Dèt

Ekriti yo ankouraje nou evite dèt, yo konsidere l kòm yon fòm esklavaj, epi yo souliye enpòtans pou peye sa nou dwe. Egzanp biblik yo montre ni chay dèt la ni benediksyon pou pa gen dèt, ak aksan sou pwovizyon Bondye ak responsablite finansye.

Yo ankouraje nou pou nou pa gen dèt

Pa fè dèt lakay pesonn. Sèl dèt nou dwe genyen, se pou nou yonn renmen lòt. Moun ki renmen frè parèy li, li fè tou sa lalwa mande. (Ròm 13:8)

Dèt konpare ak esklavaj

Moun rich ap donminen sou moun pòv. Lè ou prete lajan nan men yon moun, ou tounen timoun devan pòt li. (Pwovèb 22:7)

Kòmandman pou nou pa esklav lòt moun

Bondye te achte nou. Li peye byen chè pou sa. Pa tounen esklav moun. (1 Korint 7:23)

Egzanp difikilte dèt pote

David kite lavil Gat, li sove, l' al kache nan yon gwòt toupre lavil Adoulam. Lè frè l' yo ak rès fanmi li vin konn sa, yo tout desann al jwenn li la. Lè sa a, tout moun ki te gen pwoblèm, tout moun ki te dwe lajan, tout moun ki pa t' kontan sitiyasyon an vin jwenn li. David vin chèf yo. Te gen katsan (0400) gason konsa antou. (1 Samyèl 22:1-2)
Madanm yonn nan pwofèt yo al jwenn Elize, li di l' konsa: —Mari m' mouri. Ou konnen se yon nonm ki te gen krentif anpil pou Bondye. Koulye a, yon nonm mari m' te dwe lajan vini, li vle pran de pitit gason m' yo pou l' al vann yo tankou esklav pou l' ka antre lajan l' lan. (2 Wa 4:1)
Yon lè, moun pèp Izrayèl yo ansanm ak tout madanm yo konmanse plenyen sou do kèk chèf jwif parèy yo. Genyen ki t'ap di: Nou gen anpil moun nan fanmi nou, anpil pitit gason ak anpil pitit fi. Nou bezwen manje pou n' manje pou n' pa mouri grangou. Gen lòt ki t'ap di: Nou te gen yon sèl grangou ki t'ap bat nou, nou setoblije pran potèk sou jaden nou, sou pye rezen nou yo, sou kay nou pou n' ka jwenn manje pou n' manje. Gen lòt ankò ki t'ap di: Pou n' te ka peye taks kontribisyon pou wa a, nou te setoblije prete lajan sou jaden ak pye rezen nou yo. Nou menm ras ak lòt jwif yo. Pitit nou yo pa pi mal pase pa yo. Men, nou setoblije bay pitit fi nou ak pitit gason nou yo sèvi domestik lakay yo. Nou menm rive gen pitit fi nou k'ap fè restavèk! Nou pa ka fè anyen kont sa, paske jaden nou yo ak pye rezen nou yo pa pou nou ankò. (Neemi 5:1-5)
Se pou moun ki te prete l' lajan mete men sou tou sa ki pou li. Se pou etranje piye rekòt jaden li. (Sòm 109:11)
Men sa Seyè a di ankò: -Si m' te voye manman nou tounen lakay li, kote papye divòs mwen te ba li? Ki moun mwen te dwe lajan pou m' ta vann nou ba li tankou esklav? Se poutèt mechanste nou yo mwen te vann nou. Se poutèt peche nou yo mwen te voye manman nou tounen lakay li. (Ezayi 50:1)

Pa gen dèt se te yon bon bagay

Ala yon malè pou mwen! O manman mwen, poukisa ou te fè m'? Mwen nan kont, mwen nan pale anpil ak tout moun nan peyi a. Mwen pa prete moun lajan, mwen pa prete lajan nan men moun. Malgre sa, tout moun ap ban m' madichon. (Jeremi 15:10)

