Divès

Pasaj sa yo pale de divès aspè biznis, finans ak nati moun, epi yo montre danje visye, malonètete ak move priyorite. Yo souliye enpòtans entegrite, kontantman ak konfyans nan Bondye nan tout aspè lavi a, ladan l biznis.

Biznis

Chak cha lagè achte nan peyi Lejip te koute sisan (0600) pyès ajan, chak chwal te koute sansenkant (0150) pyès ajan. Se menm moun sa yo ki te konn al achte chwal pou revann wa peyi Et yo ak wa peyi Siri yo. (1 Wa 10:29)
Lè moun ap machande, machandiz pa janm bon. Fini yo fin achte, y'ap mache di jan yo fè yon bon zafè. (Pwovèb 20:14)
Koulye a, se ak nou m'ap pale, nou menm k'ap di: jòdi a osinon denmen, n'a pral nan tèl lavil. Rive la, n'a pase yon lanne, n'a fè kòmès ak anpil benefis. Nou pa menm konnen sa lavi nou va ye denmen. Lavi nou tankou yon nwaj. Li parèt pou yon ti tan. Apre sa, li disparèt. Okontrè, men sa pou nou te di: Si Bondye vle, n'a wè denmen, n'a fè sa osinon sa. (Jak 4:13-15)

Konsekans finansye adiltè

Si se pa sa, se etranje ki va pran tout byen ou yo. Se lòt moun ki va jwi tou sa ou te travay fè. (Pwovèb 5:10)
Li p'ap asepte lajan. Nanpwen kado ki pou fè l' bliye sa. (Pwovèb 6:35)
W'ap fè kè papa ou kontan si ou toujou ap chache bon konprann. Moun k'ap frekante jennès, se lajan l' l'ap gaspiye. (Pwovèb 29:3)

Kè moun

Pa chita pou ou manje sou menm tab ak moun ki tikoulout. Pa pote lanvi sou manje l'ap ofri ou. Li chich ata ak tèt pa li, ale wè avè ou. L'ap di ou: Manje non, monchè! Bwè non! Men se pa ak tout kè li l'ap di ou sa. W'a vonmi tou sa ou te manje a. Tout bèl pawòl ou te di l' yo p'ap sèvi ou anyen. (Pwovèb 23:6-8)
Se konsa, tankou si yo te gen dizon, tout pèp la ap sanble bò kote ou, y'ap vin chita devan ou pou yo ka koute sa w'ap di. Men, yo p'ap fè sa w'ap di yo fè. Yo pran pawòl ou yo pou fè bèl fraz. Se enterè yo ase yo konnen. (Ezekyèl 33:31)
Men, si n'ap fè jalouzi nan kè nou, si nou kenbe moun nan kè nou, si n'ap kouri dèyè enterè pa nou, pa vante tèt nou, pa fè manti sou laverite a. Bon konprann konsa pa soti nan Bondye, li soti nan lemonn, nan moun ak nan dyab la. Paske, kote ki gen jalouzi, kote moun ap kouri dèyè enterè pa yo, fòk gen dezòd ak tout kalite mechanste. (Jak 3:14-16)
Nou anvi yon bann bagay. Men, nou pa ka jwenn yo. Lè konsa, nou pare pou nou touye moun. Nou anvi sa ki pa pou nou. Men, nou pa ka jwenn yo. Lè konsa, se fè kont, se goumen. Si nou pa jwenn sa nou bezwen an, se paske nou pa mande Bondye. Menm lè nou mande, nou pa resevwa anyen, paske nou mande mal. Nou mande bagay ki pou satisfè pwòp dezi pa nou sèlman. (Jak 4:2-3)
Nan kouri dèyè lajan, yo pral esplwate nou ak yon bann manti. Men, depi lontan moun sa yo deja jije, nanpwen chape pou yo. (2 Piè 2:3)

Lwa Ansyen Testaman sou maryaj

Si apre sa, rive yon lè nonm lan pa renmen l' ankò, l'a kite l' al fè wout li. Li p'ap ka vann li pou lajan, ni li pa ka aji avè l' tankou yon esklav, paske se fòse li te fòse l' vin madanm li. (Deteronòm 21:14)

Gen moun ki pa okipe lajan

Seyè a di ankò: -Mwen pral voye moun peyi Medi yo vin atake yo. Se yon bann moun lajan pa di yo anyen, lò pa tante yo. (Ezayi 13:17)
Yo reponn li: -Sa nou gen pou n' regle ak Sayil ansanm ak rès fanmi li an, se pa yon keksyon lò ak ajan, ni nou pa ta renmen touye pesonn nan peyi Izrayèl. David mande yo: -Manyè di m' sa nou vle m' fè pou nou. (2 Samyèl 21:4)

Divès

Bòz di l' konsa: -benediksyon Seyè a avè ou, mafi! Sa w'ap fè la a pi konsekan pase tou sa ou te fè pou bèlmè ou la. Sa moutre ou pa soti pou ou lage fanmi an. Ou ta gen dwa al dèyè nenpòt ki jenn gason, rich osinon pòv, pou marye avè ou, men ou pa fè l'. (Rit 3:10)
Pèp la ap madichonnen moun k'ap sere manje nan depo pou pri a ka moute. Men, l'ap fè lwanj pou moun k'ap vann manje a nan mache. (Pwovèb 11:26)
Pito ou pase pou malere men ou gen manje pou ou manje, pase pou ou pran pòz grannèg ou epi w'ap mouri grangou. (Pwovèb 12:9)
Verite, konesans, lespri ak bon konprann, se bagay ou mèt peye chè pou ou genyen. Men, pa janm vann sa. (Pwovèb 23:23)
Atout li pa t' janm fè ankenn krim, yo antere l' menm kote ak mechan yo. Atout li pa t' janm kite manti soti nan bouch li, yo mete l' nan yon kavo nan mitan tonm moun rich yo. (Ezayi 53:9)
Lè sa a, Jezi di yo: Se konsa, tout dirèktè lalwa ki tounen yon disip nan Peyi Wa ki nan syèl la ap tankou yon mèt kay k'ap rale met deyò bagay li fenk achte ak bagay li gen depi lontan nan byen l' yo. (Matye 13:52)
Men te gen yon fanm nan foul la ki te malad: li te gen pèdisyon depi douzan. Li te soufri anpil nan men plizyè dòktè, li te fin depanse tout byen li; men li pa t' jwenn okenn soulajman. Okontrè, maladi a te vin pi rèd sou li. (Mak 5:25-26)
Kòmandan an di l' konsa: Mwen menm, mwen te peye gwo lajan pou m' te ka sitwayen women. Pòl reponn li: Mwen menm, mwen fèt sitwayen women. (Travay 22:28)

Pa mete amann sou moun ki jis

Se pa jistis pou inonsan peye pou koupab. Pa gen jistis lè yo bat moun ki pa fè mal. (Pwovèb 17:26)

Jijman Seyè a

Jou sa a, kote ki te gen mil (01.000) pye rezen, epi ki te vo mil (01.000) pyès an ajan va plen pikan ak raje. (Ezayi 7:23)
Men, y'ap pran lajan y'ap ba li a ansanm ak benefis l'ap fè nan kòmès sal li a, y'ap mete yo apa pou Seyè a. Li p'ap ka ranmase yo pou l' sere. Se moun k'ap sèvi Seyè a ki pral sèvi ak lajan sa a pou achte manje plen vant yo ak bèl rad pou mete sou yo. (Ezayi 23:18)

Mesi a ap pwospere

Seyè a di: -Men li, sèvitè m' lan va wè tout travay li ap mache byen! L'a vin grannèg. Moun va konsidere l' anpil. Y'a pote l' anlè! (Ezayi 52:13)
Men, se te volonte Bondye pou yo te kraze l' anba soufrans konsa, pou l' te bay lavi li pou Bondye te ka padonnen peche nou yo. L'a wè pitit pitit li yo. L'a viv pi lontan toujou. Se konsa travay Seyè a va mache byen nan men l'. (Ezayi 53:10)

