Onètete

Ekriti yo rekonèt malonètete kè moun epi yo bay anpil egzanp konpòtman malonèt. Bondye mande yon onètete total nan tout aspè lavi a, epi Li montre kijan pou venk malonètete ak restore relasyon ki kase.

Moun malonèt

Kè moun malonèt

Lè Bondye pran bon sant lan, sa te fè l' plezi. Li di nan kè l' -Mwen p'ap janm bay tè a madichon ankò poutèt sa lèzòm fè, paske depi yo jenn, se move lide ase ki nan kè yo. Mwen p'ap janm detwi tout bèt vivan yo ankò, jan mwen sot fè l' la. (Jenèz 8:21)
Pa gen anyen ki ka twonpe moun pase sa ki nan kè lòt moun. Pa gen renmèd pou sa. Ki moun ki ka rive konprann sa k'ap pase nan kè lèzòm? (Jeremi 17:9)
Se nan kè l' tout move lide soti, lide touye moun, lide fè adiltè ak tout lòt bagay ki pa dakò ak volonte Bondye tankou lide vòlò, lide fè manti sou moun, lide bay manti. (Matye 15:19)
Se nan kè yon moun, se anndan li tout move lide soti: lide fè ou fè tout move bagay, li fè ou vòlè, li fè ou touye moun; li fè ou fè adiltè, li fè ou renmen lajan. Li rann ou mechan, fentè, li lage ou nan libètenaj, li ba ou gwo je, li fè ou pale moun mal, li fè ou gen lògèy, li rann ou fou. (Mak 7:21-22)

Moun pratike yon onètete relatif

Nan tan sa a, pa t' gen wa nan peyi Izrayèl la. Chak moun t'ap fè sa yo pito. (Jij 17:6)

Egzanp moun malonèt

Men li menm, li toujou ap twonpe mwen. Li chanje lide dis fwa lè lè a rive pou li peye m'. Men, Bondye pa janm kite l' fè m' anyen. (Jenèz 31:7)
Se paske pèp Izrayèl la peche, yo pa respekte kontra mwen te pase ak yo a ak lòd mwen te ba yo. Yo pran nan bagay pou yo te detwi yo. Yo vòlò yo, yo kache yo, yo mete yo nan zafè pa yo. Akan reponn li: -Se vre wi. Se mwen ki peche kont Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la. Men sa m' fè. Nan bagay nou te pran apre batay la, mwen te wè yon bèl manto ki te soti lavil Babilòn, desan (0200) pyès an ajan ki te peze wit liv antou, ak yon gwo moso lò ki te peze de liv. Mwen te sitèlman anvi yo, mwen pran yo. Mwen fouye yon twou nan mitan tant kote m' rete a, mwen antere yo ladan l', avèk pyès ajan yo anba nèt. (Jozye 7:11, 20-21)
Men yo pa t' swiv egzanp papa yo. Yon sèl bagay ki te enterese yo se te fè lajan. Yo te konn pran lajan sou kote nan men moun pou regle zafè pou yo. Yo t'ap fè patipri. (1 Samyèl 8:3)
W'a di li men mesaj Seyè a voye ba li: Ou fin touye Nabòt, koulye a ou soti pou pran jaden rezen l' lan! Apre sa, w'a di l' ankò men sa Seyè a voye di ou: Menm kote chen te niche san Nabòt la, chen gen pou yo niche san pa ou tou. (1 Wa 21:19)
(058:4) Malveyan yo pèvèti depi nan vant manman yo. Moun k'ap bay manti yo gen madichon depi yo fèt. (Sòm 58:3)
Chèf nou yo leve vire do bay Bondye. Yo fè bann ak vòlò yo! Tout moun cho dèyè avantaj pa yo. Y'ap kouri dèyè moun k'ap bay lajan. Yo pa defann kòz moun ki san papa yo. Lè yon fanm san mari nan ka, yo pa gade l' menm. (Ezayi 1:23)
Yo tankou chen aloufa, anyen pa janm kont yo. Se yon bann chèf san konprann. Yo tout fè sa yo pito. Se avantaj yo ase y'ap defann. (Ezayi 56:11)
Yo tout, gran kou piti, ap fè akrèk dèyè lajan. Ni prèt yo ni pwofèt yo, yo tout ap twonpe pèp la pou fè lajan. (Jeremi 6:13)
Kouman nou ta vle sa? N'ap vòlò, n'ap touye moun, n'ap fè adiltè, n'ap fè sèman pou bay manti, n'ap fè ofrann pou yo boule pou Baal, n'ap kouri fè sèvis pou yon bann lòt bondye nou pa t' janm konnen anvan. Sanble nou pran kay yo mete apa pou mwen an fè yon kachèt pou vòlò? Se sa mwen wè n'ap fè. Se mwen menm Seyè a ki di sa. (Jeremi 7:9, 11)
Zotobre yo menm nan lavil la, yo tankou chen mawon k'ap dechèpiye bèt yo touye. Y'ap touye moun pou yo vòlò byen yo. Nan tout peyi a moun yo lage kò yo nan fè mechanste, nan vòlò zafè moun. Y'ap toupizi pòv malere yo ak moun ki nan malsite yo, y'ap pwofite sou moun lòt nasyon yo san rezon. (Ezekyèl 22:27, 29)
Seyè a gen yon pwose l'ap mennen ak moun k'ap viv nan peyi a. Nou menm, pitit Izrayèl yo, koute sa Seyè a ap di: -Nan peyi a, bonjou moun pa laverite. Yo pa gen bon kè ankò. Pa gen moun ki konn Bondye ankò nan peyi a. Se fè sèman pou gremesi, se bay manti. Se touye moun, se vòlò, se fè adiltè. Y'ap kraze gason, se krim sou krim. (Oze 4:1-2)
Seyè a di ankò: Chèf peyi Jida yo fè menm bagay ak moun k'ap deplase bòn pou antre sou tè moun. M'ap move sou yo, m'ap vare sou yo tankou lavalas k'ap desann! (Oze 5:10)
Chak fwa mwen fè lide geri moun Izrayèl yo, sa ki parèt devan je mwen se move ajisman pitit Efrayim yo, se mechanste moun Samari yo. Yonn ap bay lòt manti, se kase kay moun pou vòlò. Nan lari, yo fè bann pou yo piye moun. (Oze 7:1)
Seyè a di ankò: -Moun Izrayèl yo tankou moun Kanaran yo. Y'ap sèvi avèk fo mamit. Yo renmen fè mache nwa. (Oze 12:7)
Lakay moun mechan yo plen byen yo achte ak move lajan! Y'ap sèvi ak fo mamit, bagay mwen pa vle wè. Ki jan ou vle pou m' padonnen bann moun sa yo k'ap sèvi ak move balans, ak fo mamit? Moun rich nan lavil la ap peze pòv malere yo. Yo tout se yon bann mantò: Bonjou yo pa laverite! (Miche 6:10-12)
Yonn nan disip Jezi yo, sa ki tapral trayi l' la, Jida Iskariòt, di konsa: Poukisa yo pa t' vann odè sa a pou twasan (300) goud? Yo ta bay pòv lajan sa a. Li pa t' di sa paske li te vle fè kichòy vre pou pòv yo, men paske se vòlè li te ye. Se li ki te kenbe kès lajan an, li te konn pran nan sa yo te mete ladan li. (Jan 12:4-6)
Lè sa a, yo tout pran rele: Non. Nou pa vle li. Se Barabas nou vle! Barabas sa a te yon bandi. (Jan 18:40)
Konsa tou, yon nonm yo te rele Ananyas ak Safira madanm li vann yon tè yo te genyen. Men, dakò ak madanm li, Ananyas kenbe enpe nan lajan an pou li, epi li al renmèt apòt yo rès la. Lè sa a, Pyè di li: Ananyas, ki jan ou fè kite Satan antre nan kè ou pou l' fè ou bay Sentespri manti, pou l' fè ou kenbe enpe nan lajan tè a pou ou? Anvan ou te vann tè a, se pa pou ou li te ye? Apre ou te fin vann li, tout lajan an te pou ou, pa vre? Ki jan ou fè mete nan tèt ou pou fè yon bagay konsa? Se pa moun ou bay manti non. Se Bondye ou twonpe. Lè Ananyas tande pawòl sa yo, li tonbe, li mouri frèt. Tout moun ki tande nouvèl la te pè anpil. Men, kèk jenn gason vini, yo vlope kò a; yo pran l', y' al antere li. Twazèdetan apre, madanm Ananyas, ki pa t' konn sak te rive, vin antre. Pyè mande li: Di mwen, èske se pou pri sa a nou te vann jaden an? Li reponn: Wi, se pou pri sa a. Lè sa a, Pyè di li: Poukisa, ou menm ak mari ou, nou fè konbinezon sa a ansanm pou n' chache pran Lespri Bondye a nan pèlen? Koute: Moun ki antere mari ou la, men yo la nan papòt la. Yo pral pote ou ale, ou menm tou. Menm lè a, li tonbe atè nan pye Pyè, li mouri frèt. Jenn gason yo antre, yo jwenn li mouri. Yo pran l', y' al antere bò kot mari li. (Travay 5:1-10)
Se yon moun Krèt, yonn nan pwofèt pa yo menm ki di konsa: Moun Krèt toujou ap bay manti. Se yon bann bèt sovaj, yo parese konsa. Lide yo sou manje ase. (Tit 1:12)
Malgre sa, rès moun sou latè yo, sa ki pa t' mouri anba kalamite sa yo, pa t' sispann adore Satan ak zidòl fèt an lò, an ajan, an bwonz, an wòch oswa an bwa, zidòl ki pa ka wè, ki pa ka tande, ki pa ka mache. Wi, atousa, moun sa yo pa t' chanje jan yo t'ap viv la, yo pa t' sispann touye moun, fè maji, lage kò yo nan imoralite ak vòlò zafè moun. (Revelasyon 9:20-21)

Parabòl ki sèvi ak malonètete kòm egzanp

Jezi di disip li yo: Vwala, se te yon nonm rich ki te gen yon jeran. Yo vin rapòte l' jan jeran an ap gaspiye tout byen l' yo. Li rele jeran an, li di li: Kisa m' tande y'ap di sou ou konsa? vin fè regleman travay ou avè m', paske mwen p'ap kite byen m' yo sou kont ou ankò. Jeran an di nan kè l': Patwon an pral kase m' nan djòb sa a; kisa m' pral fè koulye a? Mwen pa gen fòs pou m' al travay latè. Epi se va yon wont pou m' al mande charite! Bon, mwen konn sa m' pral fè pou lè m' pèdi djòb mwen m'a toujou gen moun ki pou resevwa m' lakay yo. Jeran an fè rele tout moun ki te dwe mèt la, li fè yo vini yonn apre lòt. Li di premye a: Konbe ou dwe mèt la? Li reponn: Mwen dwe l' san (100) bidon lwil. Msye di l': Men papye ou la, chita, ekri senkant. Fè vit. Apre sa, li di yon lòt; Ou menm, konbe ou dwe? Li reponn: San sak (100) mayi. Msye di l': Men papye ou la, ekri katreven. Nonm rich la fè jeran visye a konpliman dapre li te aji ak ladrès sa a. Paske moun k'ap viv dapre prensip lemonn yo regle zafè yo pi byen pase moun ki gen limyè a. (Lik 16:1-8)