Dèt te konsidere kòm yon madichon

Men tou, si nou pa koute Seyè a, Bondye nou an, si nou pa fè tou sa mwen ban nou lòd fè jòdi a, si nou pa swiv regleman mwen ban nou yo, men madichon l'ap ban nou epi k'ap tonbe sou nou: Moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou va vin pi fò pase nou. Nou menm, chak jou, n'a pèdi fil. Se yo menm ki va gen lajan pou yo prete nou. Nou menm nou p'ap gen anyen pou n' prete yo. Se yo ki va devan, nou menm nou pral dèyè nèt. Tout giyon sa yo va tonbe sou nou. Kote nou pase y'a pase dèyè nou. Y'a rete sou nou jouk y'a fini nèt ak nou. Tou sa, paske nou pa t' koute sa Seyè a, Bondye nou an, di nou, nou pa t' fè tou sa li te mande nou fè nan lòd ak regleman li te ban nou yo. (Deteronòm 28:15, 43-45)

Pa gen dèt te konsidere kòm yon benediksyon

Konsa, p'ap gen moun pòv nan mitan nou, paske Seyè a, Bondye nou an, va beni nou nan peyi l'ap ban nou pou byen eritaj nou an, nan peyi nou pral pran pou nou an. Men, se pou nou toujou obeyi Seyè a, se pou nou swiv pwen pa pwen tout kòmandman m'ap ban nou jòdi a. Wi, Seyè a, Bondye nou an, va beni nou, jan li te pwomèt nou an, konsa n'a gen lajan pou prete anpil lòt nasyon. Men, nou menm nou p'ap janm bezwen prete nan men pesonn. N'a donminen sou anpil lòt pèp. Men, yo yonn p'ap gen pye sou kou nou. (Deteronòm 15:4-6)
Si nou koute Seyè a, Bondye nou an, si nou fè tou sa mwen ban nou lòd fè jòdi a, Seyè a va fè nou tounen nasyon ki pi gran pase tout lòt nasyon ki sou latè. Wi, si nou koute Seyè a, Bondye nou an, men benediksyon l'ap vide sou nou: L'a rete nan syèl la, l'a louvri trezò li, l'a voye lapli sou peyi a lè sezon an va rive, l'a beni tout travay n'ap fè. N'a gen pou nou prete tout moun. Nou p'ap janm bezwen mande pesonn prete. (Deteronòm 28:1-2, 12)

Peye dèt

Moun ki gen lakrentif Bondye peye dèt yo

Pa refize fè byen pou moun ki nan nesesite, chak fwa ou santi ou ka fè sa. Si ou gen lajan sou ou, ou pa ka di frè parèy ou: Ale non! Tounen denmen. M'a ba ou kichòy! (Pwovèb 3:27-28)

Mechan yo pa peye dèt yo

Mechan an prete, li pa nan renmèt. Men, moun ki mache dwat yo gen kè sansib, yo fè kado. (Sòm 37:21)

Seyè a ka bay resous yon fason mirak pou soti nan dèt

Madanm yonn nan pwofèt yo al jwenn Elize, li di l' konsa: —Mari m' mouri. Ou konnen se yon nonm ki te gen krentif anpil pou Bondye. Koulye a, yon nonm mari m' te dwe lajan vini, li vle pran de pitit gason m' yo pou l' al vann yo tankou esklav pou l' ka antre lajan l' lan. Elize mande l': —Kisa m' ka fè pou ou? Di m' kisa ou gen lakay ou. Madanm lan reponn li: —Mèt, m' pa gen anyen pase yon ti boutèy lwil. Lè sa a Elize di li: —Ale nan vwazenaj. Mande prete valè ja vid ou ka jwenn. Lèfini, tounen lakay ou ansanm ak pitit gason ou yo. Fèmen tout pòt. Konmanse plen tout ja yo lwil. Chak ja ki plen, w'a mete l' sou kote. Se konsa, madanm lan kite Elize, li tounen lakay li al jwenn pitit gason l' yo. Li fèmen pòt. Li pran ti boutèy lwil la, li vide lwil nan ja vid yo. Pitit gason l' yo t'ap pote ja yo ba li yonn apre lòt. Li menm li t'ap plen yo. Lè tout ja yo fin plen, madanm lan mande yonn nan pitit li yo si pa t' gen ja ankò. Gason l' lan reponn li. —Pa gen ja vid ankò non. Lamenm lwil la sispann koule. Madanm lan al jwenn Elize, li rakonte l' tout bagay. Elize di li: —Bon. Al vann lwil la. Peye tout dèt ou yo. Lèfini, w'ap gen lajan rete nan men ou pou ou viv ak pitit ou yo. (2 Wa 4:1-7)