Yo pa ka achte yon relasyon ak Seyè a

Vini non, nou tout ki swaf dlo. Men dlo! Vini non, nou tout ki pa gen lajan, nou mèt vini. Achte manje pou nou manje. Nou pa bezwen lajan! Achte diven ak lèt pou nou bwè. Nou pa bezwen peye! Poukisa n'ap depanse lajan achte manje ki pa ka fè anyen pou nou? Poukisa n'ap depanse lajan travay nou pou bagay ki pa ka plen vant nou? Si nou koute byen sa m'ap di nou la a, n'a manje sa ki bon. N'a pran plezi nou nan manje bon kalite manje. (Ezayi 55:1-2)

Enfidelite konpare ak pwostitisyon

Yon jennès se peye yo peye sa. Men ou menm, se ou menm ki bay nonm ou yo kado, se ou menm k'ap ofri yo lajan pou yo soti toupatou vin kouche avè ou. Ou pa t' tankou lòt fanm k'ap fè jennès yo. Pesonn pa t' fòse ou fè sa. Yo pa t' peye ou pou sa. Se ou ki t'ap peye moun vin kouche avè ou! Non! Ou pa t' tankou lòt jennès yo! (Ezekyèl 16:33-34)

Lwa sou prèt yo ak tè a

Yo p'ap gen dwa ni vann tè a, ni boukante l' ak lòt moun, ni bay lòt moun li. Se pi bon tè nan tout pèyi a. Yo mete l' apa pou Seyè a, se pou li li ye nèt. (Ezekyèl 48:14)

Moun ki pa gen Bondye pa bay Seyè a anpil valè

Mwen di yo: -Si nou vle peye m', nou mèt peye m'. Si nou pa vle tou, sa pa fè anyen. Y'a l' pran lajan an, yo peye m' trant pyès an ajan pou sa m' te fè a. Men, Seyè a di m' konsa: -Al bay lajan an pou yo mete l' nan kès tanp lan. Konsa, mwen pran trant pyès an ajan yo, bèl pri yo te wè pou yo te ban m' pou travay mwen te fè a, mwen mete yo nan kès tanp lan. (Zakari 11:12-13)

Y ap bay moun ki genyen plis; y ap pran tout bagay nan men moun ki pa genyen

Li di yo toujou: -Fè atansyon sa n'ap tande la a. Mezi nou sèvi pou mezire lòt moun, se li menm Bondye va pran pou mezire nou tou, ak tout degi l' sou li. Paske, moun ki genyen deja a, y'a ba li ankò. Men moun ki pa gen anyen an, y'a wete nan men l' ata ti sa l' te genyen an. (Mak 4:24-25)

Lajan itilize pou montre lajwa zanj yo pou delivrans

Osinon ankò, sipoze yon fanm ki gen dis pyès lajan. Si li pèdi yonn ladan yo, èske li p'ap limen lanp, bale tout kay la, chache nan tout ti kwen jouk li jwenn li? Lè l' jwenn li, l'ap rele zanmi l' ak vwazen li yo, l'ap di yo: vin fè fèt avè m'; mwen jwenn pyès lajan m' ki te pèdi a. Konsa tou, m'ap di nou sa, gen kontantman nan mitan zanj Bondye yo pou yon sèl moun ki t'ap viv nan peche epi ki tounen vin jwenn Bondye. (Lik 15:8-10)

Pèspektiv sou pwopriyete nan premye legliz la

Tout moun ki te kwè yo t'ap viv ansanm yonn ak lòt. Yo te mete tou sa yo te genyen ansanm. Yo vann tè yo ak tout byen yo, yo separe lajan an pami yo tout, dapre nesesite chak moun. (Travay 2:44-45)
Tout moun ki te kwè yo te fè yon sèl kò, yo te gen menm santiman yonn pou lòt, yo te gen yon sèl lide yonn anvè lòt. Pesonn pa t' di byen li yo te pou tèt pa l' ase, men tou sa yonn te genyen te pou tout moun. Se avèk anpil pouvwa apòt yo t'ap bay prèv ki jan Bondye te leve Jezi fè l' soti vivan nan lanmò. Bondye menm te vide benediksyon l' an kantite sou yo tout. Pesonn nan mitan yo pa t' nan nesesite. Sa ki te gen jaden, sa ki te gen kay, yo vann sa, yo pote lajan an renmèt apòt yo. Apre sa, yo te separe lajan an bay chak moun dapre nesesite yo. Se konsa, te gen yon nonm yo rele Jozèf, yon moun Levi ki soti lil Chip. Apòt yo te ba l' yon ti non Banabas, ki te vle di: Nonm k'ap ankouraje a. Enben, li vann yon jaden li te genyen, li pote lajan an renmèt apòt yo. (Travay 4:32-37)

Moun ki vin konnen Seyè a abandone bagay mal ki koute chè

Anpil nan moun ki te kwè yo vini, yo kanpe devan tout moun, yo t'ap avwe tou sa yo te fè, yo t'ap rekonèt sa an piblik. Te gen anpil ladan yo ki te konn pratike maji, yo pote liv yo, yo boule yo devan tout moun. Dapre kalkil yo te fè, te gen liv pou desansenkantmil (250.000) goud antou. (Travay 19:18-19)

Jistifikasyon

Epi li di Sara. Mwen bay frè ou la mil (01.000) pyès lajan. Se pou sa ka fè moun ki la avè ou yo bliye sak te rive ou. Konsa, tout moun va konnen ou pa t' fè anyen ki mal. (Jenèz 20:16)

