwen konnen sa ki rele grangou ak swaf dlo. Anpil fwa mwen te blije rete san manje, mwen soufri fredi, mwen konn pa gen rad pou m' mete sou mwen. (2 Korint 11:27)
Se pou sa m'ap travay, se pou sa m'ap goumen ak tout pouvwa Kris la k'ap travay ak fòs nan mwen. (Kolòs 1:29)
Nou chonje, frè m' yo, jan m' te travay, jan m' te fatige kò m' ap travay lajounen kou lannwit pou m' pa t' sou kont nou yonn pandan tout tan mwen t'ap anonse nou bon nouvèl Bondye a. (1 Tesalonik 2:9)
Mwen pa t' kite pesonn ban m' manje pou gremesi. Okontrè, mwen te travay di, mwen te fatige kò mwen anpil, lajounen kou lannwit, pou m' pa t' sou kont nou yonn. (2 Tesalonik 3:8)

Grangou pouse nou travay

Grangou fè ou travay rèd, paske ou bezwen manje pou ou mete nan bouch. (Pwovèb 16:26)

Moun ki travay di yo dwe peye anvan

Kiltivatè ki travay di a, se li menm an premye ki pou resevwa pa l' nan rekòt la. (2 Timote 2:6)

Benefis travay/travay di

Bezwen satisfè

Moun ki travay jaden ap jwenn manje pou yo manje plen vant yo. Men, moun k'ap pèdi tan yo nan fè bagay san valè, se san konprann yo ye. (Pwovèb 12:11)
Moun ki pran swen yon pye rezen, se li ki va jwenn rezen pou li manje. Moun ki fè travay mèt li byen, y'a gen respè pou li. (Pwovèb 27:18)
Yon moun ki travay di nan jaden l' ap jwenn kont manje pou l' manje. Men, moun k'ap fè bagay ki p'ap sèvi anyen ap toujou pòv. (Pwovèb 28:19)

Pwofi ak richès

Parese fè ou pòv, men travay di fè ou rich. Yon nonm ki wè lwen ranmase rekòt li lè rekòt la pare. Men, se yon wont pou moun ki pase tou tan rekòt la ap dòmi. (Pwovèb 10:4-5)
Lajan ou fè fasil pa lwen fini. Lajan ou fè nan di ap toujou fè pitit. (Pwovèb 13:11)
Travay, w'a jwenn tou sa ou bezwen. Rete chita ap pale anpil ap rann ou pòv. (Pwovèb 14:23)
Lè ou pran san ou pou ou travay, tou sa w'ap fè ap ba ou benefis. Men, lè ou twò prese, ou p'ap janm gen anyen. (Pwovèb 21:5)

Nanm satisfè

Parese p'ap janm jwenn sa yo ta renmen genyen. Men, moun k'ap travay di ap jwenn tou sa yo ta renmen genyen. (Pwovèb 13:4)

Lidèchip

Travay di fè ou grannèg. Men, parese fè ou rete ak moun. (Pwovèb 12:24)

Dòmi trankil

Yon travayè te mèt manje kont li, li te mèt pa manje kont li, l'ap toujou byen dòmi lannwit. Men, moun rich yo, yo sitèlman genyen, yo pase nwit yo blanch ak kè sote. (Eklezyas 5:12)

Kè kontan

Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Ala bon sa bon pou ou, ou menm ki gen krentif pou Seyè a, ou menm k'ap mache nan chemen li mete devan ou lan! Avèk travay ou fè ak men ou, w'ap jwenn manje pou ou manje, w'ap kontan, zafè ou ap mache byen. (Sòm 128:1-2)

Pa twò travay

Sa pa vo lapenn pou nou leve granmaten, pou nou kouche ta, pou nou travay di pou n' ka manje, paske, lè Bondye renmen yon moun, li ba li tout bagay pandan l'ap dòmi. (Sòm 127:2)

Pa twò travay pou vin rich

Pa touye tèt ou ap kouri dèyè lajan pou ou vin rich. Wete lide ou sou sa. (Pwovèb 23:4)

Parès kondane

Ou menm parese, al pran leson nan men foumi yo. Ale wè jan y'ap viv pou ou manyè konprann lavi. Yo pa bezwen moun pou di yo sa pou yo fè. Yo pa bezwen moun pou veye yo, ni pou ba yo lòd. Men, yo pase mwa chalè ap fè pwovizyon. Nan tan rekòt, yo ranmase manje mete la. (Pwovèb 6:6-8)
Yon nonm ki wè lwen ranmase rekòt li lè rekòt la pare. Men, se yon wont pou moun ki pase tou tan rekòt la ap dòmi. (Pwovèb 10:5)
Pa janm voye parese fè komisyon pou ou. L'ap ennève ou menm jan sitwon fè dan moun gasi, menm jan lafimen fè je moun koule dlo. (Pwovèb 10:26)
Parese ap toujou rete grangou. Tout richès yon moun se travay li. (Pwovèb 12:27)
Lè ou parese, ou wè pwoblèm toupatou. Men, pou moun ki pa pè travay, pa gen pwoblèm ki pou rete l'. (Pwovèb 15:19)
Moun ki parese nan travay li se menmman parèyman ak moun k'ap defèt sa k'ap fèt. (Pwovèb 18:9)
Gen moun ki sitèlman parese ata manje yo pa vle mete nan bouch yo. (Pwovèb 19:24)
Parese rete chita lakay li, li di si li soti bèt nan bwa va manje l' nan lari a. (Pwovèb 22:13)
Parese a di: Gen bèt nan bwa sou wout la. Gen yon lyon nan lari a. Parese a ap vire adwat agoch nan kabann li, menm jan yon pòt ap vire louvri fèmen sou gon li yo. Parese a pran kiyè l' nan men l'. Men, pou l' leve l' mete nan bouch li, se yon pakèt afè. Parese mete nan tèt li li gen plis konprann pase sèt moun lespri ki konn sa y'ap di. (Pwovèb 26:13-16)

Konsekans parès

Grangou

Parès fè je ou toujou lou. Moun ki rete san fè anyen ap rete grangou. (Pwovèb 19:15)
Parese pa pare tè li lè pou l' te pare l', li di fè twò frèt. Lè rekòt rive, li pa jwenn anyen nan jaden l'. (Pwovèb 20:4)

Lamizè

Parese, kilè w'a sispann pase tout jounen ou kouche sou do? Kilè w'a souke kò ou leve sot nan dòmi? W'ap di: Kite m' fè yon ti dòmi. Kite m' fè yon ti kabicha non. M'ap lonje kò m' pou m' pran yon ti repo. Antan w'ap dòmi an, san ou pa konnen, se pòv w'ap vin pi pòv. Grangou ap tonbe sou ou tankou yon vòlè nan gran chemen. (Pwovèb 6:9-11)
Parese fè ou pòv, men travay di fè ou rich. (Pwovèb 10:4)
Travay, w'a jwenn tou sa ou bezwen. Rete chita ap pale anpil ap rann ou pòv. (Pwovèb 14:23)
Pa renmen dòmi twòp pou ou pa vin pòv. Souke kò ou. W'a jwenn kont manje pou ou manje. (Pwovèb 20:13)
Paske moun k'ap fè metye bwè ak moun ki afre ap vin pòv. Si ou pase tout tan ou ap dòmi, talè konsa w'ap mache yon men devan yon men dèyè. (Pwovèb 23:21)
Mwen pase bò jaden yon nonm parese, bò jaden rezen yon moun ki san konprann. Pikan te fin pran jaden an nèt. Move zèb t'ap pouse toupatou. Lantouraj jaden yo te fin tonbe. Lè mwen wè sa, mwen kalkile. Mwen gade, sa ban m' yon leson. Dòmi, kabicha, kouche sou do, kwaze men ou dèyè tèt ou... Se bon! W'ap rete konsa, w'ap wè ou pòv. Mizè ap tonbe sou ou tankou yon ansasen san ou pa atann. (Pwovèb 24:30-34)
Lè yon moun twò parese pou l' repare kay li, twati a ap koule, fetay la ap tonbe. (Eklezyas 10:18)