Padon dèt chak setyèm ane – yon lwa pou kwayan Ansyen Testaman yo

Chak sètan n'a annile dèt tout moun ki dwe nou, n'a kite lajan an pou yo. Men ki jan n'a fè l': Tout moun ki te prete yon moun pèp Izrayèl parèy li lajan va kite lajan an pou li. Depi lè a rive pou yo annile tout dèt pou Seyè a, li p'ap ka egzije pou lòt la renmèt li lajan an ankò. N'a gen dwa egzije pou moun lòt nasyon yo peye nou sa yo dwe nou. Men, nenpòt kisa yon moun pèp Izrayèl parèy nou dwe nou, n'a kite l' pou li. Konsa, p'ap gen moun pòv nan mitan nou, paske Seyè a, Bondye nou an, va beni nou nan peyi l'ap ban nou pou byen eritaj nou an, nan peyi nou pral pran pou nou an. Men, se pou nou toujou obeyi Seyè a, se pou nou swiv pwen pa pwen tout kòmandman m'ap ban nou jòdi a. Wi, Seyè a, Bondye nou an, va beni nou, jan li te pwomèt nou an, konsa n'a gen lajan pou prete anpil lòt nasyon. Men, nou menm nou p'ap janm bezwen prete nan men pesonn. N'a donminen sou anpil lòt pèp. Men, yo yonn p'ap gen pye sou kou nou. Si ta gen yon pòv nan mitan moun pèp Izrayèl parèy nou yo k'ap viv nan yonn nan lavil nan peyi Seyè a te ban nou an, pa fèmen kè nou, pa refize lonje men bay frè nou ki nan nesesite. Okontrè, se pou nou lonje men ba li, n'a prete l' lajan pou l' achte tou sa li bezwen. Pa kite ankenn move lide pase nan tèt nou pou nou ta di: Nou toupre setyèm lanne a, lanne pou nou annile dèt tout moun ki dwe nou, epi pou nou fè move jan ak frè parèy nou ki nan nesesite, pou nou derefize prete l' anyen. Paske lè sa a, l'a rele Seyè a, l'a pale l' pou nou, epi n'a gen tò. Non. Se pou nou prete l' epi lè n'ap prete l', se pou ou fè l' ak tout kè ou. Konsa, poutèt sa, Seyè a, Bondye nou an, va beni nou nan tout travay nou, nan tou sa n'ap fè. Va toujou gen kèk moun nan pèp Izrayèl la k'ap nan nesesite. Se poutèt sa mwen mande nou pou nou aprann louvri men nou bay frè parèy nou ki pòv osinon ki nan nesesite nan peyi nou an. (Deteronòm 15:1-11)
Moyiz ba yo lòd sa a: -Chak sètan, lè lanne pou yo renmèt dèt yo va rive, pandan y'ap fete fèt Joupa yo. lè tout pèp Izrayèl la va vin adore Seyè a, Bondye nou an, nan kote li te chwazi pou sa a, n'a li tout liv lalwa a byen fò devan yo tout, pou yo ka tande l' nan zòrèy yo. (Deteronòm 31:10-11)
Si moun sa yo pote machandiz osinon nenpòt pwovizyon vin vann nou jou repo a, nou p'ap achte anyen nan men yo jou sa a. Se menm bagay la tou si se yon jou fèt pou Seyè a. Chak sètan, n'a kite jaden nou yo poze, epi tout moun ki dwe nou, n'a kite dèt la pou yo. (Neemi 10:31)

Lòt egzanp peman dèt

Si l' te fè ou kèk bagay mal, osinon si l' dwe ou kichòy, mete sa sou kont mwen. Mwen menm Pòl, m'ap ekri sa ak men pa mwen: m'a renmèt ou sa. Mwen pa kwè m' bezwen fè ou chonje jan ou dwe m' lavi. (Filemon 18-19)