Piyay, bagay yo piye

Lòt pitit Jakòb yo menm jete kò yo sou kadav yo, yo piye lavil la byen piye, paske moun lavil la te avili sè yo a. Apre sa, yo pran tout bèt, tout bèf, tout bourik ak tout sa ki te nan lavil la ak nan jaden yo. Yo pran tout richès ak tout sa ki te nan kay mesye yo pote ale, yo fè tout pitit yo ak tout medam yo prizonye. (Jenèz 34:27-29)
Se lè sa a moun pèp Izrayèl yo sispann kouri dèyè moun Filisti yo, yo kase tèt tounen. Yo fè yon gwo piyay nan kan moun Filisti yo. (1 Samyèl 17:53)
Bennadad, wa peyi Siri a, reyini tout lame li a. Trannde lòt wa, avèk tout chwal yo ak cha lagè yo, vin mete tèt ansanm avè l'. Bennadad mache sou lavil Samari. Li sènen l', li atake l'. Li voye mesaje anndan lavil la bò kote Akab, wa peyi Izrayèl la, pou di li: -Wa Bennadad voye di ou tout bagay ou gen an lò ak an ajan se pou li yo ye. Tout madanm ou yo ak tout pi bon pitit gason ou yo se pou li yo ye tou. Wa Akab reponn: -Di wa Bennadad, mèt mwen, se jan li vle! Li mèt pran m' ansanm ak tou sa m' genyen. Mesaje yo tounen ankò vin di Akab: -Men sa Bennadab voye di ou: M' te voye mande ou pou ou ban mwen tou sa ou gen an lò ak an ajan, tout madanm ak tout pitit gason ou yo. Koulye a, denmen vè lè konsa, m'ap voye moun pa m' yo pou yo fouye palè ou la ak kay tout moun pa ou yo, pou yo pran tou sa y'a jwenn ki gen valè nan je yo. Chèf fanmi yo ansanm ak pèp la di l' konsa: -Pa koute l', pa dakò avè l'! (1 Wa 20:1-6, 8)
Lame Izrayèl la bat lame Jida a byen bat. Tout sòlda peyi Jida yo vole gagè, y' al lakay yo. Li pran dènye bagay an lò ak an ajan li jwenn, tou sa ki te nan Tanp Seyè a ak tout richès ki te nan palè wa a. Li pote yo avè l' lavil Samari, san konte kantite moun li te fè prizonye sou kondisyon. (2 Wa 14:12, 14)
Jozafa ansanm ak lame li a desann al piye tou sa lènmi yo te kite. yo jwenn kantite bèt, pwovizyon, rad ak anpil lòt bagay ki te gen valè. Yo pase twa jou ap ranmase. Men te gen sitelman, yo pa t' ka pran tout pote ale. (2 Istwa 20:25)
Depi nan tan zansèt nou yo jouk jounen jòdi a, nou pa manke fè sa ki mal. Se poutèt tou sa nou te fè ki mal kifè ou te lage nou ansanm ak wa nou yo ak prèt nou yo nan men wa lòt peyi yo. Yo touye nou nan lagè, yo depòte nou, yo piye tout ajan nou, yo fè nou wont jan nou ye jouk koulye a. (Esdras 9:7)
Dapre sa ki te nan lèt yo, wa a te bay tout jwif yo pèmisyon pou yo te òganize yo nan chak lavil peyi a pou yo te ka defann tèt yo. Nenpòt moun lòt nasyon ki ta atake yo ak zam nan nenpòt pwovens, se pou yo koresponn ak yo, se pou yo masakre yo ansanm ak madanm yo ak pitit yo. Se pou yo touye yo nèt ale, lèfini pou yo pran tout byen yo. (Estè 8:11)
Jwif yo tonbe sou tout lènmi yo ak kout nepe. Yo touye yo, yo masakre yo. Yo fè sa yo vle ak moun ki pa t' vle wè yo. Se te pitit gason Aman yo, pitit pitit Amedata a, moun ki pa t' vle wè jwif yo. Men, jwif yo pa t' pran anyen lakay moun yo. (Estè 9:5, 10)
Seyè a di: -Madichon pou peyi Lasiri a! Paske, l'ap tankou yon baton nan men m' pou m' pini pèp la. M'ap sèvi avèk pouvwa ki nan men l' lan pou m' fè pèp la wè jan m' ankòlè. Mwen te voye l' kouri al atake yon nasyon ki derespekte m'. Mwen te ba li manda pou l' regle yon pèp ki te fè m' fache anpil, pou l' pase men pran tou sa yo genyen, pou l' piye yo, pou l' pilonnen yo anba pye l' tankou pousyè nan lari. (Ezayi 10:5-6)
Men sa Seyè a di: Lè m'a fin fè sa m'ap fè a sou mòn Siyon ak nan lavil Jerizalèm, m'ap pini wa peyi Lasiri a pou pretansyon li mete nan tèt li, pou awogans li genyen lè l'ap gade moun. Paske l'ap mache di: Se ak fòs ponyèt mwen mwen fè tou sa! Mwen gen bon konprann, mwen gen anpil lespri. Mwen wete bòn ki te make fwontyè pèp yo. Mwen devalize tou sa yo te sere. Tankou gwo towo bèf, mwen kraze tout moun ki t'ap viv la yo anba pye m'. Nasyon latè yo te tankou nich zwezo pou mwen: mwen annik lonje men m', mwen pran tout richès yo. Mwen mache toupatou sou latè ap ranmase, tankou moun ranmase ze k'ap drive nan nich san gadò. Pa t' gen yonn ki bat zèl li pou fè m' pè. Pa t' gen yon bouch ki louvri pou di m' anyen, ni pou plenyen. (Ezayi 10:12-14)
Yo pral pran tout richès ou yo, yo pral piye tout machandiz ou yo. Y'ap kraze tout miray ou yo, y'ap demoli tout bèl kay ou yo. Y'ap pran wòch yo, bwa yo ak tout rès demoli yo, y'ap jete yo nan lanmè. (Ezekyèl 26:12)
Pral gen lagè nan tout peyi Lejip. Gwo lafliksyon pral tonbe sou peyi Letiopi. Anpil moun pral mouri nan peyi Lejip. Yo pral piye peyi a nèt ale. Y'a kraze ata fondasyon kay li yo. (Ezekyèl 30:4)
Menm si Izrayèl ta fleri tankou wozo bò dlo, m'ap fè yon van leve nan dezè kote solèy leve a, m'ap fè l' vante sou li, l'ap cheche tout sous dlo ak tout fontenn li yo. L'ap pran tout bagay ki gen valè nan byen l' yo, l'ap pote yo ale. (Oze 13:15)
Se sa ki fè, men sa Seyè a, Bondye a, di: Yon lènmi gen pou vin sènen peyi a, l'a kraze tout fò k'ap pwoteje ou yo, l'ap piye tout gwo kay ou yo. (Amòs 3:11)
Nou pa t' dwe janbe pòtay lavil pèp mwen an pou nou te antre ladan l', jou malè te tonbe sou yo a. Nou pa t' dwe kontan wè jan y'ap soufri, jou malè te tonbe sou yo a. Nou pa t' dwe mete men nou sou byen yo, jou malè te tonbe sou yo a. (Abdias 1:13)
Yo fouye toupatou nan peyi Ezaou a. Yo pran tout trezò nou te kache yo. Nou te rete kanpe la ap gade, lè moun lòt nasyon yo t'ap piye tout richès yo. Nou pa t' pi bon pase etranje yo ki te defonse pòtay yo lè sa a, ki te separe bay chak moun tout richès lavil Jerizalèm yo. Nou menm tou, nou te fè menm bagay la. (Abdias 1:6, 11)
Seyè a di: Nou menm moun lavil Siyon, leve non! Foule lènmi nou yo anba pye nou! M'ap ban nou fòs, n'ap tankou towo bèf ki gen kòn ak zago fè. N'ap kraze anpil nasyon an miyèt moso. N'a pran tou sa yo genyen ansanm ak tout richès yo, n'a ofri yo ban mwen, mwen menm Seyè a, ki mèt tout latè. (Miche 4:13)
Piye tout lajan an. Piye tout lò yo. Yo gen yon richès ki poko prèt pou fini, yon pakèt bèl bagay ki koute chè. Yo piye lavil la. Yo touye tout moun ladan l'. Yo devaste l' nèt. Moun pèdi kouraj yo. Jenou yo ap tranble. Yo pa gen fòs pou rete kanpe. Figi yo dekonpoze. (Nawoun 2:9-10)
Madichon pou lavil ki renmen fè san koule a! Se manti ase l'ap mache bay. Li plen richès li vòlò nan fè mètdam. Li chaje ak byen li piye kay lòt. (Nawoun 3:1)
Men, tout pèp sa yo pral pase yo nan betiz, yo pral rele chalbari dèyè yo, yo pral bay istwa sou yo. Yo pral di: Madichon pou moun k'ap plede pran sa ki pa pou yo! Kilè y'a sispann fè sa? Madichon pou moun k'ap bay ponya epi k'ap fè moun peye gwo enterè mete sou li! Talè konsa, se nou ki pral nan pran ponya. Moun nou dwe yo pral leve dèyè nou. Yo pral piye tou sa nou genyen. Nou te piye anpil nasyon. Koulye a rès moun ki te chape yo pral piye tou sa nou genyen paske nou te touye anpil moun, nou te fè peyi yo, lavil yo ansanm ak moun ki te rete ladan yo pase anpil mati anba men nou. (Abakouk 2:6-8)
Nou menm ki rete anba lavil, rele byen fò paske tout moun ki t'ap fè trafik yo pral mouri. Wi, yo pral disparèt tout moun ki t'ap fè lajan sou tèt moun nan kòmès. Se sa yo kwè! Y'ap piye tout richès yo, y'ap kraze tout kay yo. Y'ap bati kay, men yo p'ap menm gen tan antre ladan yo. Y'ap plante pye rezen, men yo p'ap menm gen tan pran fre diven an. Jou Seyè a pral move sou yo a, ni lajan yo ni lò yo p'ap ka sove yo. Kòlè li tankou yon dife k'ap boule tout tè a, paske yon sèl kou a, l'ap disparèt tout moun ki rete sou latè. L'ap fini ak yo. (Sofoni 1:11, 13, 18)
Se poutèt sa, mwen menm Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye vivan pèp Izrayèl la, mwen sèmante sou tèt mwen, sa ki te rive lavil Sodòm lan, se sa ki pral rive peyi Moab la. Sa ki te rive lavil Gomò a, se sa ki pral rive peyi moun Amon yo. Yo pral tounen yon kote se pikan chadwon ase ki pral leve, yon mi n' sèl, yon dezè pou tout tan. Ti ponyen ki va rete nan moun pèp mwen yo va piye yo, ti ponyen ki va rete nan moun k'ap sèvi m' yo va pran peyi a pou yo. (Sofoni 2:9)