Malonètete kache dèyè relijyon

Kouman nou ta vle sa? N'ap vòlò, n'ap touye moun, n'ap fè adiltè, n'ap fè sèman pou bay manti, n'ap fè ofrann pou yo boule pou Baal, n'ap kouri fè sèvis pou yon bann lòt bondye nou pa t' janm konnen anvan. Lèfini, n'ap vin kanpe devan m' nan kay yo mete apa pou mwen an, n'ap plede di: Nou sove! Epi nou donnen pi rèd nan fè bagay mwen pa vle wè? Sanble nou pran kay yo mete apa pou mwen an fè yon kachèt pou vòlò? Se sa mwen wè n'ap fè. Se mwen menm Seyè a ki di sa. (Jeremi 7:9-11)
Jezi antre nan tanp Bondye a, li chase tout moun ki t'ap vann ak tout moun ki t'ap achte nan tanp lan. Li chavire tab moun ki t'ap chanje lajan yo ansanm ak chèz moun ki t'ap vann pijon yo. Apre sa, li di yo; Men sa ki ekri: y'a rele kay mwen an kay kote pou moun vin lapriyè nan pye m'. Men nou menm, nou fè l' tounen yon kachèt pou vòlè. (Matye 21:12-13)
Malè pou nou, nou menm dirèktè lalwa ak farizyen, bann ipokrit! Nou netwaye tout deyò gode a ak deyò plat la byen netwaye. Men, anndan yo plen ak bagay nou pran nan vòlò, nan fè visye. (Matye 23:25)
Apre sa, yo rive Jerizalèm, Jezi antre nan tanp lan. Li pran chase tout moun ki t'ap vann ak tout moun ki t'ap achte nan tanp lan. Li chavire tab moun ki t'ap chanje lajan yo ansanm ak chèz moun ki t'ap vann pijon yo. Li pa t' pèmèt pesonn travèse tanp lan ak bagay nan men yo. Li t'ap moutre moun yo anpil bagay, li di yo: -Men sa ki ekri, pa vre: y'a rele kay mwen an kay kote moun tout nasyon ka vin lapriyè. Men nou menm, nou fè l' tounen yon kachèt pou vòlò. (Mak 11:15-17)
Men, Jezi di li: Nou menm farizyen, se konsa nou ye. Nou netwaye tout deyò gode a ak deyò plat la, men anndan kè nou se lide vòlò ak mechanste ase ki genyen. (Lik 11:39)
Jezi antre nan tanp lan, li pran chase tout moun ki t'ap vann yo. Li di yo: Men sa ki ekri: Se pou kay mwen an yon kay kote moun vin lapriyè nan pye m'; men, nou menm, nou fè l' tounen kachèt vòlè. (Lik 19:45-46)
Paske, gen moun ki rebèl, k'ap mache twonpe moun ak pawòl san sans. Gen anpil jwif konvèti ki konsa nan mitan yo. Se pou nou fèmen bouch moun sa yo, paske yo boulvèse anpil fanmi deja ak move bagay y'ap moutre moun pou yo fè lajan nan move kondisyon. (Tit 1:10-11)

Bondye mande yon onètete total

Seyè a se verite, Satan se mantò

Seyè a se verite

Pawòl la tounen moun. Li te vin viv nan mitan nou, li mennen yon lavi ki te konfòm nèt ak verite a, ak renmen nan tout kè li. Nou wè pouvwa li, se te pouvwa Bondye Papa a te bay sèl Pitit li a. (Jan 1:14)
Jezi reponn li: Se mwen menm ki chemen an. Se mwen menm ki verite a, se mwen menm ki lavi a. Pesonn pa ka al jwenn Papa a si li pa pase nan mwen. (Jan 14:6)
Men, li menm Lespri k'ap moutre verite a, lè la vini, la mennen nou nan tout verite a. Paske li p'ap pale pawòl pa li. Men, tou sa la tande, se sa la di nou: la fè nou konnen bagay ki gen pou rive. (Jan 16:13)
Gen yo twa k'ap di Jezi se moun ki te vini an. (1 Jan 5:7)

Satan se mantò

Se Satan ki papa nou. Se sak fè nou vle fè sa papa nou vle. Depi nan konmansman se sa ase l'ap fè: touye moun. Li pa janm pran pozisyon pou verite a paske pa gen verite menm nan li. Depi l' louvri bouch li, se manti l'ap bay paske sè mantò li ye. Se papa nan bay manti li ye. (Jan 8:44)

Anba lalwa Ansyen Testaman an

Piga nou pran sa ki pa pou nou. (Egzòd 20:15)
Piga nou pran sa ki pa pou nou. Piga nou yonn twonpe lòt. Piga nou bay frè parèy nou manti. Piga nou pran non m' pou fè sèman pou twonpe moun. Si nou fè sa, se derespekte n'ap derespekte non Bondye nou an. Se mwen menm ki Seyè a! Piga nou pwofite sou moun menm ras ak nou. Lè lè pou nou peye moun ki travay pou nou an rive, peye l' lajan l'. Piga nou voye l' pou denmen maten. (Levitik 19:11-13)
Piga nou fè lenjistis nan tribinal. Piga nou twonpe moun lè n'ap mezire longè yon bagay, lè n'ap peze nan balans, lè n'ap mezire pa mamit. N'a toujou gen bon balans, bon pwa, bon lòn, bon mezi. Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an. Se mwen menm ki te fè nou soti kite peyi Lejip! (Levitik 19:35-36)
Konsa, si n'ap vann yon moun pèp Izrayèl parèy nou yon tè osinon si n'ap achte tè nan men l', piga nou fè koutay yonn sou do lòt. Lè n'ap achte yon tè osinon lè w'ap vann yon tè, se pou nou kalkile pri a sou kantite lanne tè a ka travay anvan lanne rejwisans k'ap vini an rive. Plis gen lanne anvan lanne rejwisans lan rive, se plis pri a va pi wo. Mwens gen lanne, se plis pri a va pi ba, paske se kantite lanne rekòt tè a ka bay la n'ap vann osinon n'ap achte. Pa fè lajan sou do moun pèp Izrayèl parèy nou. Men, se pou nou gen krentif pou Bondye nou, paske se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an. (Levitik 25:14-17)
Piga nou janm pran sa ki pa pou nou. (Deteronòm 5:19)
Nan peyi Seyè a, Bondye nou an, pral ban nou pou nou rete a, pa janm deplase bòn tè moun pèp Izrayèl parèy nou. Kite yo kote zansèt nou yo te plante yo a. (Deteronòm 19:14)
Nou pa gen dwa gen de kalite pwa nan sakit nou pou pran pèz, yonn ki bon, yonn ki pa bon, ni de kalite mezi lakay nou, yonn ki bon ak yonn ki pa bon. N'a toujou sèvi ak bon mezi, san wete san mete. Se konsa n'a ka viv lontan nan peyi Seyè a, Bondye nou an, ap ban nou an. Paske Seyè a pa vle wè moun k'ap fè bagay konsa, moun k'ap fè lenjistis. (Deteronòm 25:13-16)

Kòm yon prensip biblik jeneral

(034:14) Se moun ki pa lage kò yo nan pale moun mal ni nan bay manti. (Sòm 34:13)
(051:8) Men, ou vle pou yon moun sensè nan tou sa l'ap fè. Tanpri, fè m' konprann tout bagay non! (Sòm 51:6)
(062:11) Pa mete konfyans nou nan fè britalite. Pa mete nan tèt nou nou ka genyen anyen nan vòlò. Lè nou wè n'ap fè lajan, pa kite l' pran nanm nou. (Sòm 62:10)
Se pou ou toujou viv byen ak tout moun. Se pou ou toujou gen yon sèl pawòl. Mete pawòl mwen yo nan kou ou tankou yon kolye, kenbe yo nan kè ou pou ou pa janm bliye yo. (Pwovèb 3:3)
Pa janm kite manti soti nan bouch ou, ni move pawòl, ni mo deplase. (Pwovèb 4:24)
Mechan yo fin deprave. Y'ap mache bay manti toupatou. (Pwovèb 6:12)
Gen sis bagay Seyè a pa vle wè. Sa m'ap di la a: Gen menm sèt bagay li pa ka sipòte: se fo temwen k'ap bay manti sou moun, se moun k'ap mete frè ak zanmi dozado. (Pwovèb 6:16, 19)
Seyè a pa vle wè moun k'ap sèvi ak fo balans. Li kontan ak moun ki sèvi ak bon mezi. (Pwovèb 11:1)
Seyè a pa vle wè moun k'ap manti. Men, li kontan nèt ak moun ki toujou kenbe pawòl yo. (Pwovèb 12:22)
Moun k'ap mache dwat pa vle wè moun k'ap bay manti. Men, sa mechan yo ap fè a se yon wont, se yon dezonè pou tèt yo. (Pwovèb 13:5)
Yon bon temwen p'ap bay manti. Yon fo temwen p'ap di verite. (Pwovèb 14:5)
Lè yon temwen di laverite, li sove lavi inonsan. Lè li bay manti, li twonpe jij yo. (Pwovèb 14:25)
Yon moun sòt pa ka di anyen ki bon. Konsa tou, yon moun serye pa nan bay manti. (Pwovèb 17:7)
Seyè a mande pou yo sèvi ak bon balans pou peze. Li pa vle pou yo sèvi ak move mezi nan kòmès. (Pwovèb 16:11)
Seyè a pa ka sipòte moun k'ap sèvi ak de pwa de mezi. (Pwovèb 20:10)
Seyè a pa ka sipòte moun k'ap sèvi ak de pwa de mezi. Sa pa bon pou ou sèvi ak move balans. (Pwovèb 20:23)
Pa pran ti sa pòv la genyen an paske se pòv li ye. Pa pwofite sou ti malere yo nan tribinal. Se Seyè a ki va plede kòz yo pou yo. L'a touye moun ki vòlò malere sa yo. (Pwovèb 22:22-23)
Pa janm deplase bòn tè kote granmoun lontan te mete yo. (Pwovèb 22:28)
Pa janm deplase bòn tè kote yo te ye depi lontan an. Pa antre sou jaden ki pou timoun san papa. (Pwovèb 23:10)
Verite, konesans, lespri ak bon konprann, se bagay ou mèt peye chè pou ou genyen. Men, pa janm vann sa. (Pwovèb 23:23)
Moun k'ap vòlò papa l' ak manman l', epi k'ap di nan kè l': Se pa anyen sa, li menmman parèyman ak moun k'ap mache brize. (Pwovèb 28:24)
...lè yo derefize rekonèt dwa Bondye ban nou, lè y'ap bay move jijman nan tribinal! Atò, se konnen li pa konnen! (Plenn 3:35-36)
Men sa pou nou fè: Lè n'ap pale yonn ak lòt, pa bay manti. Nan tribinal, se pou nou rann jistis san patipri pou tout moun ka viv byen yonn ak lòt. Pa fè plan pou nou aji mal yonn ak lòt. Pa fè sèman, lèfini pou n'ap bay manti pou akize moun. Paske, tou sa se bagay mwen pa vle wè. Se Seyè a menm ki di sa! (Zakari 8:16-17)
Kèk pèseptè kontribisyon te vini tou pou l' te batize yo. Yo mande Jan: Mèt, kisa pou nou fè? Li reponn yo: Pa fè moun peye plis pase sa lalwa mande a. Kèk sòlda tou mande li: E nou menm, kisa pou nou fè? Li reponn yo: Pa fè brital ak pesonn. Pa fè manti sou pesonn pou pran lajan nan men yo. Fè kè nou kontan ak sa yo peye nou an. (Lik 3:12-14)
Enben, ou menm k'ap bay lòt yo leson, poukisa ou pa bay tèt ou leson tou? W'ap mande moun pou yo pa vòlò, epi w'ap vòlò: w'ap dèfann moun fè adiltè epi ou menm, w'ap fè adiltè! Ou di ou rayi zidòl, epi w'ap piye tanp zidòl yo! (Ròm 2:21-22)
Sa ki pi rèd, si nou ka gen pwose yonn ak lòt, sa deja moutre jan nou pa bon menm. Poukisa nou pa asepte soufri lenjistis pito? Poukisa nou pa kite yo piye nou pito? Okontrè, mwen wè se nou menm k'ap fè lòt lenjistis, k'ap piye yo, epi ki moun n'ap fè sa, se pwòp frè nou nan Kris la! Nou konnen byen pwòp moun ki mechan p'ap resevwa anyen nan peyi kote Bondye wa a. Pa twonpe tèt nou: moun k'ap viv nan dezòd, moun k'ap sèvi zidòl, moun k'ap viv nan adiltè, moun pèvèti k'ap sèvi fanm ak fanm, gason ak gason, moun k'ap vòlò, moun ki gen lanvi plen kè yo, tafyatè, moun k'ap pale moun mal, piyajè, yo yonn p'ap resevwa anyen nan peyi kote Bondye wa a. (1 Korint 6:7-10)
Se poutèt sa, sispann bay manti. Se pou nou di verite lè n'ap pale ak frè nou, paske nou tout se manm yon sèl kò nou ye. (Efèz 4:25)
Pare kò nou: mare verite a tankou yon sentiwon nan ren nou. Pwoteje nou ak jistis Bondye a tankou plak pwotèj sòlda yo mete sou lestonmak yo pou pwoteje yo. (Efèz 6:14)
Pa bay frè nou yo manti. Paske, nou voye vye moun nou te ye a jete ansanm ak tout vye mès li yo. (Kolòs 3:9)
Egzante tou sa ki mal. (1 Tesalonik 5:22)
Se pou nou chonje tou yo pa mete lalwa pou moun k'ap aji byen. Lalwa a se pou malveyan yo, pou moun k'ap fè rebèl, pou mechan yo, pou moun k'ap fè peche, pou moun ki pa gen respè ni pou Bondye ni pou larelijyon, pou moun k'ap touye manman yo ak papa yo, pou ansasen, pou moun k'ap fè imoralite, pou moun ki gen vye mès gason ak gason, fanm ak fanm, pou moun k'ap vann esklav, pou moun k'ap bay manti, k'ap fè sèman pou twonpe moun. Lalwa a se pou tout moun k'ap fè tout kalite bagay ki pa dakò ak verite yo moutre nou an. (1 Timote 1:9-10)
Pale ak domestik yo pou yo soumèt devan mèt yo, pou yo fè mèt yo plezi nan tout bagay. Yo pa fèt pou nan bay repons ak yo. Ni yo pa dwe nan pran sa ki pa pou yo. Okontrè, se pou yo serye tout bon nan tou sa y'ap fè. Konsa y'a fè respè mesaj Bondye, delivrans nou an, nan tout bagay. (Tit 2:9-10)
Okontrè, nan tou sa n'ap fè, se pou nou bon nèt, tankou Bondye ki rele nou an bon nèt tou. Paske, men sa ki ekri nan Liv la: Se pou nou bon nèt, paske mwen menm, mwen bon nèt. (1 Piè 1:15-16)
Mwen swete pou pesonn nan nou pa gen pou li soufri paske li te touye moun, osinon paske li te fè sa ki mal, osinon paske li te foure bouch li nan zafè ki pa gade li. (1 Piè 4:15)