Dèt itilize kòm egzanp nan ansèyman

Ansèyman Jezikri

Lè sa a, Pyè pwoche bò kot Jezi, li di l' konsa: Mèt, konbe fwa pou m' padonnen frè m' lè li fè m' yon bagay mal? Sèt fwa konsa? Jezi reponn li: Non, Pyè. Mwen pa di ou padonnen l' sèt fwa, men padonnen l' swasanndis fwa sèt fwa. Men ki jan sa ap pase nan Peyi Wa ki nan syèl la: Se tankou yon wa ki te vle fè regleman ak domestik li yo. Li te fèk kòmanse fè regleman an lè yo mennen yonn ba li ki te dwe l' senkantmil (50.000) goud. Men, nonm lan pa t' gen dekwa peye tout lajan sa a. Mèt la bay lòd pou yo vann li tankou esklav, li menm, madanm li, pitit li yo ansanm ak tou sa l' te genyen, pou peye dèt la. Domestik la tonbe ajenou devan mèt la, li di li: Mèt, tanpri souple, pran yon ti pasyans pou mwen, m'a peye ou tout lajan an. Kè mèt domestik la fè l' mal, li kite lajan an la pou li, li kite l' ale. Lè domestik la soti, li kontre ak yon kanmarad ki te dwe l' san (100) goud. Li kenbe l', li pran trangle l', li di li: Peye m' sa ou dwe m' lan. Kanmarad la lage kò l' atè, li di lòt la: Tanpri, pran yon ti pasyans pou mwen, m'a peye ou. Men, lòt la pa tande. Li fè mete kanmarad la nan prizon, pou jouk lè li fin peye sa li dwe a. Lè lòt domestik yo wè sak te rive, sa te fè yo mal anpil. Y al rakonte mèt la sak te pase. Lè sa a, mèt la fè rele domestik la. Li di l' konsa: Gade jan ou mechan! Mwen kite tout lajan sa a pou ou paske ou te mande m' fè sa pou ou. Ou te dwe gen pitye pou kanmarad ou a menm jan mwen te gen pitye pou ou a. Mèt la fè gwo kòlè, li fè mete msye nan prizon pou yo bat li jouk lè li fin peye tou sa l' te dwe a. Se konsa Papa m' ki anwo nan syèl la va aji ak nou, si nou pa padonnen frè nou yo ak tout kè nou. (Matye 18:21-35)
Lè sa a, Jezi pran lapawòl, li di l' konsa: Simon, mwen gen kichòy pou m' di ou. Simon reponn li: Mèt, ou mèt pale wi. Jezi di li: Vwala, se te de moun ki te dwe yon nonm ki te prete yo lajan; premye a te dwe l' senksan (500) goud; lòt la te dwe l' senkant goud. Ni yonn ni lòt pa t' gen dekwa peye dèt la. Lè sa a, nonm lan di yo yo pa bezwen peye dèt la ankò. Kilès nan yo de a va renmen l' plis? Simon reponn li: Mwen ta kwè se nonm ki te dwe l' plis la. Jezi di l': Ou byen reponn. (Lik 7:40-43)

Ansèyman Pòl

Li chire papye kote tou sa nou te dwe l' yo ekri a. Papye sa a te kondannen nou devan lalwa. Kris la detwi l' nèt lè li kloure l' sou kwa a. (Kolòs 2:14)

Garanti pou lòt moun (kosyon/bay men)

Garanti pou lòt moun dekouraje

Fòk yon moun pèdi tèt li nèt pou l' garanti dèt yon lòt moun. (Pwovèb 17:18)
Si yon moun sòt jouk pou li asepte bay pawòl li pou dèt yon etranje, se pou yo pran ata rad ki sou li jouk lòt la peye. (Pwovèb 20:16)
Si yon moun sòt jouk pou li asepte bay pawòl li pou dèt yon etranje, se pou yo sezi ata rad ki sou li jouk lòt la peye. (Pwovèb 27:13)

Garanti pou lòt moun danjere

Lè ou pwomèt pou ou peye dèt yon moun ou pa konnen, w'a gen pou règrèt sa pita. L'a pi bon pou ou si ou refize bay garanti pou yon lòt. (Pwovèb 11:15)
Pa pwomèt pou ou reskonsab dèt yon lòt moun fè. Si ou pa ka peye, y'a sezi ata kabann anba do ou. (Pwovèb 22:26-27)

Delivrans anba garanti

Pitit mwen, si ou pwomèt pou ou reskonsab dèt yon zanmi ou fè, si ou bay pawòl ou pou lajan yon lòt moun prete, si yo pran pawòl ki soti nan bouch ou pou mele ou, si pwomès ou te fè yo tounen yon pèlen pou ou, ay, pitit mwen! men sa pou ou fè pou ou wete tèt ou nan traka sa a. Kouri al jwenn zanmi ou lan, kenbe l' kout. Pa dòmi sou sa. Pa kite sa trennen. Degaje ou chape kò ou anba men l', tankou kabrit k'ap chape kò l' anba men kaptè, tankou zwazo k'ap bat pou l' sove nan men chasè. (Pwovèb 6:1-5)