Lanmò

Parese pa anvi leve ni lou ni lejè. Se sa k'ap touye l' la tou. (Pwovèb 21:25)

Nanm grangou

Parese p'ap janm jwenn sa yo ta renmen genyen. Men, moun k'ap travay di ap jwenn tou sa yo ta renmen genyen. (Pwovèb 13:4)

Travay fòse

Travay di fè ou grannèg. Men, parese fè ou rete ak moun. (Pwovèb 12:24)

Pran tan nan travay pou repo ak adorasyon

Saba

Seyè a etabli Saba a

Sou sis jou, Bondye te fin fè tout sa l' t'ap fè a. Setyèm jou a, li sispann travay. Li beni setyèm jou a, li mete l' apa pou li, paske se jou sa a li te sispann travay apre li te fin kreye tout sa l' t'ap kreye a. (Jenèz 2:2-3)
Paske, Seyè a te pran sis jou pou l' fè syèl la, latè a ak lanmè a ansanm ak tou sa ki ladan yo. Apre sa, sou setyèm jou a, li pran repo. Se poutèt sa, Seyè a beni jou repo a, li mete l' apa pou li. (Egzòd 20:11)
Sa va yon siy ant mwen menm ak pèp Izrayèl la, paske mwen menm, Seyè a, mwen te pran sis jou pou m' fè syèl la ak latè a. Sou setyèm jou a mwen te sispann travay, mwen te pran repo. (Egzòd 31:17)
Paske, men sa ki ekri yon lòt kote nan Liv la sou setyèm jou a: Setyèm jou a, Bondye poze kò l' apre li te fin fè tout travay li yo. Paske, moun ki antre kote pou yo poze kò yo ansanm ak Bondye a, se moun ki fin fè travay yo, menm jan Bondye te poze apre li te fin fè travay li. (Ebre 4:4, 10)

Saba obligatwa nan Ansyen Testaman

Sou premye jou a ak sou setyèm jou a, n'a reyini pou nou lapriyè. Jou sa yo, nou p'ap fè ankenn travay. Manje ase n'a fè pou tout moun manje. (Egzòd 12:16)
N'a travay sis jou. Lè sa yo n'a fè tou sa nou gen pou fè. Men, setyèm jou a, se jou repo pou nou mete apa pou Seyè a, Bondye nou an. Jou sa a, nou p'ap fè ankenn travay, ni nou menm, ni pitit gason nou, ni pitit fi nou, ni moun k'ap travay lakay nou, ni bèt nou yo, ni etranje ki lakay nou. (Egzòd 20:9-10)
N'a travay sis jou. Men setyèm jou a, n'a sispann travay, n'a pran repo. Konsa, bèf nou yo ak bourik nou yo, moun k'ap sèvi avèk nou yo ansanm ak etranje ki lakay nou yo va ka pran repo tou. (Egzòd 23:12)
W'a travay sis jou. Men setyèm jou a, se pou ou sispann travay, te mèt nan sezon plante osinon nan sezon rekòt. (Egzòd 34:21)
N'a travay sis jou, men se pou nou mete setyèm jou a apa pou Bondye, se jou repo ki apa nèt pou Seyè a. Si yon moun fè nenpòt ki travay jou sa a, se pou yo touye l'. (Egzòd 35:2)
Chak senmenn nou gen sis jou pou n' fè travay nou. Men, setyèm jou a se jou repo. Jou sa a, piga nou fè ankenn travay. Se jou n'a reyini pou n' fè sèvis pou Bondye. Jou repo a se pou Seyè a li ye. Nenpòt kote nou rete jou sa a, piga nou fè ankenn travay lakay nou. (Levitik 23:3)
N'a travay sis jou. Lè sa a, n'a fè tou sa nou gen pou nou fè. Men, setyèm jou a, se jou repo Seyè a, Bondye nou an. Jou sa a, nou p'ap fè ankenn travay, ni nou menm, ni pitit gason nou, ni pitit fi nou, ni fanm ni gason k'ap travay lakay nou, ni bèf nou, ni bourik nou, ni ankenn nan lòt bèt nou genyen, ni moun lòt nasyon ki rete lakay nou. Konsa, ni fanm ni gason k'ap travay lakay nou ka pran repo menm jan ak nou. (Deteronòm 5:13-14)
Si moun sa yo pote machandiz osinon nenpòt pwovizyon vin vann nou jou repo a, nou p'ap achte anyen nan men yo jou sa a. Se menm bagay la tou si se yon jou fèt pou Seyè a. Chak sètan, n'a kite jaden nou yo poze, epi tout moun ki dwe nou, n'a kite dèt la pou yo. (Neemi 10:31)
Li te di si nou renmen lavi nou, pa pote ankenn chay jou repo a. Pa kite yo pote chay antre nan pòtay lavil Jerizalèm yo. Pa pote chay soti lakay nou jou repo a. Piga nou fè ankenn travay jou sa a. Se pou nou mete jou repo a apa pou Seyè a, jan mwen te bay zansèt nou yo lòd la. Men sa mwen menm, Seyè a, mwen di: Si nou menm nou koute lòd mwen ban nou, si nou pa kite pesonn pote chay antre nan pòtay lavil la jou repo a, si nou kenbe jou repo a tankou yon jou nou mete apa pou mwen, si nou pa fè ankenn travay jou sa a, (Jeremi 17:21-22, 24)

Pinisyon pou moun ki pa obsève Saba

N'a fè tout travay nou pandan sis jou. Men setyèm jou a, se va yon gwo jou repo, jou n'a mete apa pou Seyè a. Nenpòt moun ki fè nenpòt ki travay jou sa a, se pou yo touye l'. (Egzòd 31:15)
Yon jou, antan moun pèp Izrayèl yo te nan dezè a, yo bare yon nonm ki t'ap ranmase bwa jou repo a. Moun ki te bare l' yo mennen l' bay Moyiz, Arawon ak tout moun pèp Izrayèl yo. Yo pran msye, yo mete moun veye l', paske yo pa t' fin konnen sa pou yo te fè avè l'. Lè sa a, Seyè a di Moyiz konsa: -Se pou nou touye nonm lan pou sa li fè a. Y'a mennen msye andeyò limit kan kote yo rete a, pou tout moun kalonnen l' kout wòch jouk li mouri. (Resansman 15:32-35)
Lè sa a tou, mwen wè kèk moun nan peyi Jida a ki t'ap fè ji rezen gwo jou repo a. Gen lòt menm ki t'ap chaje pakèt ble, diven, rezen, fig frans ak anpil lòt chay toujou sou bourik pou yo ale lavil Jerizalèm jou repo a. Mwen avèti yo pou yo pa vann jou sa a. Te gen kèk moun lavil Tir ki te rete lavil Jerizalèm pou fè kòmès. Yo te konn pote pwason ak tout lòt kalite machandiz pou yo te vann moun Jida yo jou repo a. Mwen rale zòrèy chèf peyi Jida yo, mwen di yo: -Ki kalite bagay lèd n'ap fè la a konsa! Gade jan n'ap derespekte jou repo Bondye a non! Se sa menm zansèt nou yo te konn fè, kifè Bondye nou an te pini nou, li te kite tout malè sa yo tonbe sou nou ak sou lavil la. Koulye a n'ap fè Bondye pi fache toujou lè nou pa respekte jou repo li a! (Neemi 13:15-18)
Se poutèt sa, Jeremi, ou pral di yo tou sa, men yo p'ap koute ou. W'ap rele yo, men yo p'ap reponn. (Jeremi 7:27)