Obligatwa pou lidè yo

Gouvènman

Men, w'a chwazi nan mitan pèp la kèk moun ki kapab, moun ki gen krentif pou Bondye. Fòk se moun ou ka konte sou yo, moun ki p'ap kite lajan pran nanm yo. W'a mete yo chèf pou dirije pèp la, chèf sou mil moun, chèf sou san moun, chèf sou senkant moun ak chèf sou dis moun. Moun sa yo va toujou la pou sèvi jij pou pèp la. Lè y'a gen gwo zafè, y'a pote yo devan ou. Men lòt ti zafè, y'a regle sa yo menm. Konsa, chay la va pi lejè pou ou, paske y'a ede ou pote l'. (Egzòd 18:21-22)
Yon wa ap rete wa si li se nèg serye, si li toujou kenbe pawòl li. L'ap toujou wa si li pa nan patipri. (Pwovèb 20:28)
Lè yon chèf pa gen konprann, l'ap peze moun, l'ap fè mechanste. Men, moun ki pa vle wè moun k'ap vòlò ap gouvènen lontan. (Pwovèb 28:16)
Seyè sèl Mèt la pale ankò, li di konsa: -Nou menm, chèf peyi Izrayèl la, nou fè kont peche nou. Sispann maltrete moun, sispann pran sa ki pa pou nou. Fè sa ki dwat, pa fè lenjistis. Pa mete pèp la deyò sou tè ki pou li a. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di nou sa. Se pou tout moun sèvi ak bon pwa, ak bon mezi san madou. (Ezekyèl 45:9-10)

Legliz

Konsa tou, se pou moun k'ap ede nan sèvis legliz la se moun ki respektab, ki pa gen de pawòl, moun ki pa bwè twòp, ki pa renmen fè lajan mal, ki p'ap kouri dèyè lajan. (1 Timote 3:8)
Paske, yon moun k'ap dirije legliz la, se li ki reskonsab travay Bondye a. Se pou li san repwòch. Se pa pou li awogan, ni renmen fè kòlè, ni renmen bwè gwòg. Li pa fèt pou l' brital, ni renmen fè lajan nan move kondisyon. (Tit 1:7)
Mwen menm ki yon chèf reskonsab, m'ap pale koulye a ak chèf reskonsab ki nan mitan nou yo. Mwen menm ki te wè jan Kris la te soufri a, mwen pral patisipe tou nan bèl pouvwa Bondye ki gen pou parèt la. Men sa m'ap di nou: Tankou gadò, se pou nou swen bann mouton Bondye ki sou kont nou an. Pa fè sa tankou si se fòse y'ap fòse nou. Men, fè l' paske nou vle fè sa Bondye vle. Pa fè travay la tankou si se dèyè lajan nou ye. Men, fè l' ak tout kè nou. (1 Piè 5:1-2)

Onètete obligatwa nan bay

Lèfini, n'ap plede di: Nou bouke ak tout bagay sa yo. Nou pa pran ka m' ankò. Se Seyè ki gen tout pouvwa a ki di sa. Nou pran bèt nou vòlò, bèt enfim, osinon bèt malad, nou vin ofri ban mwen. Seyè a mande nou: Nou kwè mwen ka asepte bagay konsa nan men nou? Se Seyè a ki mande nou sa. Madichon pou moun k'ap twonpe m' yo. Yo vin ofri bèt ki pa bon pou yo touye pou mwen epi yo kite bon ti mal yo te pwomèt y'ap ban mwen an nan bann mouton yo. Paske, se yon wa ki gen anpil pouvwa mwen ye. Moun tout nasyon va respekte m'. Se Seyè ki gen tout pouvwa a ki di sa. (Malachi 1:13-14)

Pa bay jan sa dwe a konsidere kòm vòl

Mwen menm m'ap mande nou: Eske yon moun ka twonpe Bondye? Non. Men, se twonpe n'ap twonpe m'. N'ap mande ki jan n'ap twonpe m' lan. M'ap reponn nou: Nan keksyon ladim ak lòt bagay nou fèt pou nou ofri m' yo. Gen yon madichon ki gen pou tonbe sou nou tout, paske tout moun nan peyi a ap twonpe m'. (Malachi 3:8-9)

Onètete gen plis valè pase richès

Pito ou pòv men ou se nèg serye pase pou w'ap bay manti epi pou ou sòt met sou li. (Pwovèb 19:1)
Tou sa yo mande yon moun se pou l' gen bon kè. Pito yon moun pòv pase l' mantò. (Pwovèb 19:22)
Lè se moun k'ap fè sa ki dwat ki rive chèf, se fèt pou tout moun. Men, lè se mechan an ki rive chèf, tout moun al kache. (Pwovèb 28:12)

Egzanp moun onèt

Lè sa a, Moyiz fè yon sèl fache, li di Seyè a konsa: -Pa asepte okenn ofrann moun sa yo ta pote vin ofri ou. Mwen pa janm pran anyen nan zafè yo, pa menm yon bourik. Mwen pa janm fè yonn ladan yo anyen. (Resansman 16:15)
Koulye a, men mwen! Se pou nou di m' devan Seyè a, devan wa li chwazi a, sa mwen janm fè nou. Eske mwen janm pran bèf osinon bourik yonn nan nou? Eske mwen janm pwofite sou pesonn? Eske mwen janm aji mal ak pesonn? Eske mwen janm pran lajan nan men pesonn pou m' kache anyen pou li? Si mwen janm fè bagay konsa, m'ap renmèt sa m' te pran an. Pèp la reponn: -Ou pa janm aji mal ak nou. Ou pa janm pwofite sou nou ni ou pa janm pran lajan nan men pesonn. Samyèl di yo: -Jòdi a, Seyè a ansanm ak wa li chwazi a temwen nou pa jwenn anyen pou nou repwoche m'. Pèp la reponn: -Seyè a temwen! (1 Samyèl 12:3-5)
Eske mwen janm nan bay manti? Eske mwen janm chache twonpe moun? se pou lòt moun rekòlte sa mwen plante. Se pou yo rache tout ti plant k'ap pouse nan jaden m'. (Jòb 31:5, 8)
Lè sa a, lòt gwo chèf yo ansanm ak prefè yo t'ap chache yon okazyon pou yo antrave Danyèl nan travay leta a. Men, yo pa t' ka jwenn anyen pou yo repwoche l' sitèlman Danyèl te yon nonm serye nan tou sa l'ap fè. Li pa t' pote ankenn neglijans ni pa t' gen ankenn mank nan travay li. (Danyèl 6:4)
Bondye mwen an voye zanj li, li fèmen bouch lyon yo pou yo pa fè m' anyen. Li fè sa paske li konnen mwen inonsan. Epi ou menm tou, monwa, ou konnen m' pa fè ou anyen ki mal, pa vre? (Danyèl 6:22)
Ti ponyen moun ki va rete nan pèp Izrayèl la p'ap nan fè moun mal, yo p'ap nan bay manti, yo p'ap nan twonpe moun. Y'a manje, y'a dòmi, anyen p'ap fè yo pè. (Sofoni 3:13)

Egzanp kote yo teste onètete moun

Nou tout nou se pitit yon sèl papa. Nou p'ap ba ou manti, se pa espyon nou ye. Sou twazyèm jou a, Jozèf di yo: -Men sa pou n' fè, si nou vle sove lavi nou: Mwen menm mwen se moun ki respekte Bondye. Si nou konnen nou p'ap bay manti se pou yonn nan nou rete fèmen nan prizon kote yo te fèmen nou an. Lòt yo mèt pote ble a ale pou fanmi nou yo ka manje. Men, ti frè nou an, sa ki pi piti a, se pou nou mennen l' ban mwen, pou nou ka moutre m' nou pa t' ban m' manti. Konsa, yo p'ap touye nou. Yo tonbe dakò sou sa. (Jenèz 42:11, 18-20)
Nou di l' nou p'ap ba l' manti, se pa espyon nou ye. Se douz frè nou ye, pitit yon sèl papa. Yonn nan nou disparèt, dènye a rete ak papa nou nan peyi Kanaran. Men chèf peyi a di nou: Men ki jan m'ap konnen si nou p'ap ban m' manti: Kite yonn nan frè nou yo isit la avèk mwen. Pran sa nou bezwen pou fanmi nou. Nou mèt ale. Mennen lòt ti frè nou an ban mwen. Lè sa a, m'a konnen se pa espyon nou ye, nou pa t'ap ban m' manti. m'a renmèt nou frè nou an. m'a kite nou trafike nan peyi a. (Jenèz 42:31-34)

Moun ki gen lakrentif Bondye rayi malonètete

Moun k'ap mache dwat pa vle wè moun k'ap bay manti. Men, sa mechan yo ap fè a se yon wont, se yon dezonè pou tèt yo. (Pwovèb 13:5)

Poukisa Bondye mande yon onètete total?