Fason pou viv

Sa pa vle di se pou nou mete tèt nou nan lamizè lè n'ap soulaje lòt moun. Men, se pou tout moun menm jan. Si koulye a nou gen anpil, se pou n' ede sa ki nan nesesite yo. Si yon jou pita nou vin nan nesesite, epi yo menm yo gen anpil, lè sa a y'a kapab ede nou tou. Konsa tout moun va menm jan, dapre sa ki te ekri nan Liv la: Moun ki te ranmase plis yo pa t' gen twòp. Moun ki te ranmase pi piti yo pa t' manke anyen. (2 Korint 8:13-15)
Mwen ta renmen tou pou medam yo abiye yon jan ki kòrèk, tou senp, san fè endesans. Yo pa bezwen nan fè gwo kwafi, mete gwo bijou lò ak bèl grenn pèl ni rad ki koute chè sou yo. (1 Timote 2:9)

Reparasyon

Lè de moun gen kont, si yonn bay lòt yon koutwòch osinon yon koutpwen, epi si sak resevwa kou a pa mouri, men li blije pran kabann, men jan pou sa regle: Si li ka leve, si li ka mache pwonmennen ak baton, y'a fè pa moun ki te ba l' kou a. Tansèlman, l'a gen pou l' peye lòt la dedomajman pou tout jou li fè rete san travay, epi l'a reskonsab pran swen l' jouk li geri. (Egzòd 21:18-19)
Lè gason ap goumen, si nan voye kou yo frape yon fanm ansent, epi si fanm lan fè foskouch san anyen ankò pa rive l', moun ki ba l' kou a va peye dedomajman dapre sa mari a va mande. L'a peye sa jij yo va deside. (Egzòd 21:22)
Lè yon bèf touye yon gason osinon yon fanm ak koutkòn, se pou yo touye l' ak koutwòch. Se pa pou yo manje vyann lan, ni yo pa bezwen fè mèt bèf la peye anyen. Men, si se pa premye fwa bèf la atake moun, si yo te pale mèt li men mèt li pa t' fè anyen pou sa, si bèf la touye yon gason osinon yon fanm, nan ka sa a y'ap toujou touye bèf la ak koutwòch, epi y'a touye mèt la tou pou pini l'. Men, si yo mande mèt bèf la pou l' peye pou l' ka sove lavi pa l', se pou l' peye tou sa y'a mande l' la. (Egzòd 21:28-30)
Si bèf la atake yon esklav, kit se gason, kit se fi, mèt bèf la va bay mèt esklav la trant pyès an ajan. Bèf la menm, y'a touye l' ak koutwòch. Si yon moun kite yon pi dekouvri, ou ankò si l'ap fouye yon pi epi li kite l' san kouvèti, si yon bèf osinon yon bourik vin tonbe ladan l', se pou mèt pi a peye mèt bèt la sa bèt la vo. Bèt mouri a menm va rete pou mèt pi a. Si yon moun gen yon bèf ki touye bèf yon lòt moun ak yon koutkòn, de mesye yo va vann bèf vivan an, y'a separe lajan an mwatye pou mwatye. y'a separe vyann bèf ki mouri a tou. Men, si se pa premye fwa bèf la ap bay koutkòn, si yo te pale mèt li men mèt li pa t' fè anyen pou sa, nan ka sa a, mèt bèf la gen pou peye. L'a bay yon bèf vivan pou bèf ki mouri a. Bèf mouri a menm va rete pou li. (Egzòd 21:32-36)

Lidè yo

Samyèl rapòte bay pèp la ki t'ap mande yon wa a tout pawòl Seyè a te di l'. Li di yo: -Men ki jan wa a pral boule ak nou: Li pral pran pitit gason nou yo pou fè yo sèvi nan lame li a. Genyen ki pral aprann moute cha, gen lòt ki pral aprann moute chwal pou fè lagè. Genyen ki pral sèvi gad kò li pou kouri devan pwòp cha pa li. L'ap pran pi bon jaden nou yo, pi bon jaden rezen nou yo, pi bon jaden oliv nou yo, l'a bay moun k'ap sèvi l' yo. L'ap pran yon dizyèm sou tout rekòt danre nou yo ak sou tout rekòt pye rezen nou yo pou l' bay moun konfyans li yo ak lòt moun k'ap sèvi anndan lakay li. L'ap pran pi bon domestik nou yo ak pi bon sèvant nou yo, pi bon bèf nou yo ak pi bon bourik nou yo pou fè yo travay pou li. L'ap pran yon mouton pou chak dis mouton n'a genyen. Lèfini, l'ap fè nou tounen esklav li. (1 Samyèl 8:10-11, 14-17)
Y'a wete yon pòsyon tè pou wa a tou. L'ap an de moso, yonn sou bò solèy kouche adwat pòsyon tè Seyè a ak pòsyon pou lavil la, ale nan direksyon lanmè ki sèvi fwontyè sou bò solèy kouche a, yon lòt sou bò solèy leve agoch pòsyon tè Seyè a ak pòsyon pou lavil la, ale nan direksyon fwontyè ki sou bò solèy leve a. Antou, l'ap menm gwosè ak pòsyon tè yo bay chak branch fanmi pèp Izrayèl la. Se pòsyon tè sa a y'a bay wa a nan peyi Izrayèl la pou rele l' pa l'. Konsa, li p'ap bezwen peze pèp mwen an ankò. L'a kite rès peyi a pou branch fanmi pèp Izrayèl la. (Ezekyèl 45:7-8)