Ane saba

Pandan sizan n'a travay tè a, epi n'a ranmase sa li bay. Men, sou setyèm lanne a, n'a kite tè a poze. Menm si li bay kichòy, nou p'ap ranmase anyen sou li. N'a kite rekòt la pou pòv malere yo. Rès la va rete pou bèt nan bwa manje. N'a fè menm bagay la tou pou jaden rezen ak jaden oliv nou yo. (Egzòd 23:10-11)
Seyè a pale ak Moyiz sou mòn Sinayi a, li di l' konsa: -Pale ak moun pèp Izrayèl yo, w'a di yo pou mwen: Lè n'a antre nan peyi m'ap ban nou an, n'a bay tè a yon repo pou Seyè a. Pandan sizan n'a plante jaden nou, n'a taye pye rezen nou yo, epi n'a ranmase rekòt pandan sizan. Men, setyèm lanne a n'a kite tè a poze nèt. Se va yon gwo lanne repo pou tè a. Se va yon lanne n'a kite tè a pran repo pou Seyè a. Nou p'ap simen anyen nan jaden nou, ni nou p'ap taye pye rezen nou yo. Piga nou ranmase grenn ki pouse konsa nan jaden nou pou nou vann. Ni piga nou keyi rezen ki donnen nan pye rezen nou pa t' taye pou nou vann. Se va yon lanne repo nèt pou te a. (Levitik 25:1-5)
Si moun sa yo pote machandiz osinon nenpòt pwovizyon vin vann nou jou repo a, nou p'ap achte anyen nan men yo jou sa a. Se menm bagay la tou si se yon jou fèt pou Seyè a. Chak sètan, n'a kite jaden nou yo poze, epi tout moun ki dwe nou, n'a kite dèt la pou yo. (Neemi 10:31)

Konsekans lè yo pa obsève ane saba a

Lè sa a, tè a va pran repo. Wi, lè lènmi nou yo va depòte nou byen lwen nan peyi pa yo, tè a va rete san travay, l'a pran repo. (Levitik 26:34)
Men, yo gen pou yo pati byen lwen, pou yo kite peyi a san moun pou tè a ka pran repo li. Wi, y'a peye pou sa yo te fè a, paske yo pa t' swiv prensip mwen te ba yo, paske yo te voye kòmandman m' yo jete. (Levitik 26:43)

Ane jibile a

Senkantyèm lanne sa a va yon lanne rejwisans pou tout moun: Nou p'ap simen anyen nan jaden nou yo, ni nou p'ap ranmase grenn ki pouse konsa nan jaden nou yo pou nou vann, ni nou p'ap keyi rezen ki donnen nan pye rezen nou pa t' taye pou nou vann. (Levitik 25:11)

Fèt relijye nan Ansyen Testaman

Fèt Pak

Sou premye jou a, n'a reyini tout moun pou vin adore Seyè a. Lè sa a, pesonn p'ap gen dwa fè okenn gwo travay. (Resansman 28:18)
Sou setyèm jou a, n'a reyini tout pèp la ankò pou n' fè sèvis pou Seyè a. Jou sa a, nou p'ap fè okenn gwo travay non plis. (Resansman 28:25)
Pandan sis jou, n'a manje pen fèt san ledven. Sou setyèm jou a, n'a reyini tout moun pou fè gwo sèvis pou Seyè a, Bondye nou an. Jou sa a, nou p'ap fè ankenn travay. (Deteronòm 16:8)

Jou Ekspyasyon

Men regleman pou nou fè tout tan tout tan jouk sa kaba. Sou dizyèm jou nan setyèm mwa a, tout moun pèp Izrayèl yo ansanm ak tout moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou yo va fè jèn, yo p'ap fè ankenn travay jou sa a. (Levitik 16:29)
-Dizyèm jou sètyèm mwa sa a, se gran jou padon an li ye. N'a reyini tout moun pou n' adore Bondye. N'a fè jèn epi n'a fè ofrann pou yo boule nan dife devan Seyè a. Jou sa a, nou p'ap travay menm, paske se gran jou padon an, jou pou nou fè sèvis pou Seyè a, Bondye nou an, pou nou mande l' fè nou gras. Si yon moun mete anyen nan bouch li jou sa a, y'ap wete l' nan mitan pèp li a. Si yon moun travay jou sa a, se mwen menm, Seyè a, k'ap touye l'. Nou pa pou fè anyen jou sa a. Sa se regleman pou nou swiv tout tan, de pitit an pitit, kote nou pase. (Levitik 23:27-31)

Fèt Pen san Ledven

Premye jou a, n'a reyini tout pèp la pou n' fè sèvis pou Bondye. Nou p'ap fè ankenn gwo travay jou sa a. Pandan sèt jou n'a boule ofrann nan dife pou Seyè a. Sou setyèm jou a, n'a reyini tout pèp la ankò pou n' adore Seyè a. Jou sa a, nou p'ap fè ankenn gwo travay non plis. (Levitik 23:7-8)

Fèt Tonèl

-Pale ak moun pèp Izrayèl yo, w'a di yo konsa: N'a fete fèt joupa yo pandan sèt jou. N'a konmanse sou kenzyèm jou setyèm mwa a. Premye jou a, n'a reyini tout moun pou adore Bondye. Pesonn p'ap fè gwo travay jou sa a. Chak jou, pandan sèt jou, n'a boule ofrann nan dife pou Seyè a. Sou wityèm jou a, n'a reyini moun yo ankò pou adore Bondye, epi n'a boule ofrann nan dife pou Seyè a. Se va yon jou pou adore Bondye. Jou sa a, piga nou fè gwo travay. (Levitik 23:34-36)
Kenzyèm jou setyèm mwa a, n'a reyini tout moun pou yo vin adore Bondye. Jou sa a, pesonn p'ap gen dwa fè okenn gwo travay. N'a fè yon fèt pou Seyè a pandan sèt jou. Wityèm jou fèt la, n'a sanble tout moun pou adore Bondye. Jou sa a, pesonn p'ap fè okenn gwo travay. (Resansman 29:12, 35)