Nou pa ka malonèt epi renmen Bondye

Moun ki mache dwat, se yo ki gen krentif pou Seyè a. Men, moun k'ap mache kwochi pa pran Bondye pou anyen. (Pwovèb 14:2)

Nou pa ka malonèt epi renmen pwochen nou

Fòk ou rayi yon moun vre pou fè manti sou li. Lè w'ap flate moun, se tèt ou w'ap fè tò. (Pwovèb 26:28)
Se konsa, ou wè kòmandman sa yo: piga ou janm fè adiltè; piga ou janm touye moun; piga ou janm vòlò; piga ou janm pote lanvi sou sak pa pou ou; kòmandman sa yo ansanm ak tout lòt yo, gen yon sèl pawòl ki ranmase yo tout: se pou ou renmen frè parèy ou tankou ou renmen pwòp tèt pa ou. Moun ki gen renmen nan kè yo pa fè moun mal: se sak fè lè nou renmen, nou fè tou sa lalwa a mande nou fè. (Ròm 13:9-10)

Onètete bay evanjelizasyon kredibilite

...pou yo pa jwenn anyen pou yo repwoche nou, pou nou ka fè sa ki byen tankou bon pitit Bondye, antan n'ap viv nan mitan bann moun malonèt ak bann mechan sa yo ki sou latè. Se pou nou klere nan mitan yo tankou zetwal nan syèl la, (Filip 2:15)

Onètete ede dirije lavi nou

Pa janm kite manti soti nan bouch ou, ni move pawòl, ni mo deplase. Gade dwat devan ou. Kenbe je ou fikse sou chemen ki dwat devan ou lan. Chache konnen byen sa w'ap fè. Konsa, tou sa w'ap fè ap mache byen pou ou. (Pwovèb 4:24-26)

Menm pi piti malonètete a gen gwo konsekans

Moun ki kenbe pawòl li nan tout ti bagay, la kenbe l' nan gwo bagay tou. Men, moun ki pa serye nan ti bagay, li p'ap serye nan gwo bagay non plis. (Lik 16:10)

Kijan nou ka chape anba tantasyon pou nou malonèt?

Pa gras ak pouvwa Seyè a

Fè m' pi anvi swiv prensip ou yo pase pou m' anvi gen lajan. (Sòm 119:36)
Bondye, se de bagay ase mwen mande ou: Tanpri, pa refize m' yo anvan mwen mouri. Men yo: Pa kite m' bay manti pou m' twonpe moun. Pa fè m' ni rich ni pòv. Ban m' kantite manje mwen bezwen pou m' viv la. (Pwovèb 30:7-8)
Se poutèt sa, men sa m'ap di nou: Kite Lespri Bondye dirije lavi nou. Pa obeyi egzijans kò a. Kò a gen egzijans ki pa dakò ak egzijans Lespri Bondye a. Konsa tou, Lespri Bondye a gen egzijans ki pa dakò ak egzijans kò a. Se de bagay ki pa mache ansanm menm. Se sak fè nou pa kapab fè sa nou vle. (Galasi 5:16-17)

Lè nou pratike règ an lò a

Tou sa nou vle lòt moun fè pou nou, nou menm tou fè l' pou yo. Se sa lalwa Moyiz la ak liv pwofèt yo mande nou fè. (Matye 7:12)
Piga pesonn chache enterè pa l' ase. Se pou l' chache sa ki bon pou lòt yo tou. (Filip 2:4)

Pa yon bon lakrentif Seyè a

Si ou pa janm vire do bay Bondye, si ou toujou kenbe pawòl ou, Bondye va padonnen peche ou yo. Lè yon moun gen krentif pou Bondye, l'ap evite fè sa ki mal. (Pwovèb 16:6)

Lè nou separe ak moun malonèt

Mwen pa chita ansanm ak moun k'ap bay manti, mwen pa gen anyen pou m' wè ak moun ipokrit. (Sòm 26:4)
(040:5) Ala bon sa bon pou moun ki mete konfyans yo nan Seyè a, pou moun ki p'ap swiv ni moun k'ap fè awogans yo ni moun k'ap bay manti yo! (Sòm 40:4)
M'ap pran swen moun nan peyi a ki kenbe Bondye fèm. M'ap kite yo rete bò kote m'. Moun k'ap mache dwat yo, se yo m'ap pran pou sèvi lakay mwen. Mwen p'ap kite moun k'ap twonpe moun rete lakay mwen. Moun k'ap bay manti p'ap rete kanpe devan mwen. (Sòm 101:6-7)
Pitit mwen, lè moun k'ap fè sa ki mal vle detounen ou, pa kite yo pran tèt ou. Si yo di ou: Vini ak nou non! Ann anbiske kò nou pou n' touye moun. Ann pare pèlen pou nou pran inonsan yo, san yo pa gen anyen ak nou. Ann vale yo tou vivan, tankou simityè ki pa janm refize mò. Ann vale yo tout ankè tankou kadav y'ap antere. N'a jwenn tout kalite gwo richès, n'a plen kay nou ak tout bagay n'a pran. W'a jwenn pa ou nan tou sa n'a pran. Va gen yon sèl kès pou nou tout. Pitit mwen, pa mache avèk moun konsa! Pa mete pye ou kote moun sa yo pase! Yo toujou dèyè pou fè sa ki mal. Pou ti krik ti krak, yo mete san deyò. (Pwovèb 1:10-16)
Moun ki konplis yon vòlò, se moun ki rayi tèt li. Si li denonse vòlò a, y'ap pini l'. Si li pa denonse l', madichon Bondye ap tonbe sou li. (Pwovèb 29:24)
Nan lèt mwen te ekri nou an, mwen te mande pou n' pa mele ak moun k'ap viv nan imoralite. Lè sa a, mwen pa t' gen nan lide mande nou pou n' separe ak tout moun sou latè k'ap viv nan dezòd lachè, ki gen lanvi plen kè yo, k'ap vòlò osinon k'ap sèvi zidòl. Pou n' ta egzante tout moun sa yo, se kite pou n' ta kite tè a nèt. Mwen te vle di pou n' pa mele ak yon nonm ki swadizan frè nou nan Kris la, men k'ap viv nan dezòd, ki gen lanvi plen kè l', k'ap sèvi zidòl, k'ap pale moun mal, ki tafyatè, osinon ki vòlò. Nou pa dwe menm chita sou menm tab pou n' manje ak yon nonm konsa. (1 Korint 5:9-11)
Piga nou twonpe tèt nou: move zanmi gate bon levasyon. (1 Korint 15:33)

Lè nou bay

Se pou moun ki te konn vòlò sispann vòlò. Okontrè, se pou l' travay di ak men l' san fè move konbinezon, pou l' sa gen dekwa bay moun ki nan bezwen. (Efèz 4:28)

Lè nou etabli yon sistèm responsablite

Laban di l': -Kisa pou m' ba ou? Jakòb reponn li: -Ou pa bezwen peye m' pou sa. Men si ou dakò avèk sa mwen pral di ou la, m'a rete ankò pou okipe bèt ou yo. Jòdi a, mwen pral pwonmennen mache nan mitan tout bèt ou yo. M'ap pran tout ti mouton nwa, ak tout ti kabrit ki takte osinon pentle yo, m'ap mete yo apa. Se sa ase w'a ban mwen pou sèvis mwen. Lè w'a vin wè sa ou dakò ban mwen an, w'a konnen si m' te fè vis, wi ou non. Lè w'a vin kontwole sa ki pou mwen yo, si mwen gen yon mouton ki pa nwa, osinon yon kabrit ki pa takte ou ki pa pentle, ou mèt konnen se vòlè mwen vòlè ou. (Jenèz 30:31-33)

Kisa pou nou fè lè nou te malonèt?

Restore relasyon nou ak Seyè a

Lè yon moun rive antò paske li fè yonn nan bagay sa yo, se pou l' rekonèt devan tout moun sa l' fè a mal. Apre sa, l'a peye pou peche li fè a, l'a pran yon fenmèl nan mouton pa l' yo, osinon nan kabrit li yo, l'a ofri l' bay Seyè a pou peche li te fè a. Prèt la va fè ofrann bèt pou wete peche nonm lan. (Levitik 5:5-6)
Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa: -Si yon moun fè peche, si li fè bagay Seyè a pa vle moun fè, si li bay yon moun pèp Izrayèl parèy li manti sou bagay li te mete an depo lakay li, sou bagay li te ba li kenbe pou li an zanmi, ou ankò si li vòlò l', ou ankò si li twonpe l', ou ankò si li jwenn bagay lòt la te pèdi epi li manti, li sèmante li pa t' jwenn li, pou tout bagay mal sa yo yon moun ka fè, se pou yo fè yon ofrann. Lè yon moun fè yon peche konsa, li koupab, epi se pou l' renmèt sa l' te vòlò a, osinon lajan li te fè sou tèt lòt la, osinon depo yo te ba l' kenbe a, ou ankò bagay pèdi li te jwenn lan, ou ankò sa l' te sèmante li pa t' jwenn lan. Wi, se pou l' renmèt tout plis ven pou san bay mèt bagay la, jou l'ap fè ofrann pou peye pou sa l' te fè ki mal la. Prèt la va fè ofrann lan pou li bay Seyè a. Bondye va padonnen l' nenpòt kisa li te fè li pa t' dwe fè. (Levitik 6:1-5, 7)
Men, si nou rekonèt devan Bondye nou fè peche, nou mèt gen konfyans nan li. Paske l'ap fè sak gen pou fèt la: la padonnen tout peche nou yo, la netwaye nou anba tou sa ki mal. (1 Jan 1:9)