Pwofesi

Lè sa a, Jeremi rakonte ki jan Seyè a te pale avè l'. Seyè a te di l' konsa: -Anamèl, kouzen ou lan, pitit Chaloum, tonton ou bò papa, pral vin wè ou. Li pral mande ou pou achte yon jaden li genyen lavil Anatòt, paske se ou menm ki fanmi pi pre ak li, se ou menm an premye ki gen dwa achte l'. M' achte jaden an nan men Anamèl, pitit tonton m' lan, mwen peze lajan pou m' ba li a. Lajan an te rive disèt pyès an ajan. -Men lòd Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, bay. Pran de papye tè sa yo, sa ki sele a ak sa ki tou louvri a, mete yo nan yon ti kannari pou yo ka konsève pandan lontan. Paske yon lè yo va achte kay, jaden ak pye rezen nan peyi a ankò. Se Seyè a menm ki di sa. (Jeremi 32:6-7, 9, 14-15)
Wi, sa ki rete pou lavil la tonbe nan men moun Babilòn yo pa anyen. Poukisa atò, Seyè Bondye, ou ban m' lòd achte jaden sa a pou lajan kach devan temwen? (Jeremi 32:25)
Mechan yo ap pran baton pou kraze brize. Anyen p'ap rete nan richès nou yo, nan bèl bagay nou yo ak nan gwo pouvwa nou yo. Wi, lè a rive, jou a ap pwoche. Moun k'ap achte yo pa bezwen fè kè yo kontan. Moun k'ap vann yo pa bezwen règrèt anyen paske chatiman Bondye pral tonbe sou tout richès ki nan peyi a. Machann yo ap gen tan mouri anvan yo touche lajan pou sa yo te vann lan, paske wè pa wè, vizyon an gen pou rive vre, tout moun gen pou pase. Tout moun te lage kò yo nan fè mechanste san sa pa rapòte yo anyen. Y'ap voye tou sa yo genyen ki fèt an ajan jete nan lari. Yo p'ap ka santi sa yo genyen ki fèt an lò. Paske jou sa a, ni lò, ni ajan p'ap ka sove yo anba kòlè Bondye. Yo p'ap ka fè bouch yo plezi, ni yo p'ap ka manje plen vant yo. Paske se pou bagay sa yo yo te fè tout mechanste sa yo. (Ezekyèl 7:11-13, 19)
Men sa Seyè sèl Mèt la voye di Gòg: Lè jou sa a va rive, lespri ou pral pran travay, ou pral fè move lide nan tèt ou. Ou pral deside pou ou anvayi yon peyi san defans, kote moun ap viv ak kè poze, san bri san kont, kote moun rete nan lavil san miray ranpa, san pòtay ni ba fè. Ou pral piye, ou pral devalize, ou pral pran tou sa moun yo genyen nan lavil ki te fin kraze yon lè a. Moun sa yo tounen soti nan peyi kote yo te depòte yo. Koulye a, yo gen anpil bèt ak anpil byen, y'ap viv nan gran kalfou latè a. Moun peyi Cheba ak moun peyi Dedan ansanm ak kòmèsan ki soti nan peyi Tasis yo ak lòt peyi nan vwazinaj yo pral mande ou: Eske se pou ou pran tou sa moun yo genyen kifè ou vin atake yo la a? Eske se pou piye ou sanble tout lame sa a? Eske ou soti pou devalize tou sa yo genyen ki fèt an lò ak an ajan, pou ou pran bèt yo ak byen yo, lèfini pou ou bwote tou sa ou pran al lakay ou? (Ezekyèl 38:10-13)
San bay ankenn avètisman, l'ap anvayi yon pwovens ki rich anpil, l'ap fè bagay ni papa l', ni pesonn nan zansèt li yo pa t' janm fè. Lèfini, l'ap pran tout byen, tout richès li te piye lakay moun yo, l'ap separe yo bay moun pa l' yo. L'ap fè plan pou l' atake gwo fò yo, men li p'ap gen tan fè sa. (Danyèl 11:24)
Nan plas yo, l'ap pito sèvi bondye ki pwoteje fò yo, yon bondye zansèt li yo pa t' janm konnen. L'ap ofri lò, ajan, bèl pyè bijou ak lòt bagay ki koute chè ba li. (Danyèl 11:38)
L'ap pran tout richès peyi Lejip la pou li: lò, ajan ak tout bèl bagay ki koute chè yo. L'ap fè moun Libi yo ak moun Letiopi yo bat ba devan li. (Danyèl 11:43)
Gade! Men jou jijman Seyè a ap rive! Jou sa a, yo pral piye lavil Jerizalèm. Yo pral separe tou sa yo pran ladan li la devan je nou. Seyè a pral sanble tout nasyon yo pou y' al fè lagè ak lavil Jerizalèm. Y'ap pran lavil la, y'ap piye tout kay yo, y'ap fè kadejak sou medam yo. Yo pral depòte mwatye nan moun yo. Men, rès pèp la ap rete nan lavil la. (Zakari 14:1-2)
Sòlda peyi Jida yo pral goumen tou pou defann lavil Jerizalèm, yo pral ranmase dènye richès moun lòt nasyon ki sou fwontyè yo: lò, ajan ak rad an kantite. (Zakari 14:14)
Sa ki te rive nan tan Lòt la va rive menm jan an tou. Moun t'ap manje, yo t'ap bwè, yo t'ap achte, yo t'ap plante, yo t'ap bati. (Lik 17:28)
Mete sa byen nan tèt ou: nan dènye jou yo, tan an pral difisil anpil. Moun pral fè rayisab, y'ap renmen lajan, y'ap fè grandizè, lògèy ap vire tèt yo, y'ap pale Bondye mal, y'ap dezobeyi papa ak manman yo, y'ap engra, y'ap san okenn respè pou bagay Bondye. (2 Timote 3:1-2)
Mwen tande yon vwa ki soti nan mitan kat bèt vivan yo ki t'ap di: Yon mezi diri pou yon jounen travay. Twa mezi pitimi pou yon jounen travay. Men, pa manyen ni lwil la ni diven an. (Revelasyon 6:6)
Tout wa sou latè, chèf, kòmandan, moun rich, grannèg ansanm ak tout lòt moun, kit yo esklav, kit yo lib, yo tout al kache nan twou wòch ak dèyè gwo wòch nan mòn yo. Yo t'ap pale ak mòn yo ansanm ak wòch yo tankou ak moun. Yo t'ap di yo: Tonbe sou nou. Kache nou pou moun ki chita sou fòtèy la pa wè nou, pou kòlè ti Mouton an pa tonbe sou nou. (Revelasyon 6:15-16)
Malgre sa, rès moun sou latè yo, sa ki pa t' mouri anba kalamite sa yo, pa t' sispann adore Satan ak zidòl fèt an lò, an ajan, an bwonz, an wòch oswa an bwa, zidòl ki pa ka wè, ki pa ka tande, ki pa ka mache. Wi, atousa, moun sa yo pa t' chanje jan yo t'ap viv la, yo pa t' sispann touye moun, fè maji, lage kò yo nan imoralite ak vòlò zafè moun. (Revelasyon 9:20-21)
Bèt la te egzije pou tout moun, piti kou gran, rich kou pòv, esklav kou lib, pou yo te resevwa yon mak sou men dwat yo osinon sou fwon yo. Pesonn pa t' kapab ni achte ni vann anyen si li pa t' gen mak sa a, sa vle di si l' pa t' gen non bèt la osinon nimewo ki koresponn ak non l' lan. (Revelasyon 13:16-17)
Fanm lan te gen yon rad swa mòv ak wouj san sou li. Li te chaje ak bijou fèt an lò, ak piè tout koulè ansanm ak bèl grenn pèl. Li te kenbe nan men l' yon gode fèt an lò ki te plen ak madichon ansanm ak vie bagay sal lavi jennès li a. (Revelasyon 17:4)
Paske, li fè tout nasyon yo bwè nan diven l' lan, diven gwo imoralite l' la. Wa latè yo lage kò yo nan dezòd ansanm avè li. Tout kòmèsan latè yo rich sou tèt li, pou kantite lajan li depanse nan banbòch. (Revelasyon 18:3)
Kòmèsan latè yo tou t'ap rele, yo t'ap kriye pou li, paske pa t' gen pesonn ankò pou achte machandiz yo: lò, ajan, bèl piè ki koute chè ak bèl grenn pèl, bèl twal fen, twal koulè violèt, twal koulè wouj, bèl swa, tout kalite bèl bwa ki santi bon, tout kalite bagay ki fèt an ivwa, an bwa ki koute chè, an asie, an fè ak an mab, kannèl, epis, odè, mir ak lansan, diven ak lwil, farin frans ak diri, bèf ak mouton, chwal ak bèl cha pou moun woule, esklav ak nanm moun. Kòmèsan yo t'ap di lavil la: Tout bèl machandiz ou te vle genyen yo disparèt lakay ou. Ou pèdi tout richès ou yo ak tout bèl bagay ou te gen an kantite. Ou p'ap janm jwenn yo ankò! Kòmèsan ki te fin rich nan fè kòmès nan lavil la va rete byen lwen, tèlman yo pral pè jan li pral soufri a. Y'a plenn sò li, y'a kriye, y'a di: Gade yon malè! Ala malè pou gwo lavil la! Pou jan li te abiye ak twal koulè violèt, twal fin koulè wouj! Pou jan l' te chaje ak bijou an lò, ak bèl piè ki koute chè ak bèl grenn pèl! Yon sèl moman kont pou l' te pèdi tout richès sa yo! Tout kaptenn bato ak pasaje yo, marin yo ansanm ak tout moun k'ap chache lavi yo sou lanmè, yo tout te rete byen lwen. Lè yo wè lafimen dife ki t'ap boule lavil la, yo pran rele: pa t' gen okenn lòt lavil ki te tankou gwo lavil sa a! Yo pran tè jete sou tèt yo, yo t'ap kriye, yo t'ap plenn, yo t'ap rele: Gade yon malè! Ala malè pou gwo lavil la! Tout moun ki gen bato sou lanmè te fin rich ak richès li yo. Nan yon sèl moman li pèdi tout sa l' te genyen! (Revelasyon 18:11-19)