Divès fèt relijye

Jou sa a, n'a reyini pèp la pou l' adore Bondye. Pesonn p'ap fè gwo travay. Sa se regleman pou nou swiv tout tan, de pitit an pitit, kote nou pase. (Levitik 23:21)
-Pale ak moun pèp Izrayèl yo. Men sa pou ou di yo: Premye jou setyèm mwa a va yon gwo jou repo pou nou. Jou sa a n'a kònen twonpèt pou fè moun yo chonje se jou pou yo reyini pou adore Bondye. Piga nou fè gwo travay. N'a fè ofrann pou yo boule nan dife pou Seyè a. (Levitik 23:24-25)
Konsa tou, premye jou fèt premye rekòt la, lè n'ap pote ofrann grenn nou fèk rekòlte yo bay Seyè a, n'a reyini tout moun pou yo vin fè sèvis pou Bondye. Jou sa a, pesonn p'ap gen dwa fè okenn gwo travay. (Resansman 28:26)
Premye jou setyèm mwa a, n'a sanble tout moun pou yo vin fè sèvis pou adore Bondye. Jou sa a, pesonn p'ap gen dwa fè okenn gwo travay. Se jou sa a tou, y'a kònen twonpèt yo pou fè konnen jou a rive. (Resansman 29:1)
Dizyèm jou setyèm mwa a, n'a reyini tout moun pou yo vin fè sèvis pou Bondye. Jou sa a, tout moun va rete san manje. Pesonn p'ap gen dwa fè okenn travay. (Resansman 29:7)

Pati Bondye nan travay

Bondye bay ladrès pou travay

W'a pale ak atizan ki konnen metye yo byen. Se mwen menm ki ba yo tout ladrès yo genyen an. W'a mande yo pou yo fè rad Arawon yo, pou ou ka mete l' apa pou mwen pou l' ka sèvi m' prèt. (Egzòd 28:3)
Seyè a pale ak Moyiz, li di l': -Mwen chwazi Bezaleyèl, pitit Ouri, pitit pitit Our, nan branch fanmi Jida a. Mwen mete lespri m' sou li an kantite pou l' ka gen ladrès, bon konprann ak konesans pou l' fè tout kalite travay atizan yo konn fè, (Egzòd 31:1-3)
Nan travay sa a, mwen bay Bezaleyèl yon lòt bòs pou ede l' nan travay la: se Owoliyab, pitit Ayisamak, moun branch fanmi Dann. Konsa tou, tout lòt moun nan pèp Izrayèl la n'a wè ki gen ladrès, konnen se mwen menm ki ba yo l' pou yo ka fè sa mwen mande ou fè a. (Egzòd 31:6)
Moyiz di pèp Izrayèl la: -Gade. Seyè a chwazi Bezaleyèl, pitit Ouri a, pitit pitit Our, nan branch fanmi Jida a. Li mete lespri l' sou li an kantite pou l' ba li ladrès, konesans ak bon konprann pou l' fè tout kalite travay atizan yo konn fè a, pou l' konn fè bèl desen, pou l' fè travay an lò, an ajan ak an kwiv, pou l' travay pyè tankou òfèv yo konn fè a, epi pou l' konn moute yo, pou l' travay bwa, pou l' ka fè tout kalite travay atizan konn fè. Bondye ba li don pou l' moutre lòt moun metye sa yo. Se menm jan an tou pou Owoliyab, pitit Ayisamak, nan branch fanmi Dann lan. Seyè a ba yo konesans ak ladrès pou yo ka fè tout kalite travay atizan ka fè, desen sou bwa, bon twal koulè ble, violèt ak wouj, twal fen blan. Wi, li ba yo ladrès pou yo ka fè tout metye, pou yo ka fè tout kalite bèl bagay. (Egzòd 35:30-35)
Bezaleyèl, Owoliyab ansanm ak tout moun ki gen konprann, tout moun Seyè a te bay ladrès ak konesans pou yo ka fè tou sa ki nesesè pou kay Bondye a, se pou yo fè tout bagay jan Seyè a te bay lòd la. Moyiz fè rele Bezaleyèl, Owoliyab ansanm ak tout lòt bòs atizan Bondye te bay ladrès ak konesans. Li fè rele tout moun ki te vle pou yo mete men nan travay la ak tout kè yo. (Egzòd 36:1-2)
Mwen mande Seyè a pou l' ba ou bon konprann ak anpil lespri, pou lè l'a mete ou chèf nan peyi Izrayèl la, ou ka toujou fè tou sa ki nan Lalwa Seyè a, Bondye ou la. (1 Istwa 22:12)
Bondye reponn Salomon: -Depi se sa ou wè ou ta renmen genyen! Ou pa mande m' ni richès, ni byen, ni lwanj pou ou. Ou pa mande m' lanmò pou lènmi ou yo, ni ou pa mande m' pou ou sa viv lontan. Ou annik mande m' konesans ak bon konprann pou ou ka kondi pèp mwen an, pèp mwen mete ou gouvènen an. M'ap ba ou konesans ak bon konprann. Men an plis, m'ap ba ou richès, byen ak lwanj pase tout wa ki te la anvan ou, pase tout wa ki va vin apre ou. (2 Istwa 1:11-12)
Tout wa toupatou te vin wè Salomon pou tande bèl pawòl Bondye te mete nan bouch li. (2 Istwa 9:23)
Bondye bay moun ki fè l' plezi bon konprann, konesans ak kè kontan. Konsa tou, li fè mechan yo travay fè lajan sere pou l' ka bay moun ki fè l' plezi. La tou, sa pa vo anyen. Sa pa rapòte anyen. (Eklezyas 2:26)
Bondye bay kat jenn gason sa yo konesans, lespri ak bon konprann pou yo te ka li tout kalite liv. Lèfini, li bay Danyèl don pou l' te konprann sans tout kalite vizyon ak tout kalite rèv. (Danyèl 1:17)
Li kontwole sezon yo ak lè pou chak bagay rive. Se li ki desann wa yo, se li ki moute wa yo. Se li ki bay nèg save yo bon konprann ak nèg lespri yo konesans. Bondye zansèt mwen yo, m'ap fè lwanj ou, m'ap di ou mèsi paske ou ban m' fòs ak bon konprann. Ou fè m' konnen sa nou te mande ou la, ou fè nou konnen sa ki t'ap boulvèse wa a. (Danyèl 2:21, 23)

Bondye bay siksè

Seyè a te kanpe la avèk Jozèf. Li te fè tout bagay mache byen pou li. Jozèf te rete kay mèt li, moun peyi Lejip la. Mèt li tout te wè Seyè a te avèk Jozèf. Seyè a te fè tout zafè l' mache byen. (Jenèz 39:2-3)
Mwen mande Seyè a pou li rekonpanse ou pou tou sa ou te fè. Wi. Ou vini mete ou anba zèl li pou l' pwoteje ou. Se pou Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, ba ou yon bèl rekonpans! (Rit 2:12)
Koulye a, pitit mwen, se pou Seyè a, Bondye w'ap sèvi a, toujou kanpe la avè ou pou ou ka rive bati Tanp lan pou li, jan li te pwomèt ou sa. (1 Istwa 22:11)
Lè sa a, mwen fè yo konnen ki jan Bondye te la avè m' pou pwoteje m' ak tou sa wa a te di m'. Yo reponn: -Bon. Annavan! Ann al rebati! Epi yo ranje kò yo pou mete men nan travay la. Mwen reponn, mwen di yo: -Se Bondye nan syèl la k'ap fè nou reyisi nan sa nou vle fè a. Nou menm ki sèvitè Bondye, nou pral konmanse rebati l'. Men nou menm, moun lòt nasyon, nou pa gen ankenn dwa sou lavil Jerizalèm. Nou pa gen anyen pou nou wè nan sa. Pesonn pa janm nonmen non nou nan koze lavil Jerizalèm. (Neemi 2:18, 20)
Lè lènmi nou yo wè nou te konnen sa yo t'ap konplote a, yo vin konprann Bondye te soti pou gate plan yo. Apre sa, nou tounen al travay nan miray ranpa a, chak moun bò pa yo. Mwen di chèf yo, majistra yo ansanm ak tout rès pèp la: -Chantye a se yon gwo chantye. Travay la gaye, kifè nou yonn pa pre lòt sou ranpa a. Depi nou tande klewon an bay siyal la, n'a kouri vin sanble bò kote m'. Bondye nou an va goumen pou nou. (Neemi 4:15, 19-20)
Se konsa, apre senkannde jou travay, ranpa a te fin repare. Lè sa a, nou te rive sou vennsenkyèm jou nan mwa Eloul la. Lè lènmi nou yo vin konn sa, lè moun lòt nasyon k'ap viv nan vwazinaj nou yo wè sa, yo te wont. Yo rekonèt si travay la te fini se paske Bondye nou an te vle l'. (Neemi 6:15-16)
Jan reponn yo: Pesonn pa ka gen anyen si se pa Bondye nan syèl la ki ba li li. (Jan 3:27)