Restore relasyon nou ak moun nou te fè tò a

Moun k'ap kache peche p'ap janm wè zafè yo mache. Men, Bondye va gen pitye pou moun ki rekonèt peche yo, pou moun ki chanje lavi yo. (Pwovèb 28:13)
Se pou nou konfese peche nou yo yonn bay lòt. Se pou yonn lapriyè pou lòt, pou nou kapab geri. Lè yon moun ap viv dwat devan Bondye, lapriyè moun sa a gen anpil pouvwa. (Jak 5:16)

Remèt tout sa nou te vòlè

Si yon moun vòlò yon bèf osinon yon mouton, si li touye l' epi li vann li, li gen pou l' bay senk bèf pou bèf li pran an osinon kat mouton pou mouton li pran an. Si yo bare yon vòlè ap kase yon kay epi yo touye l', moun ki touye l' la pa koupab. Men, si sa rive apre solèy fin leve, moun ki touye l' la koupab. Li gen pou l' peye pou li, wè pa wè. Si li pa gen anyen, y'a vann li pou yo ka peye pou sa l' te vòlò a. Men, si yo jwenn bèt li te vòlò a vivan nan men l' toujou, kit se bèf, kit se kabrit, kit se bourik, l'a renmèt de pou yonn. (Egzòd 22:1-4)
Si yon moun pran lajan l' osinon yon bagay ki gen anpil valè, li bay yon lòt moun sere l' pou li, si yo rive vòlò bagay sa yo nan kay moun ki te sere yo a, si yo jwenn vòlè a, vòlè a va gen pou renmèt de fwa lavalè. Men, si yo pa jwenn vòlè a, y'a mennen mèt kay kote bagay yo te sere a devan lòtèl Bondye a, pou yo wè si se pa li menm ki te pran bagay lòt moun lan. Si yon moun pèdi yon bagay, kit se yon bèf, osinon yon bourik, ou ankò yon mouton, kit se yon rad ou nenpòt lòt bagay, si lè yo jwenn sak te pèdi a yon lòt moun pretann di se pou li li ye, y'a mennen yo tou de devan lòtèl Bondye a pou regle sa. Moun Bondye va kondannen an va gen pou l' bay lòt la de fwa lavalè pou dedomajman. (Egzòd 22:7-9)
Si yon moun prete yon bèt nan men yon frè parèy li, epi malè rive bèt la, osinon li mouri an absans mèt li, se pou l' peye mèt bèt la kichòy. (Egzòd 22:14)
Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa: -Si yon moun fè peche, si li fè bagay Seyè a pa vle moun fè, si li bay yon moun pèp Izrayèl parèy li manti sou bagay li te mete an depo lakay li, sou bagay li te ba li kenbe pou li an zanmi, ou ankò si li vòlò l', ou ankò si li twonpe l', ou ankò si li jwenn bagay lòt la te pèdi epi li manti, li sèmante li pa t' jwenn li, pou tout bagay mal sa yo yon moun ka fè, se pou yo fè yon ofrann. Lè yon moun fè yon peche konsa, li koupab, epi se pou l' renmèt sa l' te vòlò a, osinon lajan li te fè sou tèt lòt la, osinon depo yo te ba l' kenbe a, ou ankò bagay pèdi li te jwenn lan, ou ankò sa l' te sèmante li pa t' jwenn lan. Wi, se pou l' renmèt tout plis ven pou san bay mèt bagay la, jou l'ap fè ofrann pou peye pou sa l' te fè ki mal la. (Levitik 6:1-5)
Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa: -Pale ak moun pèp Izrayèl yo. Lè yon gason osinon yon fanm pa kenbe pawòl l' ak Seyè a, l' al fè yon bagay mal kont yon moun, l' antò. Moun ki antò a va rekonèt devan tout moun li te fè yon bagay mal, epi li va renmèt tout sa l' te pran an bay moun li te fè tò a plis vin pou san (20%) lavalè. Men, si moun li te fè tò a mouri san li pa kite yon fanmi pre ki pou resevwa sa y'ap renmèt l' a, y'a pran sa l'ap renmèt la, y'a ofri l' bay Seyè a pou prèt yo. Apre sa, moun lan ap toujou gen pou l' ofri bay Bondye yon belye mouton pou repare sa l' te fè ki mal la. (Resansman 5:5-8)
David fache anpil sou nonm rich la. Li di Natan konsa: -Mwen fè sèman nan non Seyè ki vivan an! Nonm ki fè bagay sa a merite pou yo touye l'. Pou l' peye bagay lèd li fè a, l'ap renmèt kat fwa lavalè sa l' te pran an, paske li san pitye. (2 Samyèl 12:5-6)
Menm lè yon vòlò vòlò paske li grangou, se pa sa ki di li pa vòlò pou sa. Si yo bare l', y'ap fè l' peye sèt fwa lavalè sa l' pran an. Y'a fè l' bay tou sa li gen lakay li. (Pwovèb 6:30-31)
Konsa tou, m' avèti tout mechan yo yo gen pou mouri. Men, si yon mechan sispann fè sa ki mal, epi li tanmen mache dwat devan mwen, l'ap fè sa ki byen, si pa egzanp, li renmèt garanti yo te ba li pou lajan li te prete, si l' renmèt sa li te vòlò a, osinon si li sispann fè sa ki mal pou li mache dapre lòd mwen k'ap bay lavi a, li p'ap mouri, se viv pou li viv. M'ap padonnen tout peche li te fè yo. L'ap viv paske l'ap mache dwat devan mwen, l'ap fè sa ki byen. (Ezekyèl 33:14-16)
Zache leve kanpe, li di Jezi konsa: Koute, Mèt. Mwen pral bay pòv mwatye tout byen mwen genyen. Si mwen te twonpe yon moun pou m' pran lajan l', mwen pral rann li kat fwa lavalè. (Lik 19:8)

Benediksyon ak madichon

Benediksyon pwomèt pou moun onèt

Benediksyon yon relasyon pi entim ak Seyè a

Se yon sòm David. Seyè, ki moun ki ka rete lakay ou a? Ki moun ki ka viv sou mòn ki apa pou ou a? Se moun ki fè volonte Bondye nan tout bagay, ki toujou fè sa ki byen. Se moun ki pale verite a jan l' ye nan kè li, ki pa nan bay moun kout lang. Se moun ki p'ap fè zanmi l' yo anyen ki mal, ki p'ap mache fè tripotaj sou vwazinaj. Li meprize tout moun Bondye vire do bay, men, li respekte tout moun ki gen krentif pou Seyè a. Li toujou kenbe pawòl li, menm si sa koute l' chè. (Sòm 15:1-4)
Ki moun ki gen dwa moute sou mòn ki pou Seyè a? Ki moun li kite antre nan kay ki apa pou li a? Se moun ki pa fè anyen ki mal, moun ki pa gen move lide nan tèt yo. Se moun ki pa nan bay manti, moun ki pa nan fè sèman pou twonpe moun. (Sòm 24:3-4)
Seyè a kanpe toupre moun k'ap rele l', toupre tout moun k'ap rele l' ak tout kè yo. (Sòm 145:18)
Se pou ou toujou viv byen ak tout moun. Se pou ou toujou gen yon sèl pawòl. Mete pawòl mwen yo nan kou ou tankou yon kolye, kenbe yo nan kè ou pou ou pa janm bliye yo. Si ou fè sa, Bondye va kontan avè ou, lèzòm va nonmen non ou an byen. (Pwovèb 3:3-4)
Paske Seyè a pa vle wè moun ki deprave. Men, li mete moun ki mache dwat yo nan tout sekrè l' yo. (Pwovèb 3:32)
Seyè a pa vle wè moun k'ap manti. Men, li kontan nèt ak moun ki toujou kenbe pawòl yo. (Pwovèb 12:22)
Eske w'ap yon pi bon wa paske ou bati kay ou ak bwa sèd pou li pi bèl pase pa lòt moun? Papa ou te manje, li te bwè tankou tout moun. Men, li te fè sa ki dwat, li pa t' fè lenjistis. Tout zafè l' te mache byen. Li te defann kòz pòv malere yo. Tout bagay te mache byen pou li. Se sa ki rele konnen Seyè a. Men ou menm, yon sèl bagay ou wè, yon sèl bagay ou konnen, se enterè pa ou ase. Se konsa w'ap touye inonsan. W'ap maltrete pèp la, w'ap maspinen l'. Se Seyè a menm ki di sa. (Jeremi 22:15-17)

Benediksyon pwoteksyon

Lè yon moun mache dwat, Seyè a ba li bon konsèy. Lè yon moun serye, li pwoteje l'. (Pwovèb 2:7)
Yon nonm serye pa janm bezwen pe anyen. Men, yo gen pou yo bare moun k'ap fè vis. (Pwovèb 10:9)

Benediksyon pwovizyon

Moun k'ap chape, se moun k'ap mache dwat yo, moun ki pa nan bay manti, moun ki pa sèvi ak pouvwa yo pou pwofite sou lòt moun, moun ki pa asepte lajan sou kote, moun ki pa dakò ak moun k'ap fè plan pou fè mechanste, moun ki pa mele ak moun k'ap fè sa ki mal. Se moun konsa ki pral rive nan lavi. Tankou yon moun ki nan yon gwo fò byen wo, anyen p'ap rive l': l'ap toujou jwenn manje pou l' manje ak dlo pou l' bwè. (Ezayi 33:15-16)

Benediksyon sou fanmi an

Lè yon papa se moun serye, li fè sa ki dwat. Sa bon nèt pou pitit li yo. (Pwovèb 20:7)

Benediksyon kè kontan

Byen ou rive fè nan move kondisyon p'ap rapòte ou anyen. Men, lè ou serye, ou sove lavi ou. (Pwovèb 10:2)

Benediksyon lavi

Nou pa gen dwa gen de kalite pwa nan sakit nou pou pran pèz, yonn ki bon, yonn ki pa bon, ni de kalite mezi lakay nou, yonn ki bon ak yonn ki pa bon. N'a toujou sèvi ak bon mezi, san wete san mete. Se konsa n'a ka viv lontan nan peyi Seyè a, Bondye nou an, ap ban nou an. (Deteronòm 25:13-15)
(034:13) Ki moun ki ta renmen jwi lavi? Ki moun ki ta renmen viv lontan ak kè kontan? (034:14) Se moun ki pa lage kò yo nan pale moun mal ni nan bay manti. (Sòm 34:12-13)
Manti la pou yon ti tan. Men, verite la pou tout tan tout tan. (Pwovèb 12:19)
Konsa tou, m' avèti tout mechan yo yo gen pou mouri. Men, si yon mechan sispann fè sa ki mal, epi li tanmen mache dwat devan mwen, l'ap fè sa ki byen, si pa egzanp, li renmèt garanti yo te ba li pou lajan li te prete, si l' renmèt sa li te vòlò a, osinon si li sispann fè sa ki mal pou li mache dapre lòd mwen k'ap bay lavi a, li p'ap mouri, se viv pou li viv. M'ap padonnen tout peche li te fè yo. L'ap viv paske l'ap mache dwat devan mwen, l'ap fè sa ki byen. (Ezekyèl 33:14-16)

Benediksyon respè moun

Se pou ou toujou viv byen ak tout moun. Se pou ou toujou gen yon sèl pawòl. Mete pawòl mwen yo nan kou ou tankou yon kolye, kenbe yo nan kè ou pou ou pa janm bliye yo. Si ou fè sa, Bondye va kontan avè ou, lèzòm va nonmen non ou an byen. (Pwovèb 3:3-4)