Moun malonèt nan legliz/nan anviwònman relijye

Se pou nou chanje jan n'ap viv la. Sispann fè sa n'ap fè a! Rann tout moun jistis san patipri. Pa pwofite sou moun lòt nasyon yo, sou timoun ki san papa yo, sou fanm ki pèdi mari yo. Sispann fè san moun inonsan koule nan peyi a. Pa kouri dèyè lòt bondye yo. Se va pou malè nou. Lè sa a, m'a kite nou viv isit la, nan peyi mwen te bay zansèt nou yo pou tout tan tout tan. Men, nou chita ap kwè yon bann pawòl manti ki p'ap sèvi nou anyen. Kouman nou ta vle sa? N'ap vòlò, n'ap touye moun, n'ap fè adiltè, n'ap fè sèman pou bay manti, n'ap fè ofrann pou yo boule pou Baal, n'ap kouri fè sèvis pou yon bann lòt bondye nou pa t' janm konnen anvan. Sanble nou pran kay yo mete apa pou mwen an fè yon kachèt pou vòlò? Se sa mwen wè n'ap fè. Se mwen menm Seyè a ki di sa. (Jeremi 7:5-9, 11)
Moun ap achte chèf yo ak lajan. Prèt yo menm ap esplike lalwa a pou lajan. Ata pwofèt yo ap fè prediksyon pou lajan tou. Yo tout yo pretann di Seyè a avèk yo. Y'ap di: O wi, anyen p'ap rive nou! Seyè a bò kote nou! (Miche 3:11)
Jezi antre nan tanp Bondye a, li chase tout moun ki t'ap vann ak tout moun ki t'ap achte nan tanp lan. Li chavire tab moun ki t'ap chanje lajan yo ansanm ak chèz moun ki t'ap vann pijon yo. Apre sa, li di yo; Men sa ki ekri: y'a rele kay mwen an kay kote pou moun vin lapriyè nan pye m'. Men nou menm, nou fè l' tounen yon kachèt pou vòlè. (Matye 21:12-13)
Apre sa, yo rive Jerizalèm, Jezi antre nan tanp lan. Li pran chase tout moun ki t'ap vann ak tout moun ki t'ap achte nan tanp lan. Li chavire tab moun ki t'ap chanje lajan yo ansanm ak chèz moun ki t'ap vann pijon yo. Li pa t' pèmèt pesonn travèse tanp lan ak bagay nan men yo. Li t'ap moutre moun yo anpil bagay, li di yo: -Men sa ki ekri, pa vre: y'a rele kay mwen an kay kote moun tout nasyon ka vin lapriyè. Men nou menm, nou fè l' tounen yon kachèt pou vòlò. (Mak 11:15-17)
Jezi antre nan tanp lan, li pran chase tout moun ki t'ap vann yo. Li di yo: Men sa ki ekri: Se pou kay mwen an yon kay kote moun vin lapriyè nan pye m'; men, nou menm, nou fè l' tounen kachèt vòlè. (Lik 19:45-46)
Li jwenn yon bann moun nan tanp lan ki t'ap vann bèf, mouton ak pijon. Gen lòt menm ki te chita dèyè tab yo ap chanje lajan. Li pran kèk kòd, li mare yo ansanm, li fè yon fwèt ak yo. Epi li mete tout moun yo deyò nan tanp lan ansanm ak tout mouton yo ak tout bèf yo. Li chavire tab moun ki t'ap chanje lajan yo, li jete tout kòb yo atè. Li di moun ki t'ap vann pijon yo: Wete sa la. Pa fè kay Papa m' lan tounen yon boutik kote yo fè komès. (Jan 2:14-16)
Mwen pare koulye a pou m' vin lakay nou yon twazyèm fwa. Fwa sa a ankò mwen p'ap sou kont nou. Se nou menm menm mwen bezwen, se pa lajan nou. Konprann sa byen, se pa pitit ki pou fè lajan pou pran swen manman ak papa. Se manman ak papa ki pou fè lajan pou pran swen pitit. (2 Korint 12:14)
Pou yon moun chèf nan legliz, se pou l' san repwòch. Se pou l' gen yon sèl madanm. Se pou l' yon nonm serye, ki konn kenbe tèt li an plas, ki gen lòd. Se pou l' konn resevwa moun lakay li. Se pou l' konn ki jan pou l' moutre moun verite a. Li pa fèt pou l' renmen bwè gwòg, ni renmen fè kont. Okontrè, se pou l' gen pasyans ak kè poze. Li pa fèt pou l' renmen lajan. (1 Timote 3:2-3)
Konsa tou, se pou moun k'ap ede nan sèvis legliz la se moun ki respektab, ki pa gen de pawòl, moun ki pa bwè twòp, ki pa renmen fè lajan mal, ki p'ap kouri dèyè lajan. (1 Timote 3:8)
Sa lakòz anpil moun ki gen lespri yo vire lanvè epi ki pa konnen verite a ap fè yon bann diskisyon ki pa janm fini. Pou yo, sèvis Bondye a tounen yon mwayen pou fè lajan. Nan yon sans se vre. Sèvis Bondye a se yon gwo richès pou yon moun si l' kontan ak sa li genyen an. (1 Timote 6:5-6)
Paske, gen moun ki rebèl, k'ap mache twonpe moun ak pawòl san sans. Gen anpil jwif konvèti ki konsa nan mitan yo. Se pou nou fèmen bouch moun sa yo, paske yo boulvèse anpil fanmi deja ak move bagay y'ap moutre moun pou yo fè lajan nan move kondisyon. (Tit 1:10-11)
Mwen menm ki yon chèf reskonsab, m'ap pale koulye a ak chèf reskonsab ki nan mitan nou yo. Mwen menm ki te wè jan Kris la te soufri a, mwen pral patisipe tou nan bèl pouvwa Bondye ki gen pou parèt la. Men sa m'ap di nou: Tankou gadò, se pou nou swen bann mouton Bondye ki sou kont nou an. Pa fè sa tankou si se fòse y'ap fòse nou. Men, fè l' paske nou vle fè sa Bondye vle. Pa fè travay la tankou si se dèyè lajan nou ye. Men, fè l' ak tout kè nou. (1 Piè 5:1-2)

Pèspektiv

Moun ki renmen lajan p ap janm gen ase

Si ou renmen lajan, ou p'ap janm fin gen ase. Si w'ap kouri dèyè richès, plis ou genyen, se plis ou anvi genyen toujou. Sa tou, sa pa vo anyen. Plis ou gen lajan, se plis bouch w'ap gen pou bay manje. Sèl benefis ou jwenn nan tou sa, se wè w'a wè ou rich. (Eklezyas 5:10-11)