Bondye kontwole pwomosyon an dènye analiz

Se nan men ou tout richès ak tout byen soti. Ou gouvènen tout bagay avèk fòs ponyèt ou ak pouvwa ou. Se ou menm ki bay tout moun pouvwa ak fòs. (1 Istwa 29:12)
Lwanj pou Seyè a, Bondye ou la! Li moutre jan li kontan avè ou. Li mete ou chita sou fotèy li a pou ou te ka wa peyi Izrayèl la. Li menm ki renmen peyi Izrayèl la, li vle pou peyi a pa janm disparèt. Li mete ou wa pou ou ka kenbe peyi a nan lòd, nan bon chemen, san patipri. (2 Istwa 9:8)
(075:7) Jijman an pa soti bò kote solèy leve a, ni bò kote solèy kouche a. Li pa soti nan nò ni nan sid. (075:8) Non. Se Bondye k'ap jije: L'ap bese yonn, l'ap leve yon lòt. (Sòm 75:6-7)
Monwa, se ou ki pi gran pase tout wa. Se Bondye nan syèl la ki mete ou wa, li ba ou pouvwa, li ba ou fòs, li fè moun fè lwanj ou. Li mete ou chèf pou ou gouvènen tout moun ki rete sou latè, pou ou gouvènen ata zannimo ak zwazo. Se ou menm ki tèt an lò a. (Danyèl 2:37-38)
Yo mete l' deyò, yo voye l' byen lwen, yo pa kite l' mache sou moun. Lespri li tounen tankou lespri yon bèt. Li rete menm kote avèk bourik mawon, li manje zèb tankou bèf, lawouze bat li kou bèt seren. Lèfini, li rekonèt se Bondye ki anwo nan syèl la ki kontwole tout chèf sou latè, se li menm ki bay moun li vle dwa pou yo gouvènen. (Danyèl 5:21)

Bondye ka motive moun travay

Seyè a mete nan tèt tout moun lanvi pou yo travay nan tanp Bondye yo a, depi Zowobabèl, pitit gason Chealtyèl la, gouvènè peyi Jida a, Jozye, granprèt la, pitit gason Jozadak la, jouk dènye moun ki te tounen soti nan peyi kote yo te depòte yo a. Yo konmanse travay nan tanp Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye yo a, (Aje 1:14)

Responsablite patwon ak anplwaye

Responsablite patwon

Peye yon salè jis

Madichon pou moun k'ap bati gwo kay avèk lajan lenjistis, k'ap mete chanmòt sou kay yo ak lajan yo fè nan move kondisyon. Y'ap fè jwif parèy yo travay gratis pou yo, yo pa peye yo lajan yo. (Jeremi 22:13)
Seyè ki gen tout pouvwa a di ankò: -m'a vin jwenn nou pou rann jistis. Parèt mwen parèt, m'ap denonse moun k'ap fè maji, moun k'ap fè adiltè, moun k'ap fè sèman pou twonpe moun, moun k'ap kenbe nan lajan moun k'ap travay pou yo, moun k'ap peze fanm ki pèdi mari yo ak timoun ki pèdi papa yo, moun k'ap pwofite sou moun lòt nasyon, moun ki pa genyen m' krentif. (Malachi 3:5)

Egzanp negosyasyon pou yon salè jis

Laban mande Jakòb: -Ou se fanmi m', se vre. Men, sa pa vle di fòk ou sevi m' gratis pou sa. Di m' konbe pou m' peye ou? (Jenèz 29:15)
Di m' sa pou m' peye ou, m'a ba ou li. (Jenèz 30:28)

Pinisyon pou moun ki pa peye salè jis

Koulye a, nou menm moun rich yo, se pou nou m'ap pale: Nou mèt konmanse kriye, konmanse pouse rèl pou malè ki pral tonbe sou nou yo. (Jak 5:1)
Lò nou ak lajan nou yo fin wouye. Lawouj la pral kanpe pou kondannen nou, li va devore vyann nou tankou dife. Nou te ranmase kont lajan nou nan dènye tan sa a. Gade! Nou pa t' peye lajan nou te dwe peye travayè yo ki t'ap travay pou nou nan jaden. Tande jan y'ap rele! Travayè ki te ranmase rekòt pou nou yo ap plede rele! Rèl yo rive jouk nan zòrèy Bondye, Mèt ki gen tout pouvwa a. (Jak 5:3-4)

Parabòl ki montre peman salè jis

Men ki jan sa ye nan Peyi Wa ki nan syèl la: Se tankou yon mèt jaden rezen ki soti granmaten al chache moun vin travay nan jaden rezen l' lan. Li antann ak yo pou l' ba yo sa yo peye pou yon jounen travay. Li voye yo al travay nan jaden rezen an. Li soti ankò vè nevè nan maten, li wè kèk lòt moun ki te kanpe sou plas la san yo p'ap fè anyen. Li di yo: Nou menm tou, nou mèt al travay nan jaden rezen m' lan, m'a peye nou pou sa n'a fè. Epi y al travay nan jaden an. Apre sa, mèt jaden an soti ankò vè midi, ak yon lòt fwa ankò vè twazè nan apremidi, li fè menm bagay la. Li te vè senkè nan apremidi lè li soti ankò. Li jwenn kèk lòt moun ki te kanpe la sou plas la, li di yo: Poukisa nou rete tout jounen an la san fè anyen konsa? Yo reponn li: Se paske pesonn pa ban nou travay. Mèt la di yo: Enben, nou menm tou, nou mèt al travay nan jaden rezen m' lan. Lè solèy fin kouche, mèt jaden an di jeran l' lan: Rele travayè yo, peye yo lajan yo. Kòmanse ak sa ki te vin an dènye yo pou fini ak premye yo. Mesye ki te antre nan travay vè senkè nan apremidi yo vini, yo chak yo resevwa lajan yon jounen travay. Lè mesye ki te la depi granmaten yo vin rive, yo te kwè yo tapral resevwa plis. Men, yo chak resevwa lajan yon jounen travay tou. Lè yo resevwa lajan an, yo tonbe bougonnen sou do mèt jaden an. Yo di konsa: Moun sa yo vin an dènye, yo travay yon sèl ti moman, epi ou peye yo menm lajan ak nou ki fatige kò n' travay tout jounen an anba chalè solèy la. Mèt la reponn yonn nan yo: Zanmi, mwen pa fè ou okenn lenjistis. Nou te antann pou yon pri, pa vre? Enben, pran lajan ou, al fè wout ou. Se mwen menm ki vle bay moun ki vin an dènye yo menm lajan avè ou. Eske m' pa gen dwa fè sa m' vle ak lajan mwen? Osinon, èske sa fè ou mal si m' gen bon kè? Apre sa, Jezi di yo ankò: Se konsa moun ki dèyè yo va pran devan, moun ki devan yo va rete dèyè nèt. (Matye 20:1-16)