Benediksyon pwosperite

Moun ki mache dwat ap toujou gen sa yo bezwen an kantite lakay yo. Men, tou sa mechan yo genyen se tèt chaje pou yo. (Pwovèb 15:6)

Benediksyon pou lidè yo

Lè yon chèf pa gen konprann, l'ap peze moun, l'ap fè mechanste. Men, moun ki pa vle wè moun k'ap vòlò ap gouvènen lontan. (Pwovèb 28:16)

Madichon ki rezève pou moun malonèt

Madichon pou yo rayi w/separe w ak Bondye

Nou pa gen dwa gen de kalite pwa nan sakit nou pou pran pèz, yonn ki bon, yonn ki pa bon, ni de kalite mezi lakay nou, yonn ki bon ak yonn ki pa bon. N'a toujou sèvi ak bon mezi, san wete san mete. Se konsa n'a ka viv lontan nan peyi Seyè a, Bondye nou an, ap ban nou an. Paske Seyè a pa vle wè moun k'ap fè bagay konsa, moun k'ap fè lenjistis. (Deteronòm 25:13-16)
(05:7) Ou detwi tout moun k'ap bay manti. Ou pa ka sipòte moun k'ap touye moun, ni moun k'ap twonpe moun. (Sòm 5:6)
Paske Seyè a pa vle wè moun ki deprave. Men, li mete moun ki mache dwat yo nan tout sekrè l' yo. (Pwovèb 3:32)
Gen sis bagay Seyè a pa vle wè. Sa m'ap di la a: Gen menm sèt bagay li pa ka sipòte: se fo temwen k'ap bay manti sou moun, se moun k'ap mete frè ak zanmi dozado. (Pwovèb 6:16, 19)
Seyè a pa vle wè moun k'ap manti. Men, li kontan nèt ak moun ki toujou kenbe pawòl yo. (Pwovèb 12:22)
Lè yon moun ap sèvi temwen nan tribinal, si li fè manti, yo gen pou yo pini l'. Moun k'ap bay manti gen pou mouri. (Pwovèb 19:9)
Wi, mwen te fache anpil sou yo paske yo te gen move lanvi nan kè yo. Mwen te fè kòlè, mwen te pini yo, mwen te lage yo, paske yo t'ap fè tèt di, yo t'ap fè sa yo pi pito. (Ezayi 57:17)
Men se mechanste nou yo ki mete yon bayè ant nou ak Bondye nou an. Se peche nou yo ki fè l' vire figi l' pou l' pa tande nou. San ap koule sou tout dwèt nou. Nou foure men nou nan tout kalite mechanste. Bonjou nou pa laverite. Depi nou louvri bouch nou se kout lang n'ap bay. Lè n' al nan tribinal se pou defann move kòz. Lè n'ap plede, nou bay manti. N'ap di yon bann bagay ki pa laverite. Se move lide ase ki nan tèt nou. Se mechanste ase n'ap fè. (Ezayi 59:2-4)

Madichon pinisyon/jijman

-Madichon pou moun ki deplase bòn tè yon moun pèp Izrayèl parèy li! Tout pèp la va reponn: -Se sa menm! Nou dakò! (Deteronòm 27:17)
(063:12) Men, Bondye ap fè kè wa a kontan. Tout moun ki mete non l' devan va gen kè kontan tou. Men, y'ap fèmen bouch moun k'ap bay manti yo. (Sòm 63:11)
Seyè a pa vle wè moun k'ap manti. Men, li kontan nèt ak moun ki toujou kenbe pawòl yo. (Pwovèb 12:22)
Seyè a pa ka sipòte lide mechan yo gen nan tèt yo. Men, sa fè l' plezi pou l' tande pawòl moun ki san repwòch. (Pwovèb 15:26)
Lè yon moun ap sèvi temwen nan tribinal, si li fè manti, yo gen pou yo pini l'. Pa gen rechap pou moun k'ap bay manti. (Pwovèb 19:5)
Lajan ou fè nan move kondisyon ka dous lè ou fèk genyen l'. Men, apre sa, se tankou ti wòch anba dan. (Pwovèb 20:17)
Wi, mwen te fache anpil sou yo paske yo te gen move lanvi nan kè yo. Mwen te fè kòlè, mwen te pini yo, mwen te lage yo, paske yo t'ap fè tèt di, yo t'ap fè sa yo pi pito. (Ezayi 57:17)
Menm jan chasè yo plen kalòj yo ak zwezo, konsa tou, yo plen kay yo ak sa yo vòlò. Se sa ki fè yo grannèg, yo rich konsa. Yo gra, po figi yo klere ak grès. Yo pa gen limit nan fè sa ki mal. Pou yo ka rive, yo kraze tout moun anba pye yo, ata timoun san papa. Yo pa defann kòz malere. Atò, pou m' pa ta pini yo pou sa? Pou m' pa ta pran revanj mwen sou yon nasyon konsa? Se mwen menm, Seyè a, ki di sa. (Jeremi 5:27-29)
Yo toujou pare pou bay manti. Se metye yo sa. Se sa ki penmèt yo rive vin chèf nan peyi a. Y'ap fè dezaksyon sou dezaksyon. Yo pa konnen m' ankò. Se Seyè a menm ki di sa. Se pou tout moun veye kò yo ak zanmi yo. Pesonn pa ka fè frè yo konfyans. Paske tout frè vle pase devan pwòp frè yo. Tout moun ap bay zanmi yo kout lang. Yo tout ap woule zanmi yo. Pesonn pa di laverite. Y'ap file lang yo pou bay manti. Y'ap touye tèt yo nan fè mechanste. Y'ap fè britalite sou britalite. Y'ap twonpe moun yonn dèyè lòt. Yo derefize rekonèt mwen. Se Seyè a menm ki di sa. Se poutèt sa, men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di: -Mwen pral pase yo nan dife pou m' netwaye yo tankou yo fè l' pou lò. Mwen pral sonde yo. Pèp mwen an fè twòp mechanste. Pou jan yo fè mechanste, se sa m' bliye m' p'ap fè yo. Lang yo tankou ponya wouye. Se manti ase ki nan bouch yo. Lè y'ap pale ak zanmi yo, se bèl pawòl ase ki nan bouch yo. Men nan kè yo, se pèlen y'ap pare pou yo. Atò pou m' pa ta pini yo pou tout bagay sa yo? Atò pou m' pa ta pran revanj mwen sou yon nasyon konsa? Se Seyè a menm ki di sa. (Jeremi 9:3-9)
Mwen pral frape pye m' atè, paske nou vòlò twòp, nou touye moun twòp. Jou m'ap regle avè ou la, ou p'ap gen kouraj pou ou sipòte, ou p'ap menm ka leve bra ou! Se mwen menm Seyè a ki di sa. Sa mwen di m'ap fè a, m'ap fè l'. M'ap gaye tout pèp ou a nan mitan lòt nasyon yo. M'ap mache simaye nou nan peyi etranje yo. M'ap fè nou sispann fè malpwòpte nou t'ap fè nan mitan nou an. (Ezekyèl 22:13-15)
Zotobre yo menm nan lavil la, yo tankou chen mawon k'ap dechèpiye bèt yo touye. Y'ap touye moun pou yo vòlò byen yo. Pwofèt yo kache peche pou chèf yo tankou moun k'ap kouvri yon vye miray ak krepisay. Y'ap fè vizyon ki pa vre. Y'ap bay manti sou sa ki pou rive. Yo pretann se mesaj mwen menm, Seyè a, mwen ba yo, men, mwen pa janm pale ak yo. Nan tout peyi a moun yo lage kò yo nan fè mechanste, nan vòlò zafè moun. Y'ap toupizi pòv malere yo ak moun ki nan malsite yo, y'ap pwofite sou moun lòt nasyon yo san rezon. Mwen chache nan mitan yo yon moun ki ta ka bati yon miray, ki ta ka kanpe kote miray yo ap kraze a, pou pran defans peyi a lè m'a fè kòlè pou m' detwi l', men mwen pa jwenn pesonn. Se konsa, mwen pral move sou yo. Tankou yon dife, mwen pral disparèt yo. Mwen pral fè yo peye pou sa yo fè. Se mwen menm Seyè sèl Mèt la ki pale. (Ezekyèl 22:27-31)
Seyè a di ankò: Chèf peyi Jida yo fè menm bagay ak moun k'ap deplase bòn pou antre sou tè moun. M'ap move sou yo, m'ap vare sou yo tankou lavalas k'ap desann! (Oze 5:10)
Koute byen sa m'ap di nou la a, nou menm k'ap kraze pòv malere yo anba pye nou, nou menm k'ap fini ak malere yo nan peyi a. N'ap plede di: Kilè fèt lalin nouvèl lan va pase pou nou ka vann diri nou? Kilè jou repo a va pase pou nou ka louvri depo nou yo pou nou vann? Lè sa a, n'a moute pri tout bagay, n'a sèvi ak fo mezi, n'a ranje balans yo pou nou ka twonpe pratik yo. N'a pran moun serye ki pa ka peye dèt yo, n'a achte yo pou sèvi esklav. N'a pran pòv malere ki pa gen senk, n'a achte yo pou pri yon pè sapat. N'a vann ata pay diri a pou gwo lajan. Seyè a fè sèman sou tèt li, li menm ki Bondye pèp Izrayèl la: Mwen p'ap janm bliye yonn nan move zak nou fè yo. Se konsa latè pral pran tranble. Tout moun nan peyi a pral pran rele. Tout peyi a pral souke. L'ap moute, l'ap gonfle, apre sa l'ap desann tankou dlo larivyè Nil nan peyi Lejip. Men pawòl Seyè a, Bondye a: Jou sa a, m'ap fè solèy la kouche gwo midi. Fènwa ap tonbe sou peyi a gwo lajounen. M'ap fè nou sispann fè fèt. N'a nan gwo lapenn. M'ap fè nou sispann chante, n'a nan rele. M'ap fè nou mete rad sak kòlèt sou nou. N'a kale tèt nou. M'ap fè nou tonbe nan lapenn tankou moun k'ap kriye pou sèl pitit gason yo ki mouri. Se nan kè sere jounen sa a ap fini pou tout moun. (Amòs 8:4-10)
Lakay moun mechan yo plen byen yo achte ak move lajan! Y'ap sèvi ak fo mamit, bagay mwen pa vle wè. Ki jan ou vle pou m' padonnen bann moun sa yo k'ap sèvi ak move balans, ak fo mamit? Moun rich nan lavil la ap peze pòv malere yo. Yo tout se yon bann mantò: Bonjou yo pa laverite! Se poutèt sa m'ap manyen ak nou. Akòz peche nou yo, m'ap fini ak nou nèt. N'ap manje, men vant nou p'ap janm plen, n'ap grangou toujou. Lè nou konprann se sere n'ap sere pou pita, sa p'ap sèvi nou anyen. Avèk lagè m'ap voye sou nou an, n'ap pèdi tou sa nou te sere a. N'a plante, men se pa nou ki va rekòlte. N'a kraze grenn oliv pou fè lwil, men nou p'ap gen tan sèvi avè l'. N'a kraze rezen fè diven, men nou p'ap gen tan goute ladan l'. Nou pran swiv move mès wa Omri a ansanm ak move bagay wa Akab, pitit gason l' lan, t'ap fè a. N'ap fè menm bagay yo t'ap fè a toujou. Se poutèt sa, m'ap fè malè tonbe sou nou. Tout moun pral rele chalbari dèyè nou. Moun toupatou pral trete nou tankou fatra. (Miche 6:10-16)
Jezi antre nan tanp Bondye a, li chase tout moun ki t'ap vann ak tout moun ki t'ap achte nan tanp lan. Li chavire tab moun ki t'ap chanje lajan yo ansanm ak chèz moun ki t'ap vann pijon yo. Apre sa, li di yo; Men sa ki ekri: y'a rele kay mwen an kay kote pou moun vin lapriyè nan pye m'. Men nou menm, nou fè l' tounen yon kachèt pou vòlè. (Matye 21:12-13)
Jezi antre nan tanp lan, li pran chase tout moun ki t'ap vann yo. Li di yo: Men sa ki ekri: Se pou kay mwen an yon kay kote moun vin lapriyè nan pye m'; men, nou menm, nou fè l' tounen kachèt vòlè. (Lik 19:45-46)