Lòt vèsè

Pa gen dlo ki ka touye l'. Pa gen larivyè ki ka tenyen l'. Yon moun te mèt ofri tout richès lakay li pou l' ta achte renmen, pesonn pa ta okipe l'. (Chante Salomon 8:7)
Tout moun pral pase, prèt yo kou moun nan pèp la, esklav yo kou mèt yo, sèvant yo kou metrès yo, sa k'ap vann kou sa k'ap achte, sa k'ap bay ponya kou sa k'ap pran ponya, sa k'ap bay kredi kou sa k'ap pran kredi. (Ezayi 24:2)
Men sa Seyè a di pèp li a. -Yo pa t' bay lajan pou achte nou lè nou te tounen esklav. Yo p'ap bay lajan non plis pou delivre nou lè y'a lage nou. (Ezayi 52:3)
Gade jan bon lò pa klere ankò! Li chanje, li pèdi kalite li! Gade jan wòch Tanp yo gaye nan tout lari! Nan tan lontan nou pa ta bay moun peyi Siyon yo pou pi bon lò ki genyen. Gade! Koulye a, yo pa vo pase krich tè moun fè ak men. (Plenn 4:1-2)
Men, envite yo pa fè ka sa l' voye di yo a, y al okipe zafè yo. Yonn ladan yo ale nan jaden l', yon lòt ale nan trafik li. (Matye 22:5)
Yon moun rete nan mitan foul la, li di Jezi konsa: Mèt, di frè m' lan pou l' separe eritaj papa nou an avèk mwen. Jezi reponn li: Zanmi mwen, ki moun ki mete m' pou jije afè nou osinon pou fè pataj pou nou? Apre sa, li di yo tout: Fè atansyon. Veye kò nou pou lajan pa pran tèt nou. Paske, se pa anpil byen ki garanti lavi yon nonm, li te mèt rich kont kò li. (Lik 12:13-15)
Jezi di disip li yo: Vwala, se te yon nonm rich ki te gen yon jeran. Yo vin rapòte l' jan jeran an ap gaspiye tout byen l' yo. Li rele jeran an, li di li: Kisa m' tande y'ap di sou ou konsa? vin fè regleman travay ou avè m', paske mwen p'ap kite byen m' yo sou kont ou ankò. Jeran an di nan kè l': Patwon an pral kase m' nan djòb sa a; kisa m' pral fè koulye a? Mwen pa gen fòs pou m' al travay latè. Epi se va yon wont pou m' al mande charite! Bon, mwen konn sa m' pral fè pou lè m' pèdi djòb mwen m'a toujou gen moun ki pou resevwa m' lakay yo. Jeran an fè rele tout moun ki te dwe mèt la, li fè yo vini yonn apre lòt. Li di premye a: Konbe ou dwe mèt la? Li reponn: Mwen dwe l' san (100) bidon lwil. Msye di l': Men papye ou la, chita, ekri senkant. Fè vit. Apre sa, li di yon lòt; Ou menm, konbe ou dwe? Li reponn: San sak (100) mayi. Msye di l': Men papye ou la, ekri katreven. Nonm rich la fè jeran visye a konpliman dapre li te aji ak ladrès sa a. Paske moun k'ap viv dapre prensip lemonn yo regle zafè yo pi byen pase moun ki gen limyè a. Jezi di yo ankò: Nou menm, men sa m'ap di nou: Bat pou nou fè zanmi ak richès ki sou latè. Konsa, lè richès nou va fini, y'a resevwa nou nan kay Bondye ki la pou tout tan an. Moun ki kenbe pawòl li nan tout ti bagay, la kenbe l' nan gwo bagay tou. Men, moun ki pa serye nan ti bagay, li p'ap serye nan gwo bagay non plis. Si ou pa sèvi byen ak richès ou gen sou latè, kilès ki va fè ou konfyans pou richès tout bon yo? Si ou pa t' sèvi byen avèk sa ki te pou lòt moun, ki moun ki va ba ou sak pou ou a? Pesonn pa ka sèvi de mèt byen anmenmtan. Li gen pou l' rayi yonn si l' renmen lòt la. L'ap sèvi yonn byen, men l'ap meprize lòt la. Nou pa ka sèvi Bondye ak lajan anmenmtan. Farizyen yo t'ap koute tout pawòl sa yo tou. Yo t'ap pase Jezi nan betiz paske yo te renmen lajan. (Lik 16:1-14)
Simon te wè jan moun yo te resevwa Sentespri lè apòt yo mete men sou tèt yo. Li ofri Pye ak Jan lajan. Li di yo: Ban m' pouvwa sa a tou, pou lè m' mete men m' sou tèt yon moun li ka resevwa Sentespri a tou. Men, Pyè di li: Al mouri ansanm ak tout lajan ou lan! Sa Bondye fè kado, ou kwè moun ka achte sa ak lajan? Nan travay sa a, pa gen anyen pou ou; ou pa gen dwa ladan l' paske kè ou pa dwat devan Bondye. Wete move lide sa a nan tèt ou, lapriyè Bondye pou ou wè si la padonnen ou dèske ou te fè lide sa a. Paske mwen wè kè ou anmè kou fyèl, peche fin mare nanm ou. Lè sa a, Simon di Pyè ak Jan konsa: Tanpri souple, lapriyè Bondye pou mwen, pou anyen nan sa nou di a pa rive mwen. (Travay 8:18-24)
Se pou nou fè tankou m': nan tou sa m'ap fè, m'ap fè mwayen posib pou m' fè tout moun plezi; mwen p'ap chache avantaj pa m', men avantaj tout moun, pou tout moun ka sove. (1 Korint 10:33)
Okontrè, nan tout bagay, mwen fè tout moun wè se Bondye m'ap sèvi. Se avèk anpil pasyans mwen sipòte tout kalite soufrans, tout kalite lafliksyon ak tout kalite kè sere. Y'ap fè m' lapenn, men mwen toujou gen kè kontan. Mwen sanblè m' pòv, men mwen fè anpil moun rich. Mwen sanble m' pa gen anyen, men se mwen menm ki gen tout bagay. (2 Korint 6:4, 10)
Nou menm ki deja leve soti vivan ansanm ak Kris la nan lanmò, se pou nou chache bagay ki anwo nan syèl la kote Kris la chita sou bò dwat Bondye. Pa kite bagay ki sou latè pran tèt nou, mete lide nou sou bagay ki anwo nan syèl la. Konnen sa byen: nou mouri deja, lavi nou kache ansanm ak Kris la nan Bondye. Se Kris la ki lavi nou tout bon. Lè la parèt, nou menm tou n'a parèt ansanm avè l' nan tout bèl pouvwa li. Se poutèt sa, se pou nou detwi nan nou tou sa ki soti nan lemonn tankou: imoralite, malpwòpte, move dezi, move lanvi, renmen lajan (ki menm jan ak sèvi zidòl). (Kolòs 3:1-5)
Tou sa Bondye kreye bon. Nou pa fèt pou nou voye yo jete. Se pou nou asepte tout bagay san nou pa janm bliye di Bondye mèsi. (1 Timote 4:4)
Nou te soufri ansanm ak tout moun ki te nan prizon. Menm lè yo te sezi tout byen nou yo, nou te kontan asepte pèdi yo, paske nou te konnen nou gen yon richès ki pi bon, k'ap la pou tout tan. (Ebre 10:34)
Se paske Moyiz te gen konfyans nan Bondye kifè, lè li vin gran, li te refize pote non pitit fi farawon an. Li te pito kite yo maltrete li ansanm ak pèp Bondye a, pase pou l' te asepte pran plezi l' nan peche pou yon ti tan. Tankou moun Bondye te chwazi pou voye a, li te konsidere li te pi rich lè yo t'ap pase l' nan betiz pase si l' te gen tout richès ki nan peyi Lejip la. Tou sa, paske je l' te fikse sou rekonpans Bondye t'ap pare pou li a. (Ebre 11:24-26)

Byen malgre lajan yo ofri pou fè mal

Joab di nonm lan: -Ou wè l'? Poukisa ou pa touye l' la menm? M' ta fè ou kado dis pyès an ajan ak yon sentiwon. Men nonm lan reponn Joab: -Ou ta mèt ban mwen mil (01000) pyès an ajan la nan pla men m', mwen pa t'ap leve men m' sou pitit gason wa a. Nou tout nou te tande lòd wa a te ba ou ansanm ak Abichayi ak Itayi. Li te di: Tanpri, fè sa pou mwen. Pa kite anyen rive Absalon, pitit mwen an. (2 Samyèl 18:11-12)