Peye anplwaye a alè

Piga nou pwofite sou moun menm ras ak nou. Lè lè pou nou peye moun ki travay pou nou an rive, peye l' lajan l'. Piga nou voye l' pou denmen maten. (Levitik 19:13)
Piga nou peze yon pòv malere k'ap travay pou lajan l', li te mèt yon moun pèp Izrayèl parèy nou, li te mèt yon moun lòt nasyon k'ap viv nan peyi a nan yonn nan lavil nou yo. Peye l' lajan l' chak jou, anvan solèy kouche, paske li pòv, li bezwen lajan an pou l' viv. Konsa, li p'ap bezwen rele Seyè a pou nou. Men, si sa rive, se nou menm k'ap antò. (Deteronòm 24:14-15)

Rete jis e ekitab

Nou menm mèt yo, aji byen ak domestik nou yo, san fè okenn lenjistis. Chonje byen, nou menm tou nou gen yon mèt nan syèl la. (Kolòs 4:1)

Pa menase, men sèvi anplwaye a

Fè travay nou ak kè kontan, tankou si se pa pou moun nou t'ap travay, men pou Seyè a. Paske chonje byen: kit yon moun esklav, kit li lib, li gen pou l' resevwa sa ki pou li nan men Seyè a, dapre bon travay li fè a. Nou menm mèt, se pou n' aji menm jan an tou ak moun k'ap sèvi nou yo. Pa fè yo okenn menas. Toujou chonje ni nou menm, ni domestik nou yo, nou gen yon sèl Mèt nan syèl la, ki pa gade sou figi moun. (Efèz 6:7-9)

Koute plent anplwaye yo

Lè domestik mwen osinon sèvant mwen gen kont avè m', si mwen ta refize mete rezon an kote l' ye a, kisa mwen ta fè, lè Bondye parèt devan m'? Lè l'a mande m' kont, kisa m'a reponn li? Menm Bondye ki fè m' nan vant manman m' lan, se li menm tou ki fè yo nan vant manman pa yo. Se li menm ki kreye nou tout. (Jòb 31:13-15)

Bay anplwaye a repo ase oswa soufri konsekans yo

Pèp la ap di: -Sa nou bezwen fè jèn fè si Bondye p'ap wè sa? Sa nou bezwen pran lapenn pou sa nou fè ki mal si ou p'ap gade sou sa? Seyè a reponn yo: -M'ap di nou laverite. Jou n'ap fè jèn lan, se jou sa a tou n'ap chache fè sa ki nan enterè nou ase. Se lè sa a n'ap plede peze moun k'ap travay pou nou yo. (Ezayi 58:3)

Si patwon an malonèt, anplwaye yo vin malonèt

Lè yon chèf renmen tripotay, se mechan ase k'ap sèvi avè l'. (Pwovèb 29:12)

Tretman espesyal pou anplwaye ki kwayan

Lè ou achte yon moun menm ras avè ou pou sèvi ou esklav, li gen pou l' sèvi ou sizan. Lè setyèm lanne a rive, l'a lib. L'a gen dwa al fè wout li san l' pa gen anyen pou l' peye ou. (Egzòd 21:2)
Si yon moun menm ras ak nou, kit se gason, kit se fanm, vin vann tèt li ban nou pou li sèvi nou esklav, li va sèvi nou sizan. Lè setyèm lanne a va rive, se pou nou kite l' al fè wout li. Lè n'ap ranvwaye l' la, pa kite l' ale san nou pa ba li anyen. Men, n'a fè l' kado nan bèt nou yo, nan rekòt jaden nou, nan diven nou ak lwil nou, ki vle di n'a separe avè l' byen Seyè a, Bondye nou an, te ban nou pou benediksyon. (Deteronòm 15:12-14)

Patwon beni paske li gen anplwaye ki gen lakrentif Bondye

Laban reponn li: -Fè m' plezi sa a: mwen rekonèt se poutèt ou Seyè a beni m' tout beni sa a. (Jenèz 30:27)
Depi lè Potifa te renmèt kay li ansanm ak tout sa li te genyen bay Jozèf, Seyè a beni kay moun peyi Lejip la poutèt Jozèf. Seyè a beni tout sa li te gen lakay li ak nan jaden l'. (Jenèz 39:5)

Patwon fidèl

Pandan tout douzan mwen pase gouvènè nan peyi Jida a, depi jou wa Atagzèsès te nonmen m' nan pòs sa a, lè sa a li t'ap mache sou ventan depi li te wa, rive sou tranndezan depi li t'ap gouvènen an, ni mwen ni ankenn moun lakay mwen, nou pa janm manyen lajan yo te dwe peye gouvènè a. (Neemi 5:14)
Gouvènè ki te la anvan m' yo te konn ap peze pèp la: chak jou yo te konn pran karant pyès an ajan pou pen ak diven. Ata moun ki t'ap travay avèk yo te konn ap peze pèp la tou. Men mwen menm, mwen pa t' fè sa, paske mwen te gen krentif Bondye. (Neemi 5:15)
Mwen te mete men nan travay ranpa a tankou tout moun, mwen pa achte ankenn tè, epi tout moun ki t'ap travay avè m' yo te la tou nan travay miray la. (Neemi 5:16)
Chak jou mwen te gen sansenkant (0150) moun ap manje sou menm tab avè m' lakay mwen: se te chèf yo ak majistra yo, san konte tout lòt moun ki te vin lakay mwen soti nan lòt peyi nan vwazinaj la. (Neemi 5:17)
Chak jou mwen te fè yo kwit pou mwen yon bèf, sis bon mouton byen gra ak anpil bèt volay. Se mwen menm ki te peye pou tout bagay sa yo ak lajan nan pòch mwen. Chak dis jou mwen fè yon pwovizyon diven fre. Men, malgre sa, mwen pa janm mande pou yo ban mwen sa pou yo bay gouvènè a pou manje l', paske pèp la te gen kont chay sou do li deja. (Neemi 5:18)

Patwon ki pa fidèl

Se konsa, yo fè pèp Izrayèl la tounen esklav. Yo rann yo lavi minab, yo fè yo travay rèd ap bat mòtye, ap fè brik, ap fè tout lòt kalite kòve nan jaden. Yo bat yo, yo fòse yo fè tout kalite travay sa yo. (Egzòd 1:13-14)

Chwazi anplwaye ak atansyon

Patwon ki pran nenpòt moun san konprann osinon nenpòt moun k'ap pase nan lari pou travay pou li, se yon danje pou tout moun. (Pwovèb 26:10)

Responsablite anplwaye

Rete fidèl

Lè sa a, lòt gwo chèf yo ansanm ak prefè yo t'ap chache yon okazyon pou yo antrave Danyèl nan travay leta a. Men, yo pa t' ka jwenn anyen pou yo repwoche l' sitèlman Danyèl te yon nonm serye nan tou sa l'ap fè. Li pa t' pote ankenn neglijans ni pa t' gen ankenn mank nan travay li. (Danyèl 6:4)