Madichon lanmò/destriksyon

Se paske pèp Izrayèl la peche, yo pa respekte kontra mwen te pase ak yo a ak lòd mwen te ba yo. Yo pran nan bagay pou yo te detwi yo. Yo vòlò yo, yo kache yo, yo mete yo nan zafè pa yo. Moun y'a jwenn avèk bagay la gen pou mouri boule nan dife, ansanm ak tout fanmi l' ak tou sa li genyen, paske li pa respekte kontra Seyè a te pase ak pèp la. Se yon gwo wont pou tout pèp Izrayèl la. Epi Jozye di Akan konsa: -Poukisa ou rale tout malè sa a sou tèt nou? Jòdi a, Seyè a pral fè malè tonbe sou ou! Epi tout moun pèp Izrayèl yo pran wòch, yo kalonnen yo jouk yo touye yo. Yo boule tout bagay yo nan dife. Yo touye tout fanmi l' yo ak bèt li yo ak koutwòch. (Jozye 7:11, 15, 25)
(05:7) Ou detwi tout moun k'ap bay manti. Ou pa ka sipòte moun k'ap touye moun, ni moun k'ap twonpe moun. (Sòm 5:6)
(052:5) Ou pito fè mal pase pou ou fè byen. Ou pito bay manti pase ou di verite. (052:6) Ou renmen di pawòl ki pou fè moun mal, lang vipè! (052:7) Se poutèt sa, Bondye gen pou fini nèt avè ou, l'ap mete men sou ou, l'ap rale ou soti anndan kay ou. L'ap wete ou nan mitan moun ki vivan yo. (Sòm 52:3-5)
Nan chache genyen sa ki pa pou ou, se ou ki lakòz malè rive ou. Se sa menm ki pou rive tout moun ki pa wè pase vòlò. (Pwovèb 1:19)
Mechan yo fin deprave. Y'ap mache bay manti toupatou. Se poutèt sa, y'ap rete konsa y'ap fini, y'ap glise tonbe san yo p'ap ka leve ankò. (Pwovèb 6:12, 15)
Manti la pou yon ti tan. Men, verite la pou tout tan tout tan. (Pwovèb 12:19)
Moun k'ap mache bay manti pou fè lajan ap kouri dèyè van. Se lanmò y'ap chache. (Pwovèb 21:6)
Lè ou simen lenjistis, ou rekòlte malè. Ou rete konsa sak te fè ou gen gwo kòlèt la disparèt. (Pwovèb 22:8)
Pa pran ti sa pòv la genyen an paske se pòv li ye. Pa pwofite sou ti malere yo nan tribinal. Se Seyè a ki va plede kòz yo pou yo. L'a touye moun ki vòlò malere sa yo. (Pwovèb 22:22-23)
Men ou menm, yon sèl bagay ou wè, yon sèl bagay ou konnen, se enterè pa ou ase. Se konsa w'ap touye inonsan. W'ap maltrete pèp la, w'ap maspinen l'. Se Seyè a menm ki di sa. Se konsa, men mesaj Seyè ki gen tout pouvwa a bay sou Jojakim, pitit Jozyas, wa peyi Jida a: -Lè l'a mouri, p'ap gen pesonn pou kenbe rèl la ak moun pa l' yo. P'ap gen pesonn pou kriye pou mèt yo, wa yo. Y'ap antere l' tankou chen. Y'ap trennen kadav li, y'ap voye l' jete byen lwen lòt bò pòtay lavil Jerizalèm. (Jeremi 22:17-19)
Si nonm sa a ta rive fè yon pitit ki soti yon lwijanboje, ki renmen mete san moun deyò, epi k'ap mache fè tou sa papa l' pa janm fè: l'ap manje nan manje yo ofri bay zidòl sou tèt mòn yo, l'ap kouri dèyè madanm lòt moun pèp Izrayèl parèy li, l'ap toupizi pòv malere yo ak moun ki nan malsite, l'ap vòlò, li p'ap renmèt garanti moun te ba li pou lajan li te prete yo, l'ap fè sèvis pou zidòl, l'ap fè vye bagay derespektan, l'ap bay ponya, li pran enterè pou lajan li prete, yon nonm konsa pa fèt pou viv. Non, li pa gen dwa viv lè li fin fè tout vye bagay derespektan sa yo. Se sèten l'ap mouri. Se li menm k'ap pote chay tou sa li fè. Papa l' pou bò pa l' te fè mechanste, li vòlò frè parèy li, li pa janm fè byen pou pesonn. Se li menm k'ap mouri poutèt tou sa li fè ki mal. (Ezekyèl 18:10-13, 18)
Konsa tou, yon nonm yo te rele Ananyas ak Safira madanm li vann yon tè yo te genyen. Men, dakò ak madanm li, Ananyas kenbe enpe nan lajan an pou li, epi li al renmèt apòt yo rès la. Lè sa a, Pyè di li: Ananyas, ki jan ou fè kite Satan antre nan kè ou pou l' fè ou bay Sentespri manti, pou l' fè ou kenbe enpe nan lajan tè a pou ou? Anvan ou te vann tè a, se pa pou ou li te ye? Apre ou te fin vann li, tout lajan an te pou ou, pa vre? Ki jan ou fè mete nan tèt ou pou fè yon bagay konsa? Se pa moun ou bay manti non. Se Bondye ou twonpe. Lè Ananyas tande pawòl sa yo, li tonbe, li mouri frèt. Tout moun ki tande nouvèl la te pè anpil. Men, kèk jenn gason vini, yo vlope kò a; yo pran l', y' al antere li. Twazèdetan apre, madanm Ananyas, ki pa t' konn sak te rive, vin antre. Pyè mande li: Di mwen, èske se pou pri sa a nou te vann jaden an? Li reponn: Wi, se pou pri sa a. Lè sa a, Pyè di li: Poukisa, ou menm ak mari ou, nou fè konbinezon sa a ansanm pou n' chache pran Lespri Bondye a nan pèlen? Koute: Moun ki antere mari ou la, men yo la nan papòt la. Yo pral pote ou ale, ou menm tou. Menm lè a, li tonbe atè nan pye Pyè, li mouri frèt. Jenn gason yo antre, yo jwenn li mouri. Yo pran l', y' al antere bò kot mari li. (Travay 5:1-10)

Madichon sou fanmi an

Moun k'ap kouri dèyè lajan, se traka y'ap chache bay fanmi yo. Men, moun ki refize kite yo achte l' ap viv lontan. (Pwovèb 15:27)
Se poutèt sa m'ap pran madanm yo bay lòt moun. M'ap pran jaden yo bay moun k'ap anvayi peyi yo a. Paske yo tout, gran kou piti, ap fè akrèk dèyè lajan. Ni pwofèt yo, ni prèt yo, yo tout ap twonpe pèp la pou fè lajan. (Jeremi 8:10)
Ala mal sa pral mal pou moun ki kouche nan kabann yo ap fè move plan, k'ap kalkile mechanste yo pral fè! Kou jou kase, premye okazyon yo jwenn, yo fè sa yo t'ap kalkile a, paske yo gen pouvwa nan men yo. Yo anvi yon jaden, yo pran l'. Yo anvi yon kay, yo antre kareman, yo pran l'. Yo maltrete mèt kay la ak tout fanmi l'. Yo bat moun yo, yo pran tout byen yo. Se poutèt sa, men sa Seyè a di: M'ap pare yon malè pou nou. Nou yonn p'ap chape. Nou p'ap ka gonfle lestonmak nou sou moun ankò, paske sa pral rèd pou nou. (Miche 2:1-3)

Madichon sou byen yo

Men li menm, li toujou ap twonpe mwen. Li chanje lide dis fwa lè lè a rive pou li peye m'. Men, Bondye pa janm kite l' fè m' anyen. Se Bondye menm ki pran bann bèt papa nou yo, li ban mwen yo. (Jenèz 31:7, 9)
Byen ou rive fè nan move kondisyon p'ap rapòte ou anyen. Men, lè ou serye, ou sove lavi ou. (Pwovèb 10:2)
Lajan ou fè fasil pa lwen fini. Lajan ou fè nan di ap toujou fè pitit. (Pwovèb 13:11)
Y'ap pran kay yo ansanm ak jaden yo ak madanm yo bay lòt moun. Mwen pral pini moun ki rete nan peyi a. Se mwen menm Seyè a ki di sa. Yo tout, gran kou piti, ap fè akrèk dèyè lajan. Ni prèt yo ni pwofèt yo, yo tout ap twonpe pèp la pou fè lajan. (Jeremi 6:12-13)
Moun k'ap fè mal pou yo ka rive rich, yo tankou zwezo k'ap kouve ze yo pa t' ponn. Yo poko parèt, y'ap pèdi tou sa yo te genyen. Anvan yo mouri, yo gen tan pèdi tèt yo. (Jeremi 17:11)
Seyè a di: Nou menm moun lavil Siyon, leve non! Foule lènmi nou yo anba pye nou! M'ap ban nou fòs, n'ap tankou towo bèf ki gen kòn ak zago fè. N'ap kraze anpil nasyon an miyèt moso. N'a pran tou sa yo genyen ansanm ak tout richès yo, n'a ofri yo ban mwen, mwen menm Seyè a, ki mèt tout latè. (Miche 4:13)

Madichon ògèy

Lè ou simen lenjistis, ou rekòlte malè. Ou rete konsa sak te fè ou gen gwo kòlèt la disparèt. (Pwovèb 22:8)

Madichon sou moun ki anba yon lidè

Lè yon chèf renmen tripotay, se mechan ase k'ap sèvi avè l'. (Pwovèb 29:12)