Mèsenè

Pandan tout tan yo t'ap gouvènen chak moun bò pa yo, se te yon lagè san rete ant Asa, wa peyi Jida, ak Bacha, wa peyi Izrayèl. wa Bacha anvayi peyi Jida. Li pran lavil Rama, li plen l' sòlda pa l' pou anpeche moun pase antre soti nan peyi Jida. Lè wa Asa wè sa, li pran tout rès bagay an lò ak bagay an ajan ki te rete nan tanp lan ak nan palè a, li renmèt yo nan men kèk moun pa l', li voye yo lavil Damas bò kote Bennadad, wa peyi Siri, pitit gason Tabrimon, pitit pitit Ezyon, ak mesaj sa a: -Annou pase kontra yonn ak lòt tankou zansèt nou yo te fè l' la. Men mwen voye bagay an lò ak bagay an ajan sa yo fè ou kado. Koulye a, kase kontra ou pase ak Bacha, wa peyi Izrayèl la, konsa la blije wete sòlda li yo nan peyi mwen an. wa Bennadad dakò avèk sa wa Asa te voye di l' la. Li voye chèf lame li yo al atake lavil peyi Izrayèl yo. Yo pran lavil Iyon, lavil Dann, lavil Abèl-bèt Maka, tout zòn ki toupre letan Galile a, ak tout pòsyon tè branch fanmi Neftali a. (1 Wa 15:16-20)
Se sou reny Akaz, Rezin, wa peyi Siri a, ak Peka, pitit gason Remalya a, wa peyi Izrayèl, mache sou lavil Jerizalèm pou yo atake l'. Yo fèmen Akaz anndan lavil la, men yo pa t' ka pran lavil la. Akaz pran ajan ak lò ki te nan tanp lan ak nan trezò palè wa a, li voye yo fè Tiglat Pilesè, wa peyi Lasiri a, kado. Wa Lasiri a koute l' vre, li moute al atake lavil Damas, li pran l'. Li depòte tout moun ki te rete la, mennen yo lavil Ki, epi li fè touye Rezin. (2 Wa 16:5, 8-9)
Lè wa Asa wè sa, li pran bagay an lò ak bagay an ajan ki te nan tanp lan ak nan palè a, li renmèt yo nan men kèk moun pa l', li voye yo bò kote Bennadad, wa peyi Siri, ki te rete lavil Damas, ak mesaj sa a: -Annou pase kontra yonn ak lòt, tankou zansèt nou yo te fè l' la. Men mwen voye bagay an lò ak bagay an ajan sa yo fè ou kado. Koulye a, kase kontra ou te pase ak Bacha, wa peyi Izrayèl la. Konsa, l'a blije wete sòlda li yo nan peyi mwen an. Wa Bennadad dakò avèk sa wa Asa te di l' la. Li voye chèf lame li yo al atake lavil peyi Izrayèl yo. Yo pran lavil Ijon, lavil Dann, lavil Abèl Mayim ak tout lavil nan pòsyon tè branch fanmi Neftali a ki te sèvi depo. (2 Istwa 16:2-4)

Pwosè

Men se mechanste nou yo ki mete yon bayè ant nou ak Bondye nou an. Se peche nou yo ki fè l' vire figi l' pou l' pa tande nou. Lè n' al nan tribinal se pou defann move kòz. Lè n'ap plede, nou bay manti. N'ap di yon bann bagay ki pa laverite. Se move lide ase ki nan tèt nou. Se mechanste ase n'ap fè. (Ezayi 59:2, 4)
Si yon moun pote plent pou ou nan tribinal, prese mete ou dakò avè l' antan nou prale ansanm nan tribinal la, pou li pa lage ou nan men jij la, pou jij la pa lage ou nan men lapolis, pou yo pa mete ou nan prizon. Sa m'ap di ou la, se vre wi: ou p'ap soti nan prizon an toutotan ou pa peye dènye lajan yo mande ou la. (Matye 5:25-26)
Si yon moun vle rele ou nan tribinal pou l' pran chemiz ou, kite palto a ba li tou. (Matye 5:40)
Si yon moun ban nou yon souflèt sou yon bò figi, vire lòt bò a ba li. Si yon moun pran levit nou, kite l' pran chemiz nou tou. Nenpòt moun ki mande nou kichòy, ba li l'. Si yon moun pran sa ki pou nou, kite l' pou li. (Lik 6:29-30)
Si yon moun pote plent lajistis pou ou, si nou tou de nou pral nan tribinal ansanm, pito n' chache antann nou pandan nou nan chemen. Si se pa sa, l'ap trennen ou devan jij la, jij la ap lage ou nan men lapolis, lapolis ap mete ou nan prizon. M'ap di ou sa: ou p'ap soti nan prizon an tout tan ou pa peye dènye lajan ou dwe a. (Lik 12:58-59)
Lè yonn nan nou gen kont ak yon frè, ki jan l' ka penmèt li al nan tribinal devan moun ki pa konn Bondye, pase pou l' mande moun ki fè pati pèp Bondye a regle sa pou li? Kouman? Se konnen nou pa konnen moun ki fè pati pèp Bondye a gen pou jije moun ki nan lemonn yo? Si nou gen pou nou jije moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn yo, ki jan nou fè pa kapab jije bagay ki pi piti pase sa? Se konnen nou pa konnen nou gen pou n' jije ata zanj Bondye yo tou? Se pa ti bagay k'ap pase sou latè sa a pou n' pa ta kapab jije. Si nou gen kont pou ti bagay konsa, nou pa ka al pran moun ki pa anyen nan legliz la pou jije nou. Mwen wont pou nou. Konsa, gen lè pa gen pesonn nan mitan nou ki gen bon konprann dekwa pou regle kont nou gen yonn ak lòt, kifè yon frè blije rele yon lòt frè nan tribinal pou fè moun ki tou pa kwè yo jije nou? Sa ki pi rèd, si nou ka gen pwose yonn ak lòt, sa deja moutre jan nou pa bon menm. Poukisa nou pa asepte soufri lenjistis pito? Poukisa nou pa kite yo piye nou pito? Okontrè, mwen wè se nou menm k'ap fè lòt lenjistis, k'ap piye yo, epi ki moun n'ap fè sa, se pwòp frè nou nan Kris la! (1 Korint 6:1-8)

Mechan yo opoze travay Bondye lè li koute yo lajan

Yon jou nou tapral kote yo konn lapriyè a, nou kontre ak yon tifi. Se te yon sèvant, li te gen yon move lespri sou li ki te fè l' konn pase kat pou moun. Lè konsa tifi a te fè mèt li yo fè anpil lajan. Li tanmen swiv Pòl ak nou, li t'ap rele byen fò: Mesye sa yo se sèvitè Bondye ki anwo nan syèl la. Y'ap fè nou konnen chemen pou n' pran pou n' ka jwenn delivrans. Li t'ap fè sa pandan plizyè jou. Pòl menm te bouke ak fi a. Li vire, li di lespri a: Nan non Jezikri, mwen ba ou lòd, soti sou fi a. Menm lè a, lespri a soti sou li. Lè mèt sèvant lan wè yo te pèdi tout espwa fè lajan ak tifi a, yo mete men sou Pòl ak Silas, yo trennen yo sou plas piblik la devan otorite yo. (Travay 16:16-19)
Te gen yon òfèv yo te rele Demetriyis, ki te konn fè ti modèl kay yo te bati pou yon bondye fanm yo rele Atemis. Se an ajan li te fè yo. Travay sa a te rapòte ouvriye l' yo anpil. Yon jou, li sanble tout ouvriye l' yo ansanm ak tout lòt moun ki te konn fè menm travay sa a tou. Li di yo: Mesye, nou konnen se travay sa a ki fè nou viv. Men, nou wè ak je nou, nou tande ak zòrèy nou sa nonm yo rele Pòl la ap fè. L'ap mache di bondye moun fè ak men se pa bondye yo ye menm. Se konsa, li resi rive pran tèt anpil moun, pa isit nan lavil Efèz la ase, men nan tout pwovens Lazi a. Talè konsa, metye nou an pral pote move non. Men, sa ki pi rèd ankò, kay Atemis, gwo bondye fanm lan, pral pèdi repitasyon li. Lè sa a menm, gwo bondye moun ap adore nan tout pwovens Lazi ak toupatou sou latè a pral pase pou anyen. (Travay 19:24-27)