Sèvi yon patwon ki gen lakrentif Bondye avèk plis fidelite toujou

Si yon domestik ap sèvi yon mèt ki kwè nan Bondye, li pa fèt pou l' manke l' respè sou pretèks se yon frè nan lafwa li ye. Okontrè, se lè sa a pou l' sèvi l' pi byen, paske moun l'ap rann sèvis la se yon moun ki kwè, se yon moun li renmen. Men sa ou gen pou moutre moun yo. Men sa pou ou preche yo. (1 Timote 6:2)

Siksè ka rezilta fidelite anplwaye a

Yon esklav ki gen konprann va chèf sou yon pitit ki fè papa l' wont. L'a jwenn pa l' nan eritaj papa a tankou tout pitit. (Pwovèb 17:2)
Moun ki pran swen yon pye rezen, se li ki va jwenn rezen pou li manje. Moun ki fè travay mèt li byen, y'a gen respè pou li. (Pwovèb 27:18)
Zafè Danyèl te mache byen pandan tout rèy wa Dariyis ak wa Siris, moun peyi Pès la. (Danyèl 6:28)

Egzanp anplwaye tèlman fidèl yo pa t bezwen rann kont

Yo pa t' fè ankenn regleman ak moun ki te reskonsab lajan pou peye travayè yo, paske se moun serye yo te ye. (2 Wa 12:15)
Li p'ap bezwen fè regleman ak moun sa yo, paske se moun serye yo ye. (2 Wa 22:7)

Egzanp anplwaye fidèl ki te anba sipèvizyon

Mesye yo te serye nan travay yo. Te gen kat moun Levi ki t'ap dirije yo. Se te: Joak ak Obadya, moun nan branch fanmi Merari a, Zekaraja ak Mechoulam, moun nan branch fanmi Keyat. Moun Levi ki te konn fè mizik sou enstriman yo (2 Istwa 34:12)

Yon anplwaye fidèl se yon benediksyon pou patwon an

Yon komisyonè ki p'ap twonpe moun ki voye l' la, se tankou yon bon vè dlo byen fre w'ap bwè nan mitan chalè rekòt. L'ap remoute kouraj mèt li. (Pwovèb 25:13)

Obeyi patwon ou paske se Seyè a w ap sèvi an reyalite

Nou menm domestik, obeyi mèt nou gen sou latè a avèk respè, avèk krentif, ak tout kè nou menm jan nou ta sèvi Kris la. Se pa sèlman lè yo la ap gade nou pou nou aji konsa, tankou moun k'ap achte figi. Lekontrè, fè sa Bondye vle nou fè a ak tout kè nou, tankou moun k'ap sèvi Kris la. Fè travay nou ak kè kontan, tankou si se pa pou moun nou t'ap travay, men pou Seyè a. Paske chonje byen: kit yon moun esklav, kit li lib, li gen pou l' resevwa sa ki pou li nan men Seyè a, dapre bon travay li fè a. (Efèz 6:5-8)
Nou menm domestik, obeyi mèt nou gen sou latè a nan tout bagay. Se pa sèlman lè nou anba je yo pou nou obeyi yo, tankou moun k'ap fè lèzòm plezi. Men, se pou n' obeyi yo ak tout kè nou, akòz respè nou gen pou Seyè a. Nenpòt travay yo ban nou fè, fè l' ak tout kè nou tankou si se pa pou lèzòm nou t'ap travay, men pou Seyè a. Chonje byen: Seyè a gen pou ban nou rekonpans nou: l'ap ban nou eritaj li sere pou moun pa l' yo. Paske, mèt n'ap sèvi tout bon an se Kris la. (Kolòs 3:22-24)
Pale ak domestik yo pou yo soumèt devan mèt yo, pou yo fè mèt yo plezi nan tout bagay. Yo pa fèt pou nan bay repons ak yo. Ni yo pa dwe nan pran sa ki pa pou yo. Okontrè, se pou yo serye tout bon nan tou sa y'ap fè. Konsa y'a fè respè mesaj Bondye, delivrans nou an, nan tout bagay. (Tit 2:9-10)

Menm lè w ap travay pou yon patwon ki pa rezonab

Nou menm domestik yo, nou fèt pou soumèt devan mèt nou yo avèk tout respè yo merite. Pa sèlman devan mèt ki bon yo, mèt ki gen bon kè yo, men devan mèt ki gen karaktè difisil yo tou. Bondye va beni nou, si, lè y'ap fè nou soufri pou sa nou pa fè, nou sipòte lafliksyon an paske nou konnen se sa Bondye vle. (1 Piè 2:18-19)

Onore patwon ou

Tout moun k'ap sèvi kou domestik fèt pou gen anpil respè pou mèt yo. Konsa, pesonn p'ap kapab pale non Bondye a ni verite n'ap anonse a mal. (1 Timote 6:1)
Pale ak domestik yo pou yo soumèt devan mèt yo, pou yo fè mèt yo plezi nan tout bagay. Yo pa fèt pou nan bay repons ak yo. (Tit 2:9)

Pa pale kolèg ou mal

Pa janm pale yon domestik mal devan mèt li. L'a madichonnen ou, l'a fè ou peye bouch ou. (Pwovèb 30:10)

Rete kontan ak salè ou

Kèk sòlda tou mande li: E nou menm, kisa pou nou fè? Li reponn yo: Pa fè brital ak pesonn. Pa fè manti sou pesonn pou pran lajan nan men yo. Fè kè nou kontan ak sa yo peye nou an. (Lik 3:14)

Aji avèk entegrite moral

Se konsa madanm mèt li a vin tonbe pou li. Li di l': -vin kouche avè m' non! Men Jozèf derefize, li di l': -Mèt mwen an pa okipe anyen k'ap pase nan kay li a, paske mwen la. Li lage tout bagay nan men m'. Mwen gen menm otorite avè l' nan kay la, li pa defann mwen manyen anyen, esepte ou menm, paske se madanm li ou ye. Ki jan ou ta vle pou m' fè yon bagay konsa, pou m' fè peche sa a kont Bondye? (Jenèz 39:7-9)

Prensip jeneral travay ak biznis

Pa fè asosyasyon biznis ak moun ki pa kwayan

Pa mete tèt nou ansanm ak moun ki pa gen konfyans nan Kris la: Se pa sosyete konsa ki bon pou nou. Ki jan nou ta vle wè sa pou bagay ki bon, bagay ki dwat, mele ak bagay ki mal? Ki jan pou limyè ta ka mache ak fènwa? Kouman Kris la ta ka antann li ak Satan? Osinon, kisa yon moun ki kwè gen pou wè ansanm ak moun ki pa kwè? Kisa kay Bondye a gen pou wè ak zidòl? Nou se kay Bondye vivan an, pa vre? Se Bondye menm ki di sa: M'a vin rete, m'a viv nan mitan yo. M'a tounen Bondye yo, y'a tounen pèp mwen. Se poutèt sa, Bondye te di nou: Soti nan mitan moun sa yo. Pa mele ak yo. Pa manyen anyen nou pa dwe manyen. Lè sa a, mwen menm, m'a resevwa nou. (2 Korint 6:14-17)

Bati biznis anvan ou bati kay

Regle tout zafè ou. Mete jaden ou anfòm. Apre sa, ou mèt tabli. (Pwovèb 24:27)

Pwodiktivite kreye yon sèten dezòd

Kote ki pa gen bèf pou rale chari pa gen rekòt. Lè bèt ou anfòm w'ap fè bon rekòt. (Pwovèb 14:4)

Moun ki gen ladrès ap resevwa lonè

Moutre m' yon nonm ki gen ladrès nan sa l'ap fè. Se moun konsa k'ap rive travay ak chèf. Li pa pral travay ak moun ki pa anyen. (Pwovèb 22:29)