Madichon pou letènite

Men, pou moun ki lach yo, moun ki pa kenbe pawòl yo, ansasen yo, bann moun deprave yo, moun k'ap fè maji yo, moun k'ap adore zidòl ansanm ak moun k'ap bay manti, plas yo se nan letan dife ak souf k'ap boule a yo ye. Se sa yo rele dezyèm lanmò a. (Revelasyon 21:8)
Men, anyen ki pa bon pou sèvis Bondye p'ap antre nan lavil la. Ni yo p'ap kite moun k'ap fè bagay ki bay degoutans, moun k'ap bay manti, mete pie yo nan lavil la. Moun ki va antre nan lavil la, se sèlman moun ki gen non yo ekri nan liv ki nan men ti Mouton an, liv ki gen non moun ki gen lavi a. (Revelasyon 21:27)
Men, mete nou deyò, bann chen, nou menm moun k'ap fè maji, moun k'ap fè imoralite, ansasen, moun k'ap sèvi zidòl, ansanm ak tout moun ki pa renmen verite a men ki pito bay manti. (Revelasyon 22:15)

Madichon an jeneral

-Madichon pou moun ki deplase bòn tè yon moun pèp Izrayèl parèy li! Tout pèp la va reponn: -Se sa menm! Nou dakò! (Deteronòm 27:17)
Lajan ou fè nan move kondisyon ka dous lè ou fèk genyen l'. Men, apre sa, se tankou ti wòch anba dan. (Pwovèb 20:17)
Madichon pou lavil ki renmen fè san koule a! Se manti ase l'ap mache bay. Li plen richès li vòlò nan fè mètdam. Li chaje ak byen li piye kay lòt. (Nawoun 3:1)

Jan moun panse Bondye pa pini malonètete

Poukisa Bondye ki gen tout pouvwa a pa fikse yon dat pou li jije tout moun, yon jou pou li rann tout moun k'ap sèvi l' yo jistis? Mechan yo deplase bòn tè moun. Yo vòlò mouton lòt moun, mete ansanm avèk bann mouton pa yo. Nan lavil yo, ou tande moun k'ap mouri yo ap plenn. Ou tande moun ki blese yo ap rele anmwe. Men, Bondye fè tankou li pa tande yo. (Jòb 24:1-2, 12)

Lajan anba tab

Moun bay lajan anba tab

Lajan anba tab mache

Moun ki sèvi ak lajan pou pran tèt moun konprann lajan se wanga. Yo kwè se pou yo reyisi nan tou sa y'ap fè. (Pwovèb 17:8)
Lè yon moun fache sou ou, si ou ba li yon kado an kachèt, w'a fè l' vin frèt. Wi, yon kado glise nan pòch li ap kase fe l'. (Pwovèb 21:14)

Mechan yo bay lajan anba tab

Pa trete m' menm jan ak moun k'ap fè sa ki mal. Pa detwi m' ansanm ak sanginè yo, ansanm ak moun sa yo k'ap fè krim tout tan, ki toujou pare pou achte bouch moun. (Sòm 26:9-10)
Malveyan pran lajan nan men moun pou enpoze jistis fèt. (Pwovèb 17:23)

Egzanp moun ki te bay lajan anba tab

Men yo pa t' swiv egzanp papa yo. Yon sèl bagay ki te enterese yo se te fè lajan. Yo te konn pran lajan sou kote nan men moun pou regle zafè pou yo. Yo t'ap fè patipri. (1 Samyèl 8:3)
Chèf nou yo leve vire do bay Bondye. Yo fè bann ak vòlò yo! Tout moun cho dèyè avantaj pa yo. Y'ap kouri dèyè moun k'ap bay lajan. Yo pa defann kòz moun ki san papa yo. Lè yon fanm san mari nan ka, yo pa gade l' menm. (Ezayi 1:23)
Yo tout pase mèt nan fè sa ki mal ak de men yo. Chèf yo ap fè egzijans. Jij yo ap mande lajan anba pou regle zafè pou moun. Grannèg yo menm mande sa yo vle. Se konsa yo tout yo fè yon sèl bann ansanm. (Miche 7:3)
Antan medam yo te nan wout toujou, nan gad ki t'ap veye kavo a te genyen ki te gen tan tounen lavil la, yo rakonte chèf prèt yo tou sa ki te rive. Lè sa a, chèf prèt yo reyini ak chèf fanmi yo, yo fè plan yo ansanm. Yo bay sòlda yo yon gwo lajan. Epi yo di yo: Se pou nou di se disip li yo ki te vin vòlò kò a pote ale lannwit antan nou t'ap dòmi. Si pawòl la tonbe nan zòrèy gouvènè a, n'a konnen ki jan pou n' pale avè l' pou nou menm, gad yo, nou pa nan traka. Sòlda yo pran lajan an, yo fè jan yo te di yo fè l' la. Se konsa, popagann sa a gaye pami jwif yo jouk jounen jòdi a. (Matye 28:11-15)
Men, lè Pòl pran pale sou jan moun dwe viv byen, sou jan moun dwe kontwole kò yo, sou jou jijman ki gen pou vini an, Feliks soti pè, li di: Bon, koulye a ou mèt ale. Lè m'a gen tan m'a rele ou ankò. Li te mete nan tèt li Pòl ta ka ba li lajan. Se poutèt sa plizyè fwa li te fè l' vin koze avèk li. (Travay 24:25-26)

Kòmandman pou pa patisipe nan lajan anba tab

Lè n'ap sèvi temwen nan yon kòz, pa pran lajan anba nan men moun, paske lajan konsa bouche je nou, li fè nou pa wè kote jistis la ye. Li fè moun ki pa antò a pèdi kòz li. (Egzòd 23:8)
Piga yo fè ankenn lenjistis. Piga yo gade sou figi moun pou jije yo. Piga yo pran lajan anba nan men pesonn paske lajan konsa ka anpeche menm moun ki gen konprann wè klè, li ka fè nou kondannen moun inonsan. (Deteronòm 16:19)

Lajan anba tab konwonpi

Lè yon moun ki gen bon konprann ap sibi move trètman, sa ka fè l' pèdi tèt li. Lajan sou kote fè l' pèdi karaktè l'. (Eklezyas 7:7)

Egzanp Seyè a ki pa pran lajan anba tab

...paske Seyè a, Bondye nou an, se li menm ki Bondye anwo tout bondye, se li menm ki chèf sou tout chèf. Li gen pouvwa, li gen fòs, li fè moun respekte l'. Li pa nan paspouki, li pa kite yo achte figi l' avèk kado y'ap ofri ba li. (Deteronòm 10:17)

Lidè yo pa ka pran lajan anba tab

Se pou nou gen krentif pou Seyè a. Veye zo nou nan tou sa n'ap fè, paske Seyè a, Bondye nou an, pa tolere lenjistis ak patipri. Li pa nan pran kado nan men moun pou fè pa yo. (2 Istwa 19:7)
Lè yon wa pa nan patipri, peyi a kanpe byen fèm. Men, depi yon chèf nan resevwa lajan sou kote, se fini l'ap fini ak peyi a. (Pwovèb 29:4)

Egzanp moun ki pa t pran lajan anba tab

Koulye a, men mwen! Se pou nou di m' devan Seyè a, devan wa li chwazi a, sa mwen janm fè nou. Eske mwen janm pran bèf osinon bourik yonn nan nou? Eske mwen janm pwofite sou pesonn? Eske mwen janm aji mal ak pesonn? Eske mwen janm pran lajan nan men pesonn pou m' kache anyen pou li? Si mwen janm fè bagay konsa, m'ap renmèt sa m' te pran an. Pèp la reponn: -Ou pa janm aji mal ak nou. Ou pa janm pwofite sou nou ni ou pa janm pran lajan nan men pesonn. Samyèl di yo: -Jòdi a, Seyè a ansanm ak wa li chwazi a temwen nou pa jwenn anyen pou nou repwoche m'. Pèp la reponn: -Seyè a temwen! (1 Samyèl 12:3-5)
Eske m' te mande nou pou nou fè m' kado kichòy? Osinon pou nou fè yon moun kado pou mwen nan sa nou genyen? (Jòb 6:22)

Benediksyon ak madichon

Moun ki bay lajan anba tab yo modi

-Madichon Bondye pou moun ki asepte lajan pou touye yon inonsan! Tout pèp la va reponn: -Se sa menm! Nou dakò! (Deteronòm 27:25)
Men, nou lage moun ki koupab yo pou lajan. Nou pa kite moun k'ap mache dwat yo jwenn jistis. (Ezayi 5:23)
Genyen k'ap touye moun pou lajan. Gen lòt ankò k'ap bay frè parèy yo ponya, y'ap mande yo enterè pou lajan yo prete yo. Y'ap pran tou sa frè parèy yo genyen pa fòs. Men mwen menm, yo bliye m'. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa. Mwen pral frape pye m' atè, paske nou vòlò twòp, nou touye moun twòp. Jou m'ap regle avè ou la, ou p'ap gen kouraj pou ou sipòte, ou p'ap menm ka leve bra ou! Se mwen menm Seyè a ki di sa. Sa mwen di m'ap fè a, m'ap fè l'. M'ap gaye tout pèp ou a nan mitan lòt nasyon yo. M'ap mache simaye nou nan peyi etranje yo. M'ap fè nou sispann fè malpwòpte nou t'ap fè nan mitan nou an. (Ezekyèl 22:12-15)
Nou fin peze pòv malere yo, nou fòse yo ban nou nan rekòt jaden yo. Se poutèt sa, nou p'ap rete nan bèl gwo kay an wòch nou bati yo, ni nou p'ap bwè diven ki fèt ak rezen ki soti nan bèl jaden nou te plante yo. Mwen konnen tou jan peche nou fè yo gwo anpil, jan se pa de ti krim nou pa fè. Nou pèsekite moun serye. Nou pran lajan nan men moun k'ap achte figi nou. Nou enpoze pòv malere yo jwenn jistis nan tribinal. (Amòs 5:11-12)
Moun ap achte chèf yo ak lajan. Prèt yo menm ap esplike lalwa a pou lajan. Ata pwofèt yo ap fè prediksyon pou lajan tou. Yo tout yo pretann di Seyè a avèk yo. Y'ap di: O wi, anyen p'ap rive nou! Seyè a bò kote nou! Se konsa, n'ap lakòz peyi Siyon an pral tankou yon jaden y'ap raboure. Jerizalèm ap tounen mazi. Gwo pyebwa pral kouvri tout mòn kote tanp lan ye a. (Miche 3:11-12)

Moun ki pa bay lajan anba tab yo beni

Se yon sòm David. Seyè, ki moun ki ka rete lakay ou a? Ki moun ki ka viv sou mòn ki apa pou ou a? Li prete moun san mande enterè. Li p'ap pran lajan anba pou l' bay manti sou moun ki inonsan. Moun ki fè bagay sa yo p'ap janm tonbe! (Sòm 15:1, 5)
Moun k'ap kouri dèyè lajan, se traka y'ap chache bay fanmi yo. Men, moun ki refize kite yo achte l' ap viv lontan. (Pwovèb 15:27)
Moun k'ap chape, se moun k'ap mache dwat yo, moun ki pa nan bay manti, moun ki pa sèvi ak pouvwa yo pou pwofite sou lòt moun, moun ki pa asepte lajan sou kote, moun ki pa dakò ak moun k'ap fè plan pou fè mechanste, moun ki pa mele ak moun k'ap fè sa ki mal. Se moun konsa ki pral rive nan lavi. Tankou yon moun ki nan yon gwo fò byen wo, anyen p'ap rive l': l'ap toujou jwenn manje pou l' manje ak dlo pou l' bwè. (Ezayi 33:15-16)