Pa konte sou demen nan biznis

Koulye a, se ak nou m'ap pale, nou menm k'ap di: jòdi a osinon denmen, n'a pral nan tèl lavil. Rive la, n'a pase yon lanne, n'a fè kòmès ak anpil benefis. Nou pa menm konnen sa lavi nou va ye denmen. Lavi nou tankou yon nwaj. Li parèt pou yon ti tan. Apre sa, li disparèt. Okontrè, men sa pou nou te di: Si Bondye vle, n'a wè denmen, n'a fè sa osinon sa. (Jak 4:13-15)

Okipe pwòp zafè ou, travay ak men ou

Chache viv ak kè poze. Okipe zafè pa nou. Travay ak men nou pou nou pa rete sou kont moun. Konsa, moun ki pa kwè nan Kris la va respekte nou, epi nou menm, nou p'ap rete sou kont pesonn. (1 Tesalonik 4:11-12)

Moun ki pa gen Bondye pafwa pèsekite moun ki gen lakrentif Bondye pou pwoteje yon move biznis

Te gen yon òfèv yo te rele Demetriyis, ki te konn fè ti modèl kay yo te bati pou yon bondye fanm yo rele Atemis. Se an ajan li te fè yo. Travay sa a te rapòte ouvriye l' yo anpil. Yon jou, li sanble tout ouvriye l' yo ansanm ak tout lòt moun ki te konn fè menm travay sa a tou. Li di yo: Mesye, nou konnen se travay sa a ki fè nou viv. Men, nou wè ak je nou, nou tande ak zòrèy nou sa nonm yo rele Pòl la ap fè. L'ap mache di bondye moun fè ak men se pa bondye yo ye menm. Se konsa, li resi rive pran tèt anpil moun, pa isit nan lavil Efèz la ase, men nan tout pwovens Lazi a. Talè konsa, metye nou an pral pote move non. Men, sa ki pi rèd ankò, kay Atemis, gwo bondye fanm lan, pral pèdi repitasyon li. Lè sa a menm, gwo bondye moun ap adore nan tout pwovens Lazi ak toupatou sou latè a pral pase pou anyen. Lè yo tande sa, foul moun yo vin ankòlè anpil, yo pran rele: Atemis moun Efèz yo, se gwo nègès! (Travay 19:24-28)

Seyè a ka sèvi ak travay pou fè nou desann

...paske yo te derefize obeyi kòmandman Bondye ki anwo nan syèl la. Yo pa t' okipe konsèy Bondye te ba yo. Li te kraze kouraj yo anba travay di. Yo tonbe atè. pa t' gen pesonn pou ba yo men. (Sòm 107:11-12)

Peman jis obligatwa pou machandiz ak sèvis

Ou menm, ou pral bay lòd pou yo koupe kèk pye sèd pou mwen nan peyi Liban. Moun pa m' yo va travay ansanm ak moun pa ou yo. m'a peye mesye ou yo jan wa vle l' la. Ou konnen pa gen moun nan peyi m' ki ka koupe bwa tankou moun Sidon yo. (1 Wa 5:6)
...pou yo ka pare yon bon kantite bwa, paske se pou tanp mwen fè lide bati a gwo anpil, se pou l' yon bèl bagay. Men pwovizyon m'ap voye pou moun ou yo k'ap koupe pyebwa yo ak pou moun k'ap siye yo: sanmil (0100.000) barik ble, sanmil (0100.000) barik lòj, sandimil (0110.000) galon diven ak sandimil (0110.000) galon lwil oliv. (2 Istwa 2:9-10)

Egzanp peman ki pa jis

Wa Salomon te pran ventan pou l' bati tanp Seyè a ak palè wa a. Iram, wa peyi Tir, te ba li tout bwa sèd ak bwa pichpen ansanm ak tout lò li te bezwen pou l' fè travay la. Lè travay la fini, wa Salomon bay Iram ven lavil nan zòn Galile a. Iram kite peyi l', Tir, li desann al wè lavil Salomon te ba li yo. Men, li pa t' renmen yo. (1 Wa 9:10-12)

Retrèt

-Sa mwen pral di ou la a, se pou moun Levi yo: Depi yo rive laj vennsenkan y'a fè pati gwoup moun k'ap travay nan Tant Randevou a. Lè y'a gen senkantan, y'a pran retrèt yo, yo p'ap reskonsab okenn travay ankò nan tant lan. Men, y'a gen dwa ede moun Levi parèy yo nan nenpòt travay y'ap fè nan Tant Randevou a. Men yo menm poutèt pa yo, yo p'ap reskonsab okenn travay ankò. Se konsa w'a bay moun Levi yo travay pou yo fè. (Resansman 8:24-26)

Madanm vanyan travay di epi li se yon benediksyon pou fanmi l

Sa pa fasil pou moun jwenn yon bon madanm. Lè li jwenn li, li gen plis valè pase yon boul lò. Mari l' mete tout konfyans li nan li. Tout bagay ap mache byen lakay li. Madanm lan p'ap janm aji mal ak mari l', l'ap pase tout lavi l' ap fè l' byen. Li chache lenn mouton ak fil swa, li travay yo fè twal ak men l'. Tankou bato k'ap pote machandiz, li al byen lwen chache manje mete nan kay la. Solèy poko leve, li gen tan sou pye l', l'ap pare manje pou moun nan kay la. L'ap di sèvant yo sa pou yo fè. Li fè lide sou yon tè, li achte l' ak lajan li fè ak men l'. Li fè jaden rezen sou li. Li mare ren l', li twouse manch rad li pou l' travay. Li santi zafè l' ap mache byen, li rete byen ta lannwit ap travay. Li file koton, li koud rad li. Li lonje men l' bay pòv. Li pran ka malere. Li pa pè fredi pou moun lakay li, paske tout moun gen rad cho pou mete sou yo. Li fè kouvèti lenn pou kabann yo. Tout rad li yo fèt ak twal wouj tise byen sere. Mari l', se yonn nan chèf fanmi lavil la. Tout moun lavil la ap nonmen non l' an byen. Madanm li fe rad pou l' vann, li fè bèl senti, li vann yo ak machann. Li gen anpil kouraj, tout moun respekte l', li pa pè denmen. Lè li louvri bouch li, se bon konsèy li bay. Li toujou gen bon pawòl nan bouch li. Li konnen vire tounen tout moun nan kay la. Li toujou gen yon bagay l'ap fè. Tout pitit li yo ap fè l' konpliman. Mari l' menm ap fè lwanj li. (Pwovèb 31:10-28)
Konsa, lòt jenn medam yo va aprann nan men yo ki jan pou yo renmen pitit yo ak mari yo, ki jan pou yo kenbe tèt yo anplas, pou yo pa nan dezòd, pou yo konn okipe kay yo byen, pou yo aji ak bon kè, pou yo soumèt devan mari yo. Konsa, moun p'ap ka pale pawòl Bondye a mal. (Tit 2:4-5)

Kouri dèyè bagay ki pa vo anyen mennen nan lamizè

Moun ki travay jaden ap jwenn manje pou yo manje plen vant yo. Men, moun k'ap pèdi tan yo nan fè bagay san valè, se san konprann yo ye. (Pwovèb 12:11)
Yon moun ki travay di nan jaden l' ap jwenn kont manje pou l' manje. Men, moun k'ap fè bagay ki p'ap sèvi anyen ap toujou pòv. (Pwovèb 28